Relasyon Ayisyen, nan dyaspora ak Ayiti, nan jesyon tan!

Massachussetts, USA, 01/10/2022 – Kisa tan vle di pou nou?
Onè Respè pou ou! Li 4è di maten. Pou anpil nan nou, sitou sila yo ki nan bitasyon yo, se chan kòk la, kokoriko ki reveye yo. Sèten lòt, sila yo ki nan Vil yo se klòch legliz la ki fè yo konnen asosye li jou, fòk ou leve.
Genyen nan nou se vwa dam misyonè y’a, vwa predikatè y’a nan yon mikwo graj paske pil yo ap fini ki fè yo sote nan kabann nan epi yo kouri leve.
Tou kòm sè ak frè nou ki nan dyaspora yo menm, lontan yo te blije bay rèvèy la chenn, mete l sou yon lè fiks, kounye y’a se telefòn nan yo pwograme sou alam pou depi 4è dimaten an rive, li deklanche pou l pete zòrèy yo menm lè yo te nan rèv pou rache yo nan dòmi. Paske ala diferans ant tout sila yo ki nan dyaspora e sila yo ki an n Ayiti
Dyaspora yo ap veye lè, y ap jere lè paske se ak lè yo fonksyone. Pou yo menm 4è se 4è. Alòs pou sila yo ki an n Ayiti, yo menm y ap jere tan. Pou yo 4è a, pa genyen menm sans, li pa oblije di menm tan pou frè ak sè nou yo anndan lakay, paske pou anpil nan nou lakay se mizè n n ap konte.
Se pou sa, Ayisyen anndan lakay ak Ayisyen nan dyaspora yo pa gen menm rapò, menm relasyon ak mo tan, konsa tou ak koze lè y’a.
Pou anpil Ayisyen anndan lakay yo toujou panse, yo toujou mete nan tèt yo, yap gen tan pou reyalize aktivite yo, pwojè yo. Konsa, nosyon pwogramasyon, nosyon planifikasyon an pa fin twò vle di kichòy pou yo. Nan ajisman yo, nan fason yo pran desizyon toujou genyen yon atitid pa twò prese, genyen moun ki batize konpòtman sa: Kalewès. Sèten lòt rele li: Trennen bouda.
Pou sila yo ki kite lakay epi ki monte tant yo nan peyi etranje, yo menm yo devlope tout yon lòt kalte rapò ak nosyon tan. Yo blije « calibre »yo, adapte yo pou yo kapab fonksyone. Dayè se sou lè yo mache, se ak lè yo fonksyone.
Tout kote w vire anndan lakay yo, je w tonbe sou yon enstriman, yon materyèl k ap fè w konnen ki lè li ye.
Lè/l’heure ki se tan an, li gen menm enpòtans ak lè/l’air w ap respire y’a depi ou pati.
Sonje byen nan peyi etranje pifò travay se sou kantite lè w fè ou touche. Alòs lakay an n Ayiti se sou tan ou touche. Sitou nan biwo Leta, genyen moun ki konn kite almanak yo poko touche. Sa vle di 30 ou 31 konn pase, li double, dedouble moun nan pa pran okenn sant, li pa wè okenn koulè lajan kouraj li y’a.
Sa pèmèt nou konprann, sezi relasyon/rapò Ayisyen anndan lakay ak Ayisyen nan dyaspora ak nosyon Tan/Lè. Pawòl ki di « Time is money sa vle di : Tan se lajan », sanble se yon koze yo ta prete diplomat, syantifik, ekriven….Benjamin Franklin ki te di pou w fè pwofi, fòk ou kapab itilize tan w byen. Fòk ou kapab pwograme, planifye, òganize sa w genyen pou w fè y’a.
Dapre sa ki di sou Benjamin Franklin, misye fèt 17/01/1706, nan Boston Massachusetts, li mouri 17/04/1790 nan Pensylvania. Li se yon moun ki kite anprent li nan peyi Etazini. Nan epòk li t ap viv la, misye te yon ekriven, Yon syantifik, Yon moun ki fè politik. An gwoso modo Benjamin Franklin te yon « touche à tout ». Li se youn nan papa Endepandans peyi y’a.
Nou konprann poukisa pèp sa gen yon rapò ak nosyon tan ki diferan ak nou menm. Nou menm, nou toujou kwè tan se pou nou, nou kapab sèvi ak li, manipile l jan nou vle. E poutan, se pa maji, se pa emosyon/santiman ki pou domine w. Se pito la rezon/rationalité ki pou gide w, oryante w pou ede w pran desizyon.
Se konsa pou monte eskalye lavi y’a pou w pa fè fo pa toutan, pa tonbe toutan fòk ou kapab panse, pwograme, òganize, planifye. Li pa diferan pou peyi y’a. Pou nou kapab rebâti Ayiti fòk nou kapab fè kat (4) operasyon sa yo: panse, pwograme, òganize ak planifye.
Nou kapab toujou fè siy lakwa, nou kapab toujou mete jenou n atè, nou kapab toujou parèt douvan pòt kay la ak gode blan nou pou nou jete dlo tou dapre lafwa nou.. Men nou dwe fè kat (4) operasyon sa nou di anwo la. Nou blije viv ak nosyon tan tankou yon eleman vital pou pèmèt nou jwenn bout lavi y’a.
Rien de mystérieux!
Marcel Poinsard Mondésir





