PHTK Se Yon Tranblemandtè

PHTK Se Yon Tranblemandtè

Reginal Souffrant

PHTK se yon michan tranblemandtè:
Li mete do eritaj kiltirèl yo atè;
Souflèt pou ewo nasyonal yo_ PHTK ki lotè!
Li souse trezò piblik la ra pye tè.
Li ratibwze agrikilti nou pi mal pase vè tè.
Vòlè, asasen, dwòg dilè tounen palmantè.
Anpil bravo ap bat pou sanzave-raketè.

 

Goud peyi a ap tranble kon yon vye motè,
E koripsyon fè dola monte disèt wotè.
PHTK san vizyon; se yon bann aktè:
Yon ribanbèl sendenden, gwaril ak eskamòtè
Ki degize an sen, an sakrifikatè.
Yo bay kout poud menm jan ak malfektè.
Yo kraze kay melere menm jan ak traktè
E yo fizye inosan k ap viv nan katye popilè.

Peyi a sal! Nou pa menm ka resevwa visitè.
Jènn yo gen yon sèl refij: pran kanntè
Pou yo al netwaye watè, manje watè.
PHTK se yon bouyon sal ki charye eskamòtè
Ki bay pèp la gòl ak men kon yon move bitè.
Li chifonnen volonte pi fò votèz ak votè,
E li fè imoralite enfiltre tout sektè.

Ayisyen, pran nòt: jounalis kon notè:
Pèp la bite, men li pap jann fè bèk atè.
An nou fè yon kokouwouj: iletre kon inivèsitè
Pou rebay sezisman zansèt nou yo te bay Vètyè.
An nou kase fèy bèk kafetyè
Plan lanmò ki vle se vakabon-eksplatè
Ki pou sèvi n dirijan ak navigatè.
______________________________
Rejinal Soufran

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *