Se Te Yon Rèv, Tè Saaa…

Se Te Yon Rèv, Tè Saaa…

Lòt jou mwen tap mache nan yon chimen byen long

Mwen kontre yon nègès ak tèt mare, bèl zong

Li gen je tamaren, dan blan, jansiv vyolèt

Li te tankou yon Rèn ki prale nan yon fèt

Mwen pwoche bò kote’l, mwen di’l: Lizay sou ou!

Kè mwen te bat anpil lò’l reponn mwen: Bonjou

Yon ti zanj sou latè, enben se te manmzèl

Lò fanm sa ri ban mwen mwen anvi pouse zèl

Mwen di li: Bèl Nègès, di mwen koumanw rele,

Ki kote ou soti, ki kote ou prale?

Bèl fanm nan te reponn: Yo relem Hayti

M’se tokay ADONAÏ, anba chenn mwen soti

Mwen wè pitit mwen yo te fin pèdi lespwa

Pandan mwen tap soufri anba zago fè nwa

Jodi a se jou pam pou’m twaze lamizè

Listwa mwen pap pase tankou yon flè dizè

Annavan pitit mwen! Ou pral wè bèl mèvèy

Anba tonèl lakay, pral gen anpil solèy

Haysyen pral bwè dlo nan menm sous lajistis

E nou déjà genyen sekirite gratis

Li mennenm yo kote, lòm rive mwen wè mouuun!

Mwen wè fanm kou gason, gen gran moun kou ti moun

Tankou yon gwo boukan, lalin nan te klere

Zetwal yo tap chante: Hayti libere

Malere ak boujwa ap manje sou menm tab

Sou gran chimen, ti wouj ak ti nwa ap jwe mab

Haysyen dyaspora yo fè yon sèl bagay

Yo mare pakèt yo, yo tout tounen lakay

Yo soti toupatou, tout moun fè yon konbit

You tounen nan avyon, nan bato sou lanmè

Mwen wè Amoreyen, Edomit, Amonit

Avèk tout Filisten anglouti nan lanmè

Zansèt yo reveye, Tousen ap bat tanbou

Boukman ap jwe tchatcha, Kristòf ap jwe vaksin

Kapwa avèk Mackandal ap soufle banbou

Katrin Flon, Dede Bazil avèk Desalin

Ap chante: “An’n sispann koupe tèt-boule kay,

An nou met tèt ansanm, pou’n rebati lakay

Avèk YEHOSHUA. An’n pran kouto digo’n

Pou nou travay latè avèk djakout sou do’n

An’n pran wou’n ak pikwa’n, sèpèt e latriye

Nan respè youn pou lòt. Jodi a, n’sèmante

Tankou Tayinòs avèk Jwif pou nou’n viv an pè

Limyè nou ap klere tout nanchon sou latè”

Mwen wè senk Kasik yo avèk yon bann samba,

Yap chante areytos kay Anacaona

Nan lakou Leyoga’n. Mwen wè Caonabo

Kap danse areytos, mwen di Ayibobo!

 

Mwen vanse pi douvan, lòm wè Adan ak Èv

Nan dòmi mwen pantan, mwen wè se te yon rèv

Mwen tap fè avanyè kap vinn reyalite

Listwa konen Tè saaa…kòm Manmam Libète

Garry Monfort DELCY

2 Comments

  1. I say a Big “THANK YOU” to Headmaster of Boukan News for having published my poem, suggested by my friend and brother, Antonio Rival. I am very happy about that, and I wish to the Staff of Boukan News the best in your good work ethic.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *