Pep la dwe prepare teren yan!

Pep la dwe prepare teren yan!

Marcel P Mondesir
Massachussetts, USA, 01/14/2022 – Yon teren ki pyeje ak pikan kwenna ke ennmi pwogrè te kòmanse simen depi aprè lanmò Papa Dessalines sou Pon Wouj nan dat ki te 17 oktòb 1806. Depi lè sa, plis pase 200 zan aprè, ansanb ak zanmi yo, move laron nan mond entènasyonal lan, nèg ak fanm peyi Dayiti ki pa vle wè yon la vi miyò pou nou, yo kontinye ap pyeje e simen tout move pikan sou tout wout chanjman ki ta dwe mennen nan devlopman ak demokrasi ke nou toujou reve an.
Ayisyen kouman nou ye epi kote nou,fwa sa nou vin di Ariel Henry ak tout manje ranje parèy li yo tankou Fusion, SDP, Nouhla, Verite, Inite, Alexis Tolbert, sendika Core Group la,  tout sila yo k ap travay anba chal, tankou rongeurs k ap manje tout sa w posede san w pa janm kapab kenbe yo, menm nou rive sou yo?
Ayisyen èske nou konnen si nou pa pale, se lènmi nou yo k ap pale pou nou e kòm dabitid se kont enterè nou y ap pale?
Ayisyen anndan lakay tankou nan dyaspora èske nou konnen zafè  baboukèt la, koze plenn nan mouchwa, epòk auto censure la fini? Paske kit ou rantre nan koki w, ou rete anndan lakay ou, kit ou vin pile beton an, se menm tretman nou sibi anba tout bandi yo. Alòs poukisa pou n rete kache anndan lakay nou?
Ayisyen ki lòt madigra malmaske, ki lòt gwo malè, ki lòt Akò Akwòkò n ap tann pou yo foure nan gòjèt nou pou n kapab leve kanpe, pou n kapab aji? Aji pou defan n dwa nou ak tout fanmi nou
Ayisyen nou wè tout sa nou move tretman ke nou te viv, tout move kalamite je nou te sibi nan ane 2022 y’a. Èske nou dakò reviv menm sitiyasyon sa yo ankò nan 2023?
Ayisyen èske nou dakò pou ba lavi nou yon lòt sans nan lane 2023? Ayisyen, èske nou rive idantifye ak wè tout moun k ap toupizi n yo. Moun ki anpeche n reyalize rèv nou? Ayisyen ki desizyon n ap pran kont tout moun sa yo ki, chak jou, ap toupizi nou yo?
Ayisyen kouman pou n fè pou nou di tout moun, tout peyi k ap kenbe, k ap sipòte Ariel Henry yo nou pa ni nan Ariel ni nan yo menm, ni nan Akò 21 desanm 2022?
Ayisyen kouman pou nou di yo Akò pa nou an se dechouke Ariel Henry ansanm ak tout manje ranje ki ansanm ak li yo ap fè nou fè rapò si?
Konbatan leve kanpe.  Rasanble fòs nou.Pran zouti w
Pou n ale au fwon. Mache pran yo. Remèt yo bay Lajistis pou yo kab peye kont tout sa yo fè peyi an.
Konbatan leve kanpe. Gade anwo, gade anba: Di ak tout Fòs ou,  an avan! An avan! An avan! Sak ret dèyè n ap defann yo. Sa k tonbe nan batay la, nap vanje yo.
Chak solda ki tonbe, b ap ranmase kadav li. Chak gout san ki koule, nvap siye l ak zouti nou.
Medam yo mare senti nou! Mesye yo twouse ponyèt nou. Grenadye Alaso!  Ayiti pa ka mouri! Ayiti pap mouri!
Fwa sa, pitit li yo ap vanje l tout bon!
Marcel P. Mondesir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *