PÈSÒN PA « APRE-DYE »

 

PÈSÒN PA « APRE-DYE »

Pa Réginal   Souffrant

—————————

Gason an te kwè i te yon ti Jezikri.

Zòt te panse i te yon zo pwason di.

Epoutan, se yon moso banann mi

Ki bay li so kabrit, e jete l sou galeri.

 

Tout gwo ansyen zanmi yo vin lènmi

Paske swadizan zamitay la se yon endistri

Ki makonnen ak enterè, e ki gen yon pri.

Se sa ki fè lanmò fleri nan plas lavi.

 

Ban m ba w yon bon konsèy ti papi :

Sekirite pa kache nan zam, nan enfantri,

Nan Atilri ak kavalri. Lè w fè mal, lanati

Tande w, jije w, e kondane w kon yon jiri.

——————

Réginal  Souffrant

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *