Sa nou tire, nan dyalòg ak paran nou!

Sa nou tire, nan dyalòg ak paran nou!

Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 12/04/2022 – Lèm gade tèt mwen ak tout antouraj mwen, mwen poze tèt mwen kesyon sa yo: Èske l nòmal pou se konsa mwen ye? Sa mwen fè pou se santans sa lavi a rezève pou mwen?

Èske se malediksyon k ap frape m konsa?
Èske mwen pa yon moun tankou tout lòt moun yo? Mon existence est due à quoi?
Epi mwen vire, mwen tounen. Apre yon ale vini nan lespri m. Mwen ap eseye chache konprann, sa ki kapab lakòz se sa ki Santans mwen. Se konsa rezilta pa mwen tonbe.
Mwen se pitit sòyèt. Manman ak papa m pa notab nan sosyete kote yo leve y’a. Se yo menm ki te blije goumen ak lavi pou wè kouman yo te ka retire tèt yo anba dlo.
Malgre anpil jefò, yo pran anpil pataswèl sou chemen lavi. Men pat gen mwayen pou yo te jwenn plis posiblite, plis opòtinite. Men yo reziste.
Yo te toujou di m, pitit mwen pa janm chanje fèy pyas la pou mounen. Lè mwen mande yo kisa pawòl sa vle di, yo te konn reponn mwen konsa: « kelkelanswa move pass wap travèse nan lavi, genyen kèk koze pou w pa janm tante fè, alewè pou w ta rive ladan yo.
Mwen mande e kisa yo ye: E yo te repon n mwoin konsa: Pa janm gen tantasyon sou zafè moun ( pa vòlò). Pa janm trayi fanmi w, zanmi w, pa janm denonse moun pou w ka parèt pou pi bon devan chef ak devan lòt moun.
Yo te kontinye pou di: Toujou konnen pi gwo fason pou w reyisi lavi w, se aprann lekòl pou w kapab rive genyen konesans pou w aprann kichòy k ap pèmèt ou defann lavi w ak lavi fanmi w. Epi tou, toujou kiltive lespri pataj. Paske depi w konn pataje, lè w pa espere wap resevwa.
Granmoun yo te konn di m tou, pitit mwen sosyete sa wap evolye ladan l lan, se yon sosyete miwo, miba. Yon sosyete ki trete moun dapre orijin sosyal ou. Kiyès ki te manman ak papa w? Ki plas paran ak paran w yo te genyen. Epi tou yo gade ki koulè po w ak ki fòm cheve w genyen.
Konsa, ou gen anpil jefò pou w fè pou w parèt tèt ou. Ou soti andeyò. Ou se pitit sòyet. Ou pa konn moun yo. Ou pa pale langaj yo. Ou pa konn kòd yo.
Sèl zam ou genyen se konpòtman w, entèlijans ou, ak kapasite w pou w montre ou konprann nan ki « jungle » ou ye. Epi tou kouman ou pral marye entèlijans sa pou idantifye tout lòt moun ki menm jan ak ou pou ansanm nou chita pou n wè kouman pou chanje mòd lavi sa ki fè gran paran ak paran nou yo pat genyen plas yo nan sosyete a. E nou menm tou, si nou rete ap gade malgre tout jefò, malgré tout prensip paran yo ba nou, nou kapab kontinye viktim menm koze yo.
Se sosyete sa pou tout moun ki menm jan ak mwem yo, paran nou te gen chans fè menm koze sa yo ak nou dwe fè tout sa konnen, dwe envesti tout bon nan batay pou nou chanje l. Pou n rive nan objektif sa, n ap gen pou nou itilize tout materyo yo te konn pataje ak nou lè nou reyini nan lakou fanmi yo.
Marcel P Mondesir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *