RADYO SAN FIL LANSE OPERASYON DEZENFEKTE MIKWO KONT ” KOWONA-LIDÈ POLITIK” YO!!!

RSF/TSF lanse operasyon dezenfekte mikwo
(yo pap pale lakay nou ankò tout otan yo pa antann yo)
Apati premye dawou, RSF/TSF ap kòmanse dezenfekte tout mikwo li yo kont “Kowona-lidè politik”. Yo youn pa pran sant peyi a k ap boule ak gè diskou laèn, diskou destriksyon, malpalan politik. Yo pa pran gou mizè pèp la chak jou k ap soufri. Bouch yo bon nan divizyon, nan manje lajan pèp la, sitou dyaspora yo.
YVENER FOESTHER JOSEPH, journaliste

Avèk lanmò Prezidan Jovenel, “Kowona-lidè politik” la nan dezyèm vag ki pi vyolan pou peyi a. Ou pap ka respire traktasyon malsen li pote, kouri foure pye, ajenou nan pye blan an, bay kout lang youn sou lòt se prensipal sentom li. Kou w pran nan “kowona-lidè politik” ou p ap kapab respire yon Ayiti estab, yon peyi avèk pwogrè ni yon nasyon ini. Menm zye w vire lanvè, ou pap ka wè moniman istorik, bèl plaj, apresye bon tanperati, ospitalite peyizan yo. Ou vin kòmsi m ta di w yon moun ki gen malkadi-politik. W ap woule atè, woule nan labou, nan matyè.

Kowona-lidè politik la pa yon jwèt non. Lave zye nou, netwaye dwèt ki te vote malpwòte, pran desten nou an men, sispann pile salami ak pye nou! Antann pou yo antann nou kont “kowona-lidè politik”.
Yvenert Foeshter JOSEPH

One comment

  1. I love this.
    Kounié ya mwen kwè ke jén nou louvri
    epi n’a konn pou Nou sipôte lè faibles. Président an te fèb nan Yon seri de okazion, gen yon li li tap palé epi li di; diaspora a mwen pa tande
    Nou mem? mwen te Santi ke se Yon kri de détresse.
    Mezammi an Nou sipôte frè Nou tandé, sitou le yo an febless lè yo an détresse.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *