Rasis Donald Trump ta dwe fèmen bouch li
Morisseau Lazarre
Yon lòt fwa ankò, Donald Trump, ansyen prezidan rasis la, vomi malpwòpte rasis li bafre depi lè l te nan kazak sou pèp ayisyen.
Nan emisyon Sean Hannity sou Fox News, jedi 7 oktòb la, Donald Trump konseye prezidan Joe Biden pou l pa aksepte refijye ayisyen k ap vin mande azil nan peyi Etazini paske «anpil nan moun sa yo kapab byen gen SIDA». Rasizm ak zenofobi se fwi inyorans. Kidonk, Donald Trump pa lòt bagay ke yon inyoran.
Nou sonje nan fen ane 80 yo, Food and Drug Administration (FDA) ak Center for Disease Control (CDC), 2 ògàn gouvènmantal nan peyi Etazini ki gen pou wòl veye sou sante popilasyon etazinyen an, toujou nan bi pou sal imaj Ayiti e demonize sitwayen-l yo, te chwazi mete pèp ayisyen an kòm yonn nan kat (4) sous osnon vektè VIH/SIDA. Erezman, nan lane 1990, Ayisyen k ap viv toupatou sou planèt la, espesyalman nan peyi Etazini ak peyi Kanada, te leve kanpe djanm e an mas e frape pye yo atè pou di: radiyès-pèmèt sa a pa p pase! Alòs, gouvènman sinik etazinyen an t oblije bat ba e fè syantifik rasis li yo nan CDC ak FDA wete pèp ayisyen sou lis madichon yo a, paske enperyalis la te konnen byen se manti li t ap bay e se mechanste li t ap fè pèp ayisyen, piske se nan laboratwa militè etazinyen menm jèm VHI/SIDA a te devlope.
Annefè, pou moun ki pa gen yon ide sou devlopman e pwopagasyon VIH/SIDA a, men kèk enfòmasyon enpòtan nou ta dwe konnen pandan rasis Donald Trump ap fè frekan ak pèp ayisyen. Se nan ane 1950 yo, nan kad Nouvèl Òd Mondyal la, Gwoup Bilderberg la te mande Klib Rome nan pou mennen yon etid pou detèminen kòman yo kapab frennen ekplozyon popilasyon mondyal la anvan l twò ta. Dayè, on gwo palto anglè ki te rele Sir Julian Huxley te deklare: «Yon popilasyon depase se pi gwo menas pou fiti espès nou an.» Se konsa nan 2 etid Klib Rome nan te reyalize nan lane 1957, sou rekòmandasyon doktè Aurelio Peccei, yo detèmine pou atake pwoblèm nan san pèdi tan 2 fason. Premyèman se te redwi to nesans la e dezyèmman se te ogmante to desè a. E doktè Aurelio, yonn nan plizyè rekòmandasyon li te ponn bay elit mondyal la pou atenn bi sa yo se entwodwi yon fleyo ki dwe fè menm ravaj Pès Nwa a te fè nan mitan katòzyèm syèk la (epòk Mwayennaj la). Men rekòmandasyon prensipal la se te devlope yon mikwòb pou atake sistèm otoiminitè a e rann devlopman yon vaksen enposib. Efektivman, Gwoup Bilderbeg la te pase lòd pou devlope mikwòb la e devlope tou yon pwofilaktik (medikaman prevantif) ak tretman. Plan sa te rele Global 2000.
Nan ane 1969, Kongrè etazinyen an te pase rezolisyon H.B. 15090 pou finanse pwojè Global 2000 lan, kote yon ane apre, 10 milyon dola pral ajoute nan bidjè Depatman Defans (DOD) pou ekzekisyon pwojè a nan baz militè Fort Detrick, nan eta Maryland; e yo te batize pwojè sa a MK-NAOMI.
Gen 3 gwoup nan popilasyon mondyal la elit entènasyonal la te vize nan jenosid la. Se Nwa, masisi ak Ispanik.
Se ak vaksen lawoujòl la, ki te gen mikwòb V.I.H. la (H.I.V. ann anglè) ladann, Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS an franse) te enfekte kontinan afriken an nan ane 1977 e popilasyon etazinyen an limenm te enfekte nan ane 1978 ak vaksen epatit B a. Vaksen sa a te prepare e te mete nan boutèy nan vil Feniks (Phoenix), ki se kapital eta Arizona. Nan peyi d’Ayiti limenm se nan kòmansman ane 80 yo popilasyon an te enfekte.
Alòs, ke Donald Trump fèmen bouch li e ke li sispann ranse ak pèp ayisyen! SIDA pou SIDA, nenpòt moun ka trape jèm nan si l pa veye zo-l. E pa gen anyen ki di Trump pa gen jèm nan tou, pou jan l s’on gason bouzen! Dayè, èske li pa t trape COVID-19 la tou? Epitou, nan ane 80 yo, anpil touris ki te soti nan peyi Donald Trump lan e ki te gen jèm SIDA a, t al enfekte anpil jennfanm ak jenngason nan peyi d’Ayiti.
Anpasan, palan de COVID-19, sa rantre tou nan menm plan Global 2000 elit entènasyonal la, ki se rediksyon popilasyon mondyal la pa nenpòt ki mwayen. Gade ki kategori moun ki mouri plis nan pandemi an, alòs n a konprann. Erezman peyi afriken yo ak plizyè peyi ispanik ki pa gen tchoul k ap dirije yo, konprann jwèt Gwoup Bilderbeg la e yo pete lobo e di: fwa sa a, konplo a pa p pase!
Rasis Donald Trump dwe konnen tou fenomèn refijye ayisyen an pa yon aza; se pa loray ki kale-l. Si gen refijye ayisyen ki vin pran imilyasyon nan peyi Etazini e lòt peyi ankò, premye rekonsab la se Etazini menm ak politik enperyalis li, politik ejemonik li, politik rasis li, politik gwo ponyèt li, ki kreye sitiyasyon enfènal la ann Ayiti, ki lakòz Ayisyen paka viv nan pwòp peyi yo. Wi, se Etazini limenm menm kòm peyi enperyalis ki pran plezi nan vyole dwa granmoun pèp ayisyen nan enpoze nasyon an volonte-l depi apre asasina papa libète a, Jean Jacques Dessalines. Anbago; plizyè okipasyon militè; plizyè koudeta pou enpoze sanginè kòm dirijan diktatè nan peyi a; dappiyanp sou richès nasyon an, simen latwoublay pèmanan nan peyi a pou anpeche tout tantativ pou tabli lapè ak on minimòm chanjman pou byennèt nasyon an; e dènye moman pèp ayisyen ap viv la a depi prèske 11 an ak PHTK e fenomèn gangsterizasyon tout peyi a, se travay enperyalis meriken an. E Donald Trump, kòm ansyen prezidan peyi Etazini, pa inosan ditou nan abim-dezòd-kakatchouboumbe- anachi-dezòganizasyon- boulvèsman-lanfè pèp ayisyen ap viv la! Kidonk, ke l revale vomisman inyorans li pran plezi sadik voye sou pèp ayisyen an. E, li pa dwe bliye SITOU si peyi-l rive nan nivo li ye a, se gras a Ayiti. E si Donald Trump limenm tou te rive prezidan Etazini, se gras a vòt Ayisyano-Ameriken yo ki te chwazi-l nan plas Hilary Clinton (on lòt manman chòche), akòz diskou chanjman li t ap pwone ak pwomès li te fè kominote ayisyen an.
Pou fini, n ap di Donald Trump ak tout lòt dirijan peyi Etazini: ENGRATITID PA YON VÈTI.
Moriso LAZA
Sous: Behold a Pale Horse, Milton William Cooper;
Smallpox vaccine triggered AIDS virus, Wright Pearce;
AIDS. Origins of H.I.V., Hillis DM






