Pozisyon Kò Pwofesoral Lise Alexandre Pétion Sou Klima Ensekirite ki Paralyze Totalman Fonksyonman Nòmal Lekol la!

Lise Alexandre Pétion Ri Bòjla, Petyon, Potoprens, Ayiti 6 me 2021
Pozisyon kò pwofesoral Lise Alexandre Pétion sou klima ensekirite ki paralize totalman fonksyònman nòmal lekol la.
Depi anviwon 10 lane Ayiti ap konfwonte yon Kriz san parèy. Kriz sa a frape tout sosyete a, tout aparèy Leta a nan tout fondman l. Kriz sila gen gwo konsekans sou mòd fonksyonman tout antitite nan administrasyon piblik la. Konsa, lise Petyon, premye lekòl piblik nan peyi a, pa epanye anba gwo woulo konpresè kriz sistemik sila.

Nou tout ka konstate kriz la pran diferan fòm: politik,sosyal ekonomik, sanitè, alimantè, ensekirite… Soti nan diferan masak yo, pase pran plizyè milyon ayisyen ki pa ka manje e k ap tonbe anba bal chak jou jouk nou rive nan kidnapin nan k’ap vale tèren. Jounen jodi a popilasyon an ap fè fas ak yon ensekirite san parèy. Elèv, paran, direktè lekòl, gadyen, sekirite, profesè… pyès moun pa epanye.

An reyalite, nou di se yon ensekirite piblik men nan menm moman an, nou rekonèt ensekirite piblik la mache men nan men ak ensekirite sosyal. Se pou sa menm, nan Konstitisyon 1987 la, atik 22 a fè Leta obligasyon pou rekonèt tout sitwayen gen dwa pou l gen yon kote pou abite, dwa pou manje ak pou al lekòl. Konstitisyon an ki se Manman lwa peyi a deja klè sou sa lè li fè Leta obligasyon garanti sitwayen yo sekirite sosyal ak sekirite piblik.

Nan sans sa a, nou konstate gen pou piti 2 lane depi otorite ki nan tèt Leta a mete koton nan zorèy yo sou pwoblèm ensekirite tout kalte k ap sakaje popilasyon an. Anviwonnman lise Petyon an se yon egzanp klè. Lè nou di anviwonnman nou vle pale de ri pave, ridèmirak, ridèfwonfò, ri montalè,ri monseyè Giyou… zòn sa yo ap konn yon moman difisil anpil nan zafè ensekirite a. Plizyè konpatriyòt deja viktim: elèv ak inifòm sou yo, paran elèv, pwofesè ak plizyè lòt sitwayen ki frekante zòn nan.
Yon enspektè polis ki rele Jean Frantso Soulouque pèdi lavi l anba zam bandi nan mwa avril la nan viwonnay lise a. Mete sou sa, nan mwa mas ki sot pase a, yon anplwaye nan administrasyon lise Petyon viktim brakaj pandan li t ap soti labank san n pa bliye yo te louvri kout bal sou yon pwofesè Lise a ak anpil lòt zak. Malgre sitiyasyon malouk sa yo, pwofesè lise Petyon toujou fè gwo jefò vin travay pou ede pitit pèp la goumen kont medyokrite ak inyorans. Sitiyasyon yo pral vin pi dejenere se nan moman egzamen elèv filo jou ki te premye avril ki sot pase a. Bal pete kòmsi se te yon lapli ki vin tonbe bridsoukou. Sa w tande a tout sal yo vin gen gwo panik pwofesè ap frape ak pwofesè, elèv ap frape ak elèv nan yon sèl direksyon pou pwoteje lavi. Dènye evènman sa a pral gen gwo konsekans sou fonksyonman lekòl la. Majorite pwofesè pè frekante zòn nan.

 

Se anba gwo difikilte lise a ap fonksyone. Sa ki pi tèrib, bri bal sa yo ap pete tou pre palè nasyonal! Jiskaprezan, Leta atravè polis nasyonal ak otorite lokal yo fè gwo silans sou sa k ap pase Bèlè a an patikilye nan viwonnay lise Petyon. Silans konplis sa a non sèlman gen gwo konsekans sou fonksyonnman lise a men tou li gen gwo konsekans sou lavi diferan fanmi, lè n sonje konbyen moun ki mouri, blese anba bal, dezète kite lakay yo akoz sitiyasyon malouk sa.

N ap fini pou nou di Leta, an patikilye minis edikasyon nasyonal la, pwofesè lise Petyon gen volonte pou yo travay men kondisyon sekirite a dwe amelyore nan anviwonnman lise a. Toutotan kondisyon sekirite a pa amelyore nou prefere ret soufri lwen espas Lise a an siy pwotestasyon men sitou pou anpeche n kontinye viktim paske n ap sèvi peyi nou Ayiti, nou renmen anpil. Nou pa ka kontinye riske lavi nou travay anba bri gwo zam fann fwa k ap pete tout jounen nan espas travay nou. Pou sa, n ap mande Leta pou pran responsabilite l yon mannyè pou lantouray lise Petyon sispann konnen moman latèrè sa yo.
Moun pa aprann ni transmèt nan lapèrèz. Otantifikasyon:

Frantz Junior MATHIEU: 4044-7059

Fresnel MICHEL: 3838-0777

Olguy LUBIN: 3327-2810

Ansanm pwofesè ki siyen nòt sa a:

 

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *