Revèy pèp la ba zot yo kè sote!
•Se lè w nan malè pou konn si w gen bon zanmi._
•Men anpil chay pa lou._
•Yon sèl dwèt pa manje kalalou._
•Plis nou plis, plis nou pi fò!_
•Kalite plis kantite ansanm egal bon rezilta._
•Inite vizyon ak aksyon byen defini se chemen pou bon rezilta nan batay yon pèp la.
Boukan News, 09/27/2023 – Tout sa nou di anwo la pou nou kòmanse tèks la, se yon seri pawòl grandèt toujou konn ap repete pou montre wout, pou fè konprann, nou menm Ayisyen, nou genyen enstriman, materyo ki pou ede nou kase tout chenn tout kote ki antòtye nou nan moman nou deside tout bon di “Fòk sa chanje nan peyi Dayiti ”. Pou repete Pap Jean Paul II, jou 9 mas 1983 nan Ayewopò François Duvalier, devan pitit tig la ki te kwè li se tig tou. Konsa, anyen pa kapab rive l. Li te panse katedral li ya pa tap kapab souke alewè tonbe.
Konfyans nan mitan pèp k ap mennen batay dapre volonte ak detèminasyon l pou rache epi fè respekte diyite L se tankou Goudougoudou pwisans 9 pou lènmi menm lè yo itilize tout mwayen modèn ak ilegal pou fè entimidasyon, pou fè denigreman, pou fè presyon.
Yon lòt fwa Ayisyen ki soti nan towo Mackandal pase nan Boukman pou rive jwenn ak Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines, Sanite Belair, Catherine Flon ak tout lòt yo, nan konstriksyon kanal sou rivyè Masak la, yon resous natirèl ki tou se limit pou 2 peyi yo Ayiti ak Repiblik dominikèn, “bay lemond antye pi gwo leson Inite ak detèminasyon nan 21ième syèk la”.
Se menm materyo sa yo ki pèmèt tou frè ak sè nou yo sou kontinan Afriken an kòmanse souke kò yo pou yo kase tout chenn ki kenbe yo nan lesklavaj modèn ke loksidan ak newokolon yo mete yo.
Wi batay pou nou konstwi kanal sou rivyè Masak la, malgre enpètinans, malgre entimidasyon prezidan Luis Abinader, se menm batay pèp Afrik yo ak lidè Panafrikanis yo kòm bousòl ap mennen, sitou sila yo ki anba dominasyon peyi Lafrans yo.
Enperyalis la nan zòn Amerik la ak meriken nan tèt, apre tout sa li fin fè nou, apre jan li kite tout kalte bandi redwi nou tankou anyen, etone wè nou tout prèske fè youn pou nou konstwi kanal, ki pral pote dlo rivyè masak la, menm sou san nou.
Desizyon prezidan Luis Abinader pran kont peyi ya ansanm ak pitit li yo se gazolin pou fè motè diyite, Inite ak mobilizasyon an mache ak yon vitès okenn espesyalis pat kapab prevwa.
Enperyalis yo, newokolon yo ki ap tire fisèl jwèt pa bò isit yo tankou:
1.Politisyen san konviksyon yo,
2.flibistye ki nan tout vye rakèt ak trafik sal yo fè lajan plis
3.Entèlektyèl envètebre yo pèdi,
Yo pa konn ki fo mannèv pou yo fè pou kase gwo mouvman revèy sa, pou kase aksyon solidarite nasyonal sa.
Se menm atitid sa, menm konpòtman revèy konsyans sa k ap fè chemen li nan zòn Afrik la. Yon kontinan, dapre anpil espesyalis, se lavni limanite sou plan pwogrè ak bonè pou sa li genyen kòm resous Moun ak natirèl. Nan 30 ak 50 lane ki ap vini la, fòs jenès limanite ap chita sou kontinan Afrik la.
Yon lòt kote, ak devlopman teknolojik lemond pran la, resous ki pi adapte pou pèmèt devlopman sibènetik la fè chemen l chita sou kontinan Afriken an.
Jodia soulèvman ki kòmanse nan kèk peyi Afrik ak sèten dirijan ki nan pawòl yo ak konpòtman yo vle koupe fache ak loksidan ewopeyen, ki nan falsifye listwa, fè tèt yo pase pou premye sivilizasyon, fè nou konprann depi genyen dirijan/avangadis ki dakò fè sakrifis pou fonn yo, san fo sanblan, san opòtinis men ak imilite epi sajès, pa gen miray Chin ki pa kapab tonbe. Tout katedral yo kapab souke epi tonbe.
Depi w vle ou kapab. Diskou anpil delegasyon nan 78ième Asanble jeneral Nasyonzini an, gran Mès mondyal la montre sa. Mesaj sèten prezidan ak Premye minis nan kontinan Afrik la ak Amerik latin la fè konnen mond enjis, mond 2 pwa 2 mezi sa, mond inik sa pa fouti rive pi lwen. Esklavaj la, newokolonizasyon an, timounizasyon an fini. Nou wè anba yo!
Kadav nan lanmè Karayib, nan Atlantik la ak nan Meditèrane yo se pa ni volonte ak chwa pèp yo men pito rezilta esplwatasyon san koutya kapitalis mondyalize a ki ap fini ak resous moun e resous natirèl lakay nou.
Moman rive pou lòt mond nan akouche. E nou ap fè li akouche menm “au forceps”.
Yo te soti an Afrik ak nou Ayisyen pou yo te kapab mete men sous resous nou yo bò isit. Nou te kase chenn nan pou n te rache Libète nou.
Nan tan modèn nan, kapitalis la, newo kolon yo ak tyoul lakay toujou pran nou pou kobay, pou eseye, teste tout politik destriksyon san okenn konpasyon. Nou toujou devye plan yo. N ap kontinye devye plan yo. Fwa sa nou ap akonpaye “Alma mater”/Afrik nan batay pou ansanm nou kase chenn nan. Loksidan ansanm ak tout enstriman dominasyon l yo (ONU, Bank Mondyal, FMI, UE, OIF…) ak tout sikisal yo fenk kòmanse espante.*
Pèp detèmine ak avangad eklere epi dezenterese pa janm pèdi batay. Nou se lavni limanite. Lòt mond lan ap fèt ak nou e pou nou tou.
Marcel Poinsard Mondésir, agwonom






