Refleksyon pandan emosyon ak sansasyon
Peryòd koup di mond foutbòl FIFA, se moman nan rès mond lan ki anpil foli, kè kontan ak anpil pèn ak tristès tou. Ke w gen peyi w ki ap patisipe, ke peyi w pa ladan l, se sa ke kronikè espótif yo rele bèl fèt pou mounn ki renmen jwèt sa. Se anpil pasyon ak emosyon ki ap degaje sitou lè peyi w ou byen jwè prefere w ap jwe.
Se konsa, nou menm an Ayiti, kwak sa prèske 50 tan (1974) depi ke peyi an te pase nan faz final koup di mond, men nou toujou eksprime anpil pasyon pou chak koup di mond. Sitou lè Brezil ou Ajantin ap jwe. A kote rivalite ki gen nan jwèt sa, kèk ayisyen konn tou pwofite rantre kèk bagay politik tou.
Brèf, final vendezyèm edisyon koup di mond ki te jwe yè nab peyi Qatar pat diferan. Li te gen anpil pasyon ak emosyon an Ayiti, patikilyèman nan vil Jakmèl. Donk mwen te enspire de tèks sa a pati de eksperyans ak tout sansasyon ke mwen te fè ou te ap viv pandan match lan, men sitou de echanj ke m te genyen ak Jean Monard Metelus.
Kòman sa te kòmanse? M’te kache nan lakou a (bò kwizin lan nan mitan kèk fanatik. Mwen te ap suiv match la. “Mon cœur battait trop fort, je ne pouvais regarder la télé.” Sal resto à te bonde ak mounn. 3/4 fanatik se te fanatik Ajantin, rès 1/4 lan se te anti Ajantin Se te fason fanatik ajantin yo te ap reyaji ke m te ap viv match la. E kòman mounn ki pa vle wè Ajanyo yo te reyaji lè bagay la te ranvèse.
Efektivman, telefòn mwen te make ke te rete 11 minit 41 segond pou match lan te fini. Menm kote an, mwen tande yo di’m : penal. Waw. Martial te deja di : si France bay yon gòl, sa ka konplike pou Ajantin. Chose dite, chose faite…
Se nan apre midi pandan “resepsyon” (3 Chanpay, 3 Pizza laj, gwo Barbancourt, yon gato: Sponsors PM Lafontant, 7 à 3 Market, SPL LakayNou Pizza, bar) nou gade ou regade match la tèt poze sou TF1 MultiVision Jakmèl.
A kote de tout pasyon ak emosyon ki te gen nan moman match lan, pwen ki swuiv yo se refleksyon ak konpreyansyon m de final koup di mond ki te jwe yè dimanch lan. Yon klasik final. Yon final ki ap rete pandan lontan nan memwa anpil fanatik foutbòl.
Premye remak- Scaloni te byen prepare match la, malerezman ‘’sans tenir compte” ke Didier Deschamps te ka met ‘Mbappé en pointe’.
Dezyèmman, match basculé (presque) “par inattention” (pourtant d’un grand Otamendi ki fè Mbappé fè fanm nan match la. Nan yon vye fot pou penal.
Twazyèmman, Di Maria pat dwe sòti lè li sòti an. Sèl antrenè an ki ta k ab eksplike chanjman sa, sitou nan moman ke li te fè l lan.
Katriyèmman, Acuña te dwe ranplase Tagliafico dirèkteman nan match lan.
Senkyèmman, yon ti bravo pou Didier Deschamps ki te fè yon gwo kout poke, lè li te chanje tout gwo titilè sa yo nan match lan, sòf Mbappé ke li te kite.
Sizyèmman, pandan France te plat atè Argentine te dwe fout li 3 ou 4 gòl à l’aise, men enèji Leo te bese apre premye mitan.
Setyèmman- 2-0 gagnant te peze mantalman, emosyonèlman sou ‘jeunes joueurs Ajanten yo, (Conserver score, c’est un art). Scaloni te dwe mete apre 2-0 a yon ‘talent sûr’ tankou Dybala bò kote Messi. Paske Dybala gen plis metye ke ti-jèn yo. Li tap pote yon diplis nan ‘fond de jeu’ a, ki vle di plis kenbe balon, mwens dechè. Antouka, malgre sa l, Argentine pi bon ke tout rès ekip yo. Natirèlman, gras à Lav… non non, gras à Lionel Messi.
PS. Pèp la te nan yon parantèz koup di mond, malgre mizè ai ensekirite… *Ça* *suffit* !
Serge Pierre-Louis
(SPL)






