Pozisyon Oganizasyon Politik, Sosyete Sivilak Pèsonalite nan Diaspora a.
Nou menm nan Dyaspora a ki siyen deklarasyon sa a, nou konstate kriz politik kap brase bil peyi a vini pi malouk aprè zak sasinay sou ansyen Prezidan defaktoJovenel Moise lakay li 7 Jiyè pase a. Nou kondane aktout fòs nou zak malonèt sa a ki montre nou kijan rejimkriminèl PHTK a fin kangrennen peyi a nèt. Menmansyen Prezidan an pa chape anba gangrennaj sa a.Jovenel Moise ki pandan 5 dènye lane pase yo te eseyekenbe peyi a nan yon eta deksepsyon, vyolans jeneralak kidnaping, anlèvman, pèsekisyon opozan politiktrouve l jodi a viktim menm vyolans sa a. Men diferansla fwa sa a se pa pèp la ki viktim lan men se li menmmenm kriminèl PHTK yo manje.
Nou menm nan diaspora a ki siyen nöt sa a nap denonse gouvènman PHTK a ak tout alye li yo ki apbay manti sou lanmò sa a nan kase fèy kouvri sa yon fason pou lave epi blanchi Kadav Jovenel Moise. Nap denonse tout tantativ koudeta dappiyanp sou pouvwa aPHTK ak alye li yo vle fè sou pouvwa a. Nou di koudeta sa a pap pase, masuife sa a dwe kaba pou pèpAyisyen an. Pou sa Nou menm nan Diaspora a nap mande yon gwo rasanbleman tout fòs progresis, demokratik e popilè nan peyi a pou yon GouvènmanTranzisyon koupe fache. Yon Tranzisyon ki finalmanap pèmèt revandikasyon jistis, respè dwa moun, la manjay, diyite ak indepandans peyi a tounen reyalite.
Nou men nan diaspora a nap denonse ReprezantanNasyon Zini an Madan Lalime ki sèmante pou l krazepeyi a nan manniganse pou kenbe rejim PHTK a soupouvwa a. Diaspora Ayisyen an ap rele anmwe: Madan Lalime ak Core Group la bay peyi Dayiti yon chans!Bay Pèp Ayisyen an chans pou chache solisyonAyisyen pou problèm Ayiti.
Pandan nap mande Pèp Ayisyen an andedan tankoudeyò peyi a pou rete vijilan kont tout animal politiktout plim tout plimay kap vole, politisyen san koutcha, nap rete mobilize pou pa gen oken gouvènman degizePHTK #3 ki monte nan tèt peyi a. Anfin pandan nouregrèt kòd lajistis pa gentan pase nan kou JovenelMoise pou tout vòl, masak ak krim li fè yo, Diaspora ap mande Lajistis fè dilijans pou mete la pat sou tout kriminèl ki inplike nan zak sa a.
Moun ki siyen Deklarasyon sa a
New York
Roland Sainristil (Tel: 917-815-2228)
Deputé James Desrosin
Fred Joseph (Tel: 718-576-8861)
Edens Deba (Tout Haiti Tel: 347-546-1468)
Rev. Guy Dorvil
Jacqueline François
Midlyne François
Senet Achille
Felix Bien-Aimé
Yves Pierre
Leon Ronald
Ledinois Leconte
Lionel labardy
Pennsylvania
Fabienne Réné ( DIRPOD Tel: 407-541-7912)
Serge Blaise
André Lozier
Joèl Léon
Florida
Farah Juste (Fanmi Lavalas)
Maxi François (SOHD Tel: 516-967-1559)
Jean Robert Pierre Louis
Théobale Pierre-Paul (Tel: 786-290-7187)
Senateur Harry
Guerda L.Charles
Abel Moise
Thony Jean Thénor (Organization Veye Yo)
Theodore Lucien
Jackson Auguste
Jean Rica Charles
Lydie Fatal
New Jersey
Rev. Claudy Jean Jacques
Heraldo Erasme
Massachusetts
Deputé Géraut Charles
Tina Lorquet (Vwa Ayiti)
Georgia
Dr Dimy Fluyau
Roody Metellus
Connecticut
Dr Billy Berthier (Fanmi Lavalas)
Felix Bien-Aimé
Canada
Beliot Fleuristin
Jean Livette Praslin (SOHD)
Dr Bruno Derson
France
Paul Chétel (SOHD)
Fenor Rigodon
Serge Obed Alexis
Wilson Chery





