Rapò Nasyonzini: Pawòl anpil, machwè gonfle.

Rapò Nasyonzini: Pawòl anpil, machwè gonfle.

Marcel P Mondesir

Boukan News, 10/20/2023 – De (2) evenman nan jounen 19 oktòb 2023 k ap fè dat nan lavi sosyal ak politik peyi Dayiti. Tou 2 ap bay kè sote ak vant mennen.

Rapò gwoup Ekspè Nasyonzini yo sou anpil kont maltaye an Ayiti. Rapò a lonje dwèt jouda l sou kèk moun ki konn koupe rache, sou sèten lòt ki gen dwa deside sou lavi kretyen vivan ak yon gwoup ki yo menm se pat tomat yo ye tèlman yo nan tout sòs. Ou jwenn yo nan tout aktivite malodoran, tout operasyon kraze brize, tout konplo detwi peyi ak etenn souf moun.
Epi sila yo, yo se sèl kòk chante. Kote yo ye, ou pa ka la, ou pa dwe la.
Se yo menm ki genyen kontwòl tout espas sosyal yo. Si ou pa nan lis yo, genyen moun ki gade w sou kote, ki koupe w kout je, ki twipe w pou desann moral ou, pou ta fè w konnen, ou menm ou pa moun. Paske ou pa nan sèk bandi y ap frekante yo.
Anpil nan moun sila yo Gwoup Ekspè yo tire pòtre yo nan rapò ya, genyen sèten moman, ou ta di se yo menm sèlman ki konn pale, se yo menm sèlman ki konn fè analiz, se yo menm sèlman ki kapab pale pou Ayiti.
Depi w vire yon bouton radyo, ou poko louvri televizyon an, pou rezo sosyal yo menm se pa pale. Se yo menm ou byen “chiens de garde” yo sèlman ou tande, ou wè epi ou li nan tout laprès nan peyi y’a. Ti krik, ti krak vwa yo ou byen vwa sikè yo ap kraze tande zòrèy ou, ap dilate je w, yo tèlman prezan menm nan rèv ou wè yo epi ou tande y ap pale.
Kisa y ap di, ou pa konnen. Men kòm yo se mèt mikwo yo ansanm ak plim yo, ou pa gen lòt chwa sibi yo.
Lè yo fin fè zak malodoran yo, ou gen pou sibi yo tèlman, paske nenpòt jan ou vire kò w sou kadran radyo yo, nenpòt fason ou “zape” televizyon yo, pou rezo sosyal yo menm pa gen bouch ou ta di se yo menm menm ki Whatsapp, X(Twitter) Facebook ak Tiktok. Se vizaj yo ak non yo sèlman ki parèt. Vle pa vle bandi sa yo, dechèpiyè sa yo, dilè sa yo sou wout ou. Si w pa gen tèt ou sou 2zèpòl ou, si lespri w pa byen klè, si kapasite analiz ou pa solid, tèlman y ap lave sèvo w ak pawòl, w ap kwè sa yo di w la. Epi tou, w ap antre nan bann pou w defann yo.
Anyen pa absoli. Konsa, piti kou sa ye, se vre, nou pa kapab di se tout medya (radyo, Tv, medya an liy)  ki louvri mikwo yo, ki mete plim yo osèvis grandizè sila yo. Genyen ki reziste “au chant des sirènes”. Li pa fasil. Paske pou konpòtman yo, ou ta di pou atitid rebèl yo, yo sibi anpil presyon. Yo konn viktim tou.
Sonje pawòl espageti lòt la. Se nan detire rapò sa, se nan antre nan pwofondè rapò sa, nou pral konprann sans pawòl defen Gérard Latortue ansyen premye minis peyi y’a.
Tèlman gen antre soti, tèlman gen chase kwaze, tèlman genyen mikmak ou kapab sezi wè, ou ka sezi tande ki kantite kolonn k ap genyen pou tonbe nan edifis kriminèl sa wi.
Se yon verite lapalisse li ye responsablite penal la pèsonèl. Men se vre tou, kouman yon sèl moun kapab kraze plis pase 600 milyon dola pou kont li?
Kouman yon sèl moun kapab monte yon firm pou kont li?
Genyen yon seri aksyon nenpòt jan ou vire l ou tounen l, li difisil pou aksyon sa se  zèv yon grenn moun. Konsa, lè Lajistis la ap genyen pou deplòtonnen pou fouye zo nan kalalou, pou chache konprann montaj ak fonksyonman yon seri estrikti malfektè, lè dra enpinite y’a genyen pou l soti sou peyi y’a tout bon, nou va dekouvri tout bon vre rezo malodoran, rezo malfektè, rezo sangsue ki t ap souse sang Ayiti, sang nou ak sang pitit nou.
Se menm sitiyasyon an, se menm pawòl yo, nou kapab di pou dezyèm evenman arestasyon pi gwo sispèk sasinay ki fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moïse lakay li nan Pèlerin 5, lanmwit 6 pou rive 7 Jiyè 2021. Apre plis pase 27 mwa PNH  resi mete anba kòd Joseph Félix Badio, premye sispèk krim san parèy sa.
Èske Lajistis peyi Dayiti jan l ye la, kote li kowonpi jouk nan mwèl kapab tande sispèk la?
Èske Jij enstriksyon ki sou dosye y’a ap genyen bon jan garanti pou l fè “audition” akize y’a?
Èske APENA ap genyen posiblite pou asire sekirite prevni an?
Ki garanti sosyete y’a genyen prevni Joseph Félix Badio ap rete sou kontwòl lajistis peyi Dayiti?
Ki garanti minis Jistis peyi y’a ap bay sosyete y’a prevni an ap rete sou kontwòl lajistis tankou sèten lòt akize nan dosye sa?
Kòm prezidan CSPN kouman premye minis la ap enstri lapolis espesyalman APENA pou yo pran tout mezi pou prevni an pa viktim okenn konplo nan prizon an, epi tou nou pa tande deblozay pete prizonye sove, prizonye mouri. E lè y al fè konsta prensipal prevni an pa reponn prezan?
Pèp Ayisyen nou toujou di l, lè l pi fè nwa se lè sa solèy la genyen pou l leve dèyè mòn nan. Nou pa konn si se vre ak de (2) evenman sa yo ki pase nan peyi nou Ayiti nan dat 19 oktòb 2023.
“Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye”.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *