Pep Ayisyen pran nan pèlen !
Mezanmi se Konsa lè sèten Tèt poul, opòtinis deside vann konsyans yo, vann Nanm yo, vann pèsonalite ak diyite yo, yo tankou Moun ki “soufri maladi pèt memwa”, yo tankou Timoun k ap depale pou granmoun kapab ba yo plis manje pase lòt yo anndan kay, yo pi mal pase Moun kap fè sèvis siveye rapòte.
Se konsa imaj la lèd lè Moun deside vann konsyans ou, renye tèt ou, renye orijin ou pou lajan ak pouvwa.
Pa gen egzèsis pi difisil nan lavi yon moun pase sa André Michel fè nan emisyon gwoup radyo télé Magik 9 la jou 29 Mas 2023 a.
Opòtinis Tèt poul la, André Michel ki di li koupe fache ak Lamizè paske li vann konsyans li, choute deyò nèt, montre tout mechanste, tout nivo asasen ak sinik ekip Akò Akwòkò Dezakò 21 desanm 2022 y’a ki akouche yon HCT, ak yon granmoun ki pèdi wòl li, Yon Granmoun ki li menm tou sanble t ap travèse move pass, Madanm Mirlande Hyppolite Manigat, pou n pa site non l, kote ekip sa vin mete Ayiti ansanm ak tout Ayisyen nan yon eto, yon tunnel antre pa soti.
Lè nou dekòtike pawòl Abolotyo André Michel yo, nou fini pa konprann ekip Akò, Akwòkò Dezakò 21 desanm 2022 y’a ansanm ak HCT Madanm Mirlande Hyppolite Manigat se Yon lòt Zo pwason, Yon lòt distraksyon, Yon lòt Thé kowosòl Madanm La Lime kite pou nou Pèp Ayisyen anvan l ale.
André Michel vle fè nou konnen ak Akò, Akwòkò, Dezakò 21 desanm 2022 y’a tankou Ariel Henry ak ekip atoufè l yo ap fè l la se yo menm sèlman ki genyen tout bon vre pouvwa pou deside nan ki tan epi sou ki fòm y ap wete Ayiti anba Kwa madoulè yo mete l la.
Tout jwèt Yoyo,
tout ale vini,
tout swadizan mezantant kominote entènasyonal la sou kouman pou ede Ayiti kwape gang yo,
tout rale bouda dèyè Etazini, Kanada ak Nasyonzini nan mete mwayen pou lage koukouwouj tout bon vre sitou dèyè bandi legal, bandi ak kravat yo.
Mete sou sa:
ogmantasyon zak kidnapping yo;
ogmantasyon vyòl yo;
ogmantasyon lavi chè y’a
ogmantasyon enflasyon an
ogmantasyon dekapitalizasyon kouch mwayèn yo;
ogmantasyon ensekirite a pou anpeche lekòl la louvri ak repriz menm aktivite ekonomik enfòmèl yo; se pa okenn aksidan, ni paske gen yon fòs lanati k ap pini peyi DAyiti ansanm ak Pèp Ayisyen an.
Tout aksyon dekourajman ak destriktè sa yo rantre nan GWO PLAN Machiavel, gwo plan kominote entasyonal ak maryonèt jiwèt yo nan peyi y’a. Yon ekip maryonèt jiwèt opòtinis, souf kout makonnen ak yon klas dAfè flibistye ki sèl sa yo konnen se ranmase lajan sal nan tout move kondisyon jis yo rive livre pwòp fanmi yo. Tout manje marasa yo, tout patripòch sa yo genyen apwi yon gwoup swadizan ideyològ entèlektyèl/plimeyank k ap demantilibe sèvo popilasyon an, detounen lespri Moun ak Yon seri “arguties” décousues comme leur visage blasé et misérable. Ces intellectuels-là font pitié. L’interview de celle qui occupe deux ministères stratégiques au sein de ce gouvernement tordu et décousu en dit long.
Boukan News
Photo: www.lapresse.ca





