Pouki tout Bwi ( bri) ? 

Pouki tout Bwi ( bri) ? 

 Wilfrid Suprena

New York, USA, 05/23-2023 – Yon Repons pou tout  papatoudenkou nan politik lakay ki monte sou do chwal moun nan Nò pou galope e voye zago adwat e agòch…

Li plis istorik. Li pa rejyonalis…li pa rejyonalis. Tanpri souple. Men nou pa ka redwi konpòtman politik moun nan Nò ( Moun Okap) a patisipasyon Ou non patisipasyon yo nan batay pou “ dechouke” yon vateryen politik, yon demeplè, yon soubreka, yon towo Gwonde ki monte sou pouvwa anba tab, an ti koulout e k ap fè magouy ake  patwan y yo pou Kenbe y tout tan ki rele Aryel Henry…
Tankou tout kote nan peyi a, gen klasifikasyon
  Sosyal Tou  pou rejyon jeyografik sa ( Nò/Nòdès peyi a)  Ke sitwayen Aysyen nan lòt zòn, lòt rejyon rele Okap e sitwayen  k ap viv la yo ( Moun Okap).
Pami moun Okap yo, genyen:
⁃reyaksyonèr,  ki ta renmen tout bagèy rete jan yo ye a . Ti mari pap monte, ti mari pap desann. Yo pwan pouvwa politik la e yo mare sosis a yo ake Etranje, gwo nèg ki nan komès , la bank , nan  koze louch, ilegal tankou dwòg, zam, pati nan kòr a moun ki esansyèl tankou ren, kèr eks Epi yo di pouvwa nan men yo, zanmi yo, klan yo tatawèl ake bizawel politik yo pou tout tan gen tan. Yo pwan y, yo pwsn y nèt. Avi. Èske n sonje moun tankou Gerard de Catalogne, Louis Durand, Emile Auguste, Jean Valbrun, Ti Raymond, Les Frères Dominique , Max ake Reynold, Chauvet, Ti Raymond, Robert Cox, Dubrèus, Boris, Desnoyers, Dardompré, Michel François la Colombe, Chimène, Madan Layette, Metellus Charles ( Lakil), Alix Codada, L J Flash…. Yo anpil anpil e yo te jwe wòl Chen “ bull dòg” pouki te jape dèyè moun ki te vle menase lòd ki te etabli a pou “ plim ne gwouy nan kesyon politik yo. Anwo anwo nèt, anba anba nèt. Epi nan mitan rete rèd…. Luc Desyr yonn nan pi gwo bouwo tòsyonèr sou rejim Divalye yo Se nan Nò Li sòti ( Limonad).  Moun Okay yo pa ka bliye Astrel Benjamin… Moun Latibonit yo Zachary Delva, Moun FòLibète yo Bertulien Pierre ( Bertha), …
⁃Gen   refòmis Tou…. Moun ki ta renmen genyen yon ti pase men detanzantan pou kèk moun nan mitan yo fè yon ti monte pou vin defann moun anlè yo, pou vin fè yon kout chèf Tou… Otrefwa moun tankou Monsèyè Gayot ake Louis Noizin te ka rantre nan kategori  moun ki te vle fè ti refòrm anlè, anlè pou maleng lan Pa dejenere pou y vin gangrene…Men ake moun sa yo bagèy yo pa fasil. Depi bwa a mare tout bon, moun anba yo kòmanse ap di Fòk sa chanje. Rapid, rapid yo foure tèt a yo anba zesèl a moun anlèr yo. Yo ka menm vin souflantyou k ap touye, rache pou moun anlèr yo..
⁃Gen popilis manipilatèr…. Yo….Anpil . Yo plis soti Pami moun anba yo. Yo fè ti etid. Yo pale Fò. Pozisyon yo toujou ekstrèm. Yo vle tout bagèy chanje men nan rit pa yo. Yo genyen yon diskou rwvolisyonèr men nan bouch sèlman. Yo vle soti nan 1nan echèl la pou rive nan 10 nan yon bay je. Tout moun ki kanpe nan wout a yo y ap bouskile yo. Kout lang. kout lajan. Moun anlè yo achte yo fasil, fasil. Sa pa janm pwan yo anpil tan pou yo tounen yon fwèt nan dada moun kote yo sòti a. M ap evite bè y non. Nou gran ti moun. Nou ka konpwann…
