Poukisa ekip Akò Akwòkò gouvènman apeze 11 septanm 2021 an vle monte gaz la ankò?
Marcel P Mondesir
Pawòl anpil machwè gonfle. Nou ta renmen konnen poukisa sa k pat posib ayè y’a, toudenkou li vin posib. Èske André Michel, Marjorie Michel, Edmonde Supplice Beauzile, Génard Joseph, Saurel Jacinthe, Tolbert Alexis, Charles Émile Hérald(TiMilot), Louis Gérald Gilles, Ricard Pierre, Alix Richard, Paul Denis kapab esplike nou poukisa li endispansab e menm vital pou pouvwa Ariel Henry PHTK#3 monte gaz la nan peyi ya?
Èske mesyedam sa yo kapab prezante yon bilan Aksyon gouvènman Ariel Henry ya soti 11 septanm 2021 rive 11 septanm 2022 sou plan lasante, ledikasyon, lamanjay ak travay sou wout peyi ya kote lajan taks ak enpo yo pase epi pèp souvren an santi retonbe yo?
Èske Edmonde Supplice Beauzile ki se yon moun ki atache ak koze edikasyon kapab prezante nou yon tablo envestisman (lekòl ki fèt, lekòl yo mete materyèl ladan yo, lekòl yo fè fòmasyon pou pwofesè yo,…) ak tou lekòl kote pwogram kantin eskolè an tap mache. Nou pap pale lekòl kote PAM, UNICEF ak lòt Òganizasyon etranje pase lage kèk Sak manje sinistré non. Bref yon tablo kote pèp la kapab wè genyen yon envestisman ki reyalize nan domèn edikatif la. Nou pa menm fè referans ak edikasyon nan nivo Siperyè (Inivèsite Leta).Èske Doktè yo kòmanse pa premye minis Ariel Henry kapab kanpe nan televizyon bò kote mouche Larsen ak Dr Charles Emile Hérald epi Dr Louis Gérald Gilles pou yo di nou kisa yo fè pou pèmèt konstriksyon Lopital Jeneral la fini. Alewè pou ta pèmèt malad yo ak tout pèsonel yo jwenn pi bon kondisyon travay? Kisa ki fèt pou lopital referans yo nan Depatman yo jwe wòl yo tout bon « avec les 4 services de base »?
Si nou fouye je gade, nou kwè André Michel, Tolbert Alexis ak Alix Richard se 3 moun ki sansib anpil epi ki gen sousi pou koze Lajistis ak Dwa Moun nan peyi nou Ayiti.
Èske se deplase, se pèdi wòl nou si nou ta envite yo pou vin nan laprès pou esplike depi yon lane mayèt pouvwa nan men yo. Kòm yo gen je sou lajan taks ak enpo k ap rantre nan kès Leta epi kòm yo menm yo pa negosye koze jistis la e pou prèv men tout sa yo ankouraje, yo inisye pou pèmèt « la femme aux yeux bandés » d’avoir un autre visage, d’avoir les moyens d’agir. Paske yo te toujou ap defann yon jistis ki rive tout bon vre nan zòn rekile yo, koze detansyon préventiv la te toujou ba yo tèt fè mal. Konsa ak lajan taks ak enpo gouvènman ranmase yo konstwi Tribinal, yo rekrite ak fòme jij, yo bay materyèl pou tout antite yo kapab travay san okenn tèt chaje?
Èske Sekretè Deta pou moun andikape yo, Génard Joseph kapab di moun andikape yo gras ak lajan taks Leta jwenn nan dènye monte gaz la men gwo zèv li fè pou yo?
Rosemila Petit-frere
Et Madanm Marjorie Michel ak Rosemila Petit-Frère « 2 Fanm vanyan » kisa kòm pwogram ekonomik ak sosyal gouvènman Apeze Akò Akwòkò 11 septanm 2021 an reyalize pou ti machann yo, pou tout madan Sara yo, pou fanm ki fin kokobe anba lajan ponya paske yo pa fouti mennen aktivite yo akòz bandi ak zanm mete ak bandi ak kravat pa ba yo chans pou chache lavi nan lari y’a? Ki pwogram akonpayman yo menm ak Ministè Fanm nan pote devan Leta pou reyalize nan lajan ki sòti nan taks dènye ogmantasyon gaz la?
Poukisa Fusion, SDP, Inite, Verite, Inifòs, MTV, Nouhla, Alexis Tolbert, Saurel Jacinthe ak tout sa nou pa wè yo, y ap klewonnen Timari pap monte, Timari pap desann. Gouvènman Apeze Akò Akwòkò a dwe monte gaz la pou l kapab vin ranfòse pwogram nou kòmanse yo epi pou l kapab jwenn lajan pou òganize Eleksyon.
Anba kòlè pèp sa, ak zewo rezilta nou genyen, konsa nou dakò epi apwouve pou Ariel Henry Prezidan Akò Akwòkò 11 septanm Primati y’a, deraye machin represyon an sou pèp la ki sèmante swasandisètfwa sètfwa li pap bwè remèd chwal FMI, Bank Mondyal, Michel Patrick Boivert minis finans PHTK ak Ricard Pierre minis PlanifikasyonSDP.
Kòm yo sòti nan menm toyo ak PHTKiste yo, konsa yo pral kontinye fè ratibwazay sou pèp la kote machin represyon an pral pran yon vitès ekstwaòdinè. Yo pral eseye achte kèk konsyans, men se byen konte mal kalkile. Depi pouvwa rive nan wout sa, konnen lanèman l chante deja.
Se kounye y’a gang yo pral gen kat blanch pou aji paske Ariel Henry ak tout ekip li yo fè yo konnen depi pouvwa kase kòd yo tout ap nan kouri. Se sou fòs zam yo pou yo defann pouvwa.