Pouki nou sezi la?
Massachusetts, USA, 05/19/2023 – Nivo pouriti pouvwa Ariel Henry a ansanm ak moun ki arebò l yo dwe fè nou ranmase karaktè nou pou n ogmante entansite ak volim Operasyon Bwa Kale y’a, yon fason pou n kapab bay Ayiti yon chans, tankou chante y’a di l.
Sèl moun san karaktè, san vègòy ki pou kontinye ap defann ekip Ariel Henry, madanm Helen Ruth Meagher La Lime, ansyen chèf BINUH ak yon tweet, nonmen Premye minis.
Nou ka konprann yon tweet, moun ki konn koze rezo sosyal byen va ede m pou di m konbyen karaktè an total yon tweet genyen.
Pèp Ayisyen se pou nou wè epi konprann longè derespektan ekip sendika Core Group la premye reprezantan newo kolon yo nan peyi nou an. Yon tweet ak konbyen mo souple, defini desten plis pase 11 milyon moun.
Jodi y’a tout kalamite nou ak tout Golgotha n ap sibi nan men gouvènman Akò, Akwòkò ak ekip majò jon André ak Marjorie Michel/SDP, Edmond le Supplice Beauzile/ Fusion, Sorel Jacinthe ak tout atoufè yo. Yo twouve sa pa ase, 21 desanm 2022 yo ajoute sou li yon sak pay ki rele HCT ak Mirlande Hyppolite Manigat, ki te sèmante anvan l mouri fòk li enskri nan CV, fòk yo ekri nan biographie li ke l te prezidan.
Se pou sa, madanm nan pa jennen chita sou pil kadav yo. Li pa wont pou l ap tande rèl fanm k ap sibi vyol ak kadejak chak jou anba zam bandi ak kravat nan pouvwa menm jan bandi ak sapat Gran Ravin, Canaan, Savyen, Vilaj de Dye, ap sakrifye medam ak ti fi yo kidnape yo.
Nou konprann atò se pat yon aksidan listwa lè Hilary Clinton te chwazi Mirlande Hyppolite Manigat pou l te marye l ak Joseph Michel Martelly lè li te vyole konfyans pèp Ayisyen an, pase vòt pèp Ayisyen an anba pye, pou l te anile eleksyon yo.
Nou konpran n chef bandi legal yo ak prezidan HCT an se pwason kraze nan bouyon, kabrit Tomazo menm plim, menm plimaj, pase pran m, ma pase chache w, se pou Hillary Cliton, la maudite te kapab fè “alliage” la fasil konsa ant yo 2 y’a.
Diplomat brezilyen Ricardo Seitenfus reprezantan OEA nan epòk lan esplike sa klè kon dlo kokoye. Ekip san kolonn vètebral/envètebre nan peyi isit yo kit nan KEP, kit nan Inite konfime l e le pèp ap sibi l jouk nan moman nou ye la.
Operasyon Bwa kale y’a se youn nan zouti pèp Ayisyen an genyen nan moman sa pou l defann tèt li, pou l pwoteje lavi l ak avni pitit li kont Core Group la, politichen san koutya yo, boujwa salòp yo,entèlektyèl depaman ak tout lòt envètebre peyi Dayiti ki kontinye vann nanm yo bay djyab pou lajan ak pouvwa.
MPM
20/05/2023.-






Se kanpe goumen l ye wi. Se vin pran chalè a sou beton an jan map pranl la a