⁃Epi dènye kategori a gen patryòt yo ake revolisyonèr yo ki ta renmen sosyete a vin fonksyonnen yon lòt fason nan enterè toit moun e pou peyi a ka vin Granmoun tèt èy … Mwen pap site non ankò…
Toiut zòn, toit kote nan peyi genyen apwoksimativman menm klasifikasyon politik sa.Kidonk moun Okap, Moun Gonayv, Moun Okay, Moun Ench, Jakmèl, Pòdpè, Miragwan, Jeremi, Fò Libète, Mirebalè, pa panse yon fason “ homogène”, oubyen reyaji menm jan…
Pa ekzanp nan peryòd la koloni lè moun nan Nò t ap goumen pou desitire Lèsklavaj Èske toit kote nan koloni an te reyaji menm jan? Non!
Nan peryòd Mackandal ake Boukman bò  Lenbe. lakil, Okap Èske Se  tout  zòn nan peyi a ki te leve kanpe? Non… Sepandan nou ka wè detèminasyon batay èsklav yo nan rejyon sa te pouse lòt èsklav vin rantre nan batay la. Menm lè anpil nan yo pat genyen menm vizyon, menm ajenda….. Jean François, Biassou ake Jeannot pat wè kesyon Libète a menm jan. Menm bagèy la lè Toussaint Louverture monte, Moïse neve y pat gen menm vizyon ake y. Gwo chèf lame Fwanse yo sou dirèksyon Toussaint li même te arete, kondane e touye Moïse…
Pita Se te Dessalines ki ta pwè viktim anba lò gwo chèf lame. Pami yo Gérin, Pètion, Geffrard, Chtistophe… eks
Men sa ki enpòtan zòn Nò a konn jwe wòl avangad nan anpil batay ki konsène peyi a…. E ki bèy bon rezilta…
⁃Soulèvman mas èsklav yo nan zòn Okap nan mwa Dawout 1791 lan te  debouche a  afwanchisman  jeneral   Mas èsklav yo de lane apwe nan Mwa Dawout 1793
⁃Ensirèksyon Sòlda ake mas kiltivater yo nan mwa Oktòb 1802 apwe arèstasyon e depòtasyon Toussaint te kómanse nan zòn Nò e ki ta pwèy abouti a kreyasyon yon drapo nan mwa Me 1803 Epi nan chase gouvènman ake  militèr  Fwanse yo Nan mwa Novanm 1803…
⁃Se nan Vil  Okap dekolonizasyon peyi dekolonizaayon peyi a te siyen an Novanm 1803 kèlke jou apwe kapitilasyon jeneral  Rochambeau
⁃Se nan Vil Okap Tou  dezokipasyon Dirèk peyi a  ( 1915/1934 ) te siyen tou nan mwa  Dawout  1934
⁃Nan istwa Lotrejou la, Se apwe twa jou gwo manifèstasyon nan Okap ( 26/27- 29 Janvye 1986), papy meriken ake manmie La Fwans te deside vin chache pitit gason yo Jean Claude Duvalier pou te anpeche moun anba nèt yo te vin pi Òganize pou Pwan peyi a nan men yo e bè y yon lòt dirèksyon ….
E Sa vle di  Nan anpil nan gwan moman istwa peyi a, Rejyon Nò a konn nan avan Gad pou gwo chanjman sn pwofondèr yo…
Anpil entèlèktyèl ki soti nan zòn jeyografrik sa ( Nò a oubyen Okap pou moun nan Sid) jwe yon wòl enpòtan Tou nan rechèch idantite oubyen otantisite pwojè Nasyonal Aysyen an…
⁃Pompei Valentin de Vastey, ( Bawon de Vastey pa Ekzanp)  yonn nan Sekretèr a Wa Kristòf Se yonn nan premye ekriven ki montre domaj, vòl, piyaj sistèm kolonyal la pote nan tèwitwa eksplwate yo nan liv li ki te rele : Le Système Colonial Dévoilé anvan Aimé Césaire ( Discours sur le Colonialisme), Albert Memmi ( Portrait du Colonisé), Frantz Fanon ( Peaux Noires, Masques Blancs), Eduardo  Hugues Galeano ( Les Veines Ouvertes de L’ Amèrique Latine et Mémoire de Feu/Trilogie)
