Petro-Caribe !

Port-au-Prince, Haiti, 08/25/2022 – Mwen pa konnen si nou remake menm sa mwen remake a : se apre dosye Petro-Caribe a te komanse ap pwovoke mobilizasyon nan peyi a ak kèk bat bouch lajistis gang anvayi peyi a ak vyolans konsa e Potoprens vin envivab.
Nan kout kat la, tèlman bandi anvayi Leta a, tèlman gang ap simen laterè nan kapital la e ke tout moun ap chache sove lavi yo, jere poch yo ak pouvwa yo chak jou, pèsonn lidè politik, lidè sosyete sivil, okenn dirijan Leta a pa pale de dosye Petro-Caribe a ankò. Dosye a tou bwè luil.
Eske se pa yon plan mafya politik ak ekonomik ayisyen marye ak pwojè etranje anti-Ayiti ki lakoz Leta Kraze, prezidan asasinen, kapital la detui, gang vyolan ap fè lalwa ? Mafya politik ak ekonomik alye ak gang gen plis pouvwa nan peyi a ke aparèy Leta a. Nou mele. E poutan…
E poutan pwojè politik pa nou an di fòk mafya politik ak ekonomik sa rann kont sou lajan Petro-Caribe a. Fòk yo rann kont sou lanmò Prezidan Jovenel ak Mèt Dorval. Fòk met gang yo, gwo potanta ak kostim entouchab yo rann kont sou gang yo kreye yo, sou trafik politik, trafik zam ak minisyon ki pouri lavi lajenès nan geto yo. Pwoblèm gang yo dwe rezoud dabò nan Leta a ak nan sektè brasè ekonomik yo. Sinon se lave men siye atè.
Petro-Caribe pa dwe mouri. Si li mouri, Larepiblik ap toujou rete entatad nan koma, Leta ap toujou sou koup mafya politik ak ekonomik e gang ap toujou rete mèt ak senyè nan peyi a. Fòk rèy mafya sispann an Ayiti. M trè serye lè m di sa. Jou va, jou vyen…
Daly Valet
25 dawou 2022





