SANITÉ BÉLAIR, YON FANM VANYAN MODEL PEYI DAYITI

BOUKAN NEWS, 12/30/2025 – Sanité Bélair, vrè non li Suzanne Bélair (1781–1802), se te yon ansyen esklav yo te libere(affranchir) ki vin tounen yon revolisyonè ak ofisye nan lame Tousen Louvèti pandan Revolisyon ayisyèn nan. Suzanne, yo te plis konnen li sou tinon Sanité, se te yon fanm lib ki fèt nan Vèrèt an 1781. An 1796, li marye ak Charles Bélair, neve Tousen Louvèti, èd-de-kan ak lyetnan li, ki te rasanble ak jeneral Sen Domeng Maynaud ansanm ak Repiblik fransèz la.
Li patisipe aktivman nan Revolisyon ayisyèn nan, epi li vin sèsjan, apre sa lyetnan, nan lame Tousen Louvèti, pandan konfli kont twoup fransè ekspedisyon Sen Domeng lan.
Sanité Bélair pouse mari li pran pozisyon bò kote endepandantis yo.
Nan mwa out 1802, Sanité Bélair ak mari li, Charles Bélair, patisipe nan batay nan mòn Vèrèt kont ekspedisyon napoleonyèn jeneral Leclerc t ap dirije, ki te vini pou retabli esklavaj nan koloni Sen Domeng lan. Yo rele frè yo pran zam, epi yo rasanble tout popilasyon Latibonit la bò kote yo. Konsa, fanm yo patisipe tou nan soulèvman an ak nan batay ame yo. Sanité Bélair montre li se te yon gèryè redoutab; li te konn sevè, san konpwomi. Gras ak kouraj ak angajman li, yo te konsidere li kòm nanm konplo a.
Okòmansman, yo jwenn kèk siksè: yo pran kontwòl wotè Latibonit yo ansanm ak yon pati nan twoup kolonyal ki te sou lòd jeneral Charles Victoire Emmanuel Leclerc, men ki te vin rasanble ak ensije yo. Leclerc voye Jean-Jacques Dessalines kont yo, ni pou mete li an difikilte devan Ayisyen yo, ni pou pwoteje pwòp twoup pa li. Dessalines pati ak entansyon pou l te rasanble ak rebèl yo si li te jwenn yo solid, men lè li rive, li jije ke rebelyon koup Bélair la te twò bonè. Anplis, anbisyon yo pou pran kòmandman an chèf la te ka fè kòz la echwe.
Ensije Sans-Souci yo oblije kache nan bwa. Sanité Bélair tonbe nan men fransè yo. Pou eseye sove madanm li, Charles Bélair rann tèt li kòm prizonye. Yo voye yo Okap, chaje ak chenn. Sis (6) èdtan apre yo rive Okap, yo mete sou pye yon komisyon militè, ki te konpoze nèt ak Nwa ak milat, anba prezidans Clervaux, pou jije yo. Yo akize Sanité Bélair, pami lòt bagay, dèske li ta asasinen yon jèn blan yo te sispèk kòm espyon. Jij yo pa ezite twonpe mefyans advèsè yo lè yo sakrifye piblikman youn nan pa yo: Sanité ak Charles Bélair kondane a lanmò ak inanimite. Komisyon militè a kondane Charles Bélair pou yo fizye li, akoz grad li, epi Sanité Bélair, kòm fanm, pou yo koupe tèt li.
Jou ekzekisyon an, 5 oktòb 1802, Sanité Bélair, ki te vle mouri tankou yon sòlda, egzije pou yo fizye li tou. « Malgre tout efò bouwo a, li pa t ka fè li bese tèt li sou bilòt la. Ofisye ki t ap dirije detachman an te oblije fè yo fizye li. »
Sanité Bélair konsidere kòm youn nan kat (4) eroyin ki pi senbolik nan endepandans Ayiti an 1804, ansanm ak Catherine Flon, Cécile Fatiman ak Dédée Bazile.
An 1942, Sanité Bélair vin eroyin de (2) pyès teyat ki te jwe Pòtoprens: youn, yo pa janm jwenn li ankò, pa Olivia Rosemond-Manigat; lòt la, pa Jeanne Perez, L’héroïsme de Sanité Bélair, ki te pibliye lakay edisyon La Semeuse.