⁃- Joseph Anténor Firmin sur l’égalité des Races Humaines . Aysyen pa dwe bèse tèt a yo devan moun ki genyen lòt koukèr po.
⁃Demesvar Delorme ki Se papa gwo kouran Nasyonalis nan politik peyi a parapòta peyi Etranje nan liv li “: Les théoriciens Au Pouvoir..
⁃Oswald Durand nan Rekèy Powèm li an “!Tires  et Pleurs li an rezime toiut sa ki bon nan peyi d’Ayti nou dwe renmen e onore: istwa l  ( Le Chant National), Nati a ( Si), fanm li yo ( Choucoune) zwazo li yon(?.WangaNègès, Kolibri)?
⁃Jean Price Mars ki dezabiye elit Aysyen nan “ La Vocation de l’élite e sitou ki envite elit Aysyen an pou y Sispann kopye sa ki pa pou li e pou  yon retounen nan sous Endyen nou ake Afriken nou si vrèman nou ta renmen Ayti chanje oryantasyon ni ekonomik, ni politik ni kiltirèl .
⁃Jean Baptiste Cinéas ki fè yon plèdwari pou travay latèr, wòl e enpòtans peyizan yo nan Konbit kolèktif pou pwodwi byen ake manje… ( L’héritage Sacré, Le Drame de La Terre).
Ekspoze Dade te pou montre enfliyans kèk plimeank ki soti nan Nò ( Okap) nan  konstriksyon  yon panse ki te ka Aysyen e ki te ka simante Lide  e vizyon majorite Aysyen yo pou boulvèse tout ansyen lòd ( feyodal, kolonyal) k ap kontinye  anpwazonnen e mafweze  sèvo eleman tout klas sosyal peyi nan relasyon yo e ki gen konsekans sou blokaj toit sans e toit jan peyi nou an….
Moun nan Nò /Okap ( Sa ki pi avanse yo nan peryòd kriz politik) toujou pote kontribisyon yo jan yo kapab pou ede Pèp Aysyen an nan tout zòn, tout rejyon, kout komin, tout Depatman, tout konpatiman sosyal yo pou konpwann “ enjeux Politiques” yo e pwan desizyon ki ka mennen Aysyen an jeneral nan chimen pou Konstwi yon lòt peyi  ki rele yo janti mèt, janti mètrès…
Pa gen matyè la pou nou pase tan nou ap diskite sou pasaj a yon Dasomann politik nan Vil Okap nan okazyon 18 Me e Ke tout peyi a deja rejte….   Ann konsantre nou sou jefò ki dwe kontinye fèt pou “ Bwa Kale” a pa rete sèlman yon “ slogan” ki ka rete nan wout….
Pou m fini… Gen yon bèl chante sou Drapo nou te konn chante nan tan pa m nan lise a chak lendi maten : Salut au Drapeau…
Se yon kreyasyon Christian Werleigh  Paroles et musique ki te fwape Anpil  Annette Legault ( Soeur Louise ) , Pròf Filozofi ki te vin damou
Pou Ayti apwe li te fin wè jèn fiy Kolèj Régina Assumpta Okap t ap chante bèl mizik sa pou yo monte drapo Aysyen an a lepòk:
“ Salut! Beau Drapeau de Vertières”
“ Saint emblème de l’Union
“ inspirez Nous, Couleurs altières “
“ De Dessalines et de Pètion
“ En ce beau jour de notre histoire
“ le 18 Mai mil huit cent trois
“ Tu parus pour guider nos pas
“ Vers le Soleil de la victoire
“ Et le maître vit en tremblant
“ Annonçant la nouvelle Aurore
“ Son bèl ètendard tricolore
“ Surgir amoindri de son blanc
“ Devant le drapeau de Vertières
“ Qui nous rappelle à l’union
“ inspirez nous Couleurs altières
“ De Dessalines et de Pétion…
Wilfrid Supréna…

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *