Pèp Ayisyen kale je w

Pèp Ayisyen kale je w

Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 10/11/2022 – An n louvri lespri n, an n kale je n pou nou kapab byen konprann plan Machiavélique Ariel Henry ak rès tyoul li yo plis Core Group la pou rive nan okipasyon an.

Pèp Ayisyen li enpòtan pou n konprann plan mafieux y ap aplike sou nou la. Gade kouman bandi yo rive pran kontwòl 2 antrepriz ki nan jiridiksyon Kabarè y’a epi tou 2 sou trajektwa Côte des Arcadins, une zone de plages.

Se pou montre tout bon PNH la pa kapab fè anyen. PNH la enpwisan tout bon. PNH la fè bèk atè douvan bandi yo ki fè se nan menm moman Ariel Henry ak rès Conzé parèy li yo livre peyi y’a bay entènasyonal. Nou wè ekip bandi IZO yo deplwaye yon Fòs de feu ekstwòdinè epi ak chaloupe sou lanmè y’a  pou vin pran kontwòl Minotri ak Siman Dayiti. Èske nou konnen Siman Dayiti kounye y’a travay men nan men ak Simantri nan peyi Kolonbi? Kolonbi yon peyi ki pa pote pantalon l pou bèl twal ak bandi ki rele bandi. Konsa, si sa pat anndan gwo plan destabilizasyon pou fè pifò Ayisyen genyen latranblad, pou ogmante laperèz lakay Ayisyen yon kòmando peyi Kolonbi t ap deja pran kontwòl Simantri a epi disparèt IZO ak rès makak li yo.

Pèp Ayisyen louvri Je nou. Pèp Ayisyen reveye nou. Pèp Ayisyen pran tan nou pou n antre nan pwofondè chak zak bandi yo ap poze ak “remote kontwòl” patwon yo ki dakò pou vin okipe nou, ni soufif ki siyen pass dwa ba yo pou vin imilye nou yo.

Yon lòt fwa nou di Ariel Henry- Fusion-SDP-Inite-MTV, Jean Tolbert Alexis, Rosemila Petit-Frère, Génard Joseph, Sorel Jacinthe, Litz Quitel, Emmelie Prophète,Nesmy Manigat, Bertho Dorcé, Ricard Pierre, Ricarden Saint-Jean, Jean Victor Généus ak tout rès Gouvènman plis Sekretè jeneral Palè nasyonal la, Sekretè Jeneral Konsèy Minis yo, Sekretè Jeneral Primati y’a nou konprann jwèt la, nou te deja konnen se Machiavel yo ye. Men se nan poubèl listwa tankou Conzè y ap fini.

Gen lòt “actions d’éclat” pi sal toujou bandi yo gen pou antreprann yon mannyè  pou ogmante presyon ak laperèz la lakay nou, jouk pou fòse “popilasyon” an pran lari pou mande iisa okipan yo ap tann ki fè yo poko ateri.

Ariel Henry ak tout bann Alye akò akwòkò 11 Septanm 2021 yan Vous êtes toutes et tous des Conzé, des cyniques, des Machiavel et des tyoul des flibustiers nationaux et de la mafia internationale qui veulent l’extinction d’un peuple vaillant, courageux et résiliant comme le peuple haïtien.

Ayisyèn ak Ayisyen anndan kon nan dyaspora yon sèl modòd manifeste rejè nou sou tout fòm nou konnen mesaj la ap byen pase pou montre tout bon vre nou refize, nou di non kont okipasyon an.

Dyaspora nan peyi Etazini nou genyen yon gwo gwo misyon anvan eleksyon mwa novanm 2022 yo pou renouvle “House of Representatives” (Depite yo) ak yon moso nan Sénat. Se pou nou fè Demokrat yo konnen peyi Dayiti pa kapab ankò. Lap toufe tèlman yo mete pye sou kou l.

Qui vivra verra! Sa k mouri yo foumi ap pote nouvèl ba yo pou di yo jan Ariel Henry ak bann parèy li yo fini devan listwa ak devan je pèp Ayisyen an.

Bòn semèn nan yon rezistans kalitatif pou n kapab rive kote n vle y’a.

Marcel Poinsard Mondésir, agwonom

 

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *