Pèp Ayisyen di, li pa Kapab ladan l!

Pèp Ayisyen di, li pa Kapab ladan l!

Marcel P Mondesir

Massachussetts, USA, 12/06/2022 – Apre Lasalin kote youn nan chèf gang yo te kòmanse montre longè banditis li ak   kriminalite l; pèp lan pale pou l di li pa kapab ladan l.

Apre Kafou Fèy kote jodi y’a ankò popilasyon an pa konn ki Sen pou l rele pou vin pote l sekou; li di menm bagay lan.
Apre Kwadèboukè gen yon lòt chèf bandi ki fè nou konnen ke listwa Wa Maj yo ki te rakonte dans « Les Saintes Écritures », an se pat yon fiksyon, ni « un comte de fée ». Se tout bon vre dapre otaj ameriken yo, se zetwal nan syèl la ki te oryante yo, pèmèt yo sove kote lanmò san jou te sekestre yo a.
Apre bandi Savien ak Gran Grif fin fè Vale Latibonit tounen « le désert du Sahel » où rien ne pousse, epi jounen jodi y’a, plis pase 60% Ayisyen nan yon « insécurité alimentaire grave ».  Grangou k ap titiye popilasyon an pa gen siyati ankò paske li pi fò pase grangou klowòx PHTK premye ak dezyèm vèsyon an. Tout pwodui esansyèl ki se lòt kote pou machann soti ak yo pri yo anpil fwa miltipliye pa 3 nan zòn tankou Dammari Anzdeno ak Lèziwa(Kòt Sidwès Grandans lan). Rezon an senp nou pi lwen, nou pa gen wout, pri tèt moun nan machin se lajan pou achte yon gazèl bèf.
Apre divès sekans peyi lock pou pote pouvwa ki soti nan Akò Akwòkò 11 septanm 2021 an tande larezon paske dwa moun ap vyole, tifi ak fanm pa gen okenn respè ak sansiblite devan je bandi legal yo. Pou prèv, nan zòn Canaan se devan papa, mari ak tonton bandi san fwa ni lwa yo vyole tifi, fanm ak menm granmoun twazyèm laj. Fòk nou admèt bandi sa yo pa gen anyen ki sanble ak Imanite lakay yo. Ils deviennent des décérébrés sous l’effet des drugs durs qu’ils ont eux-mêmes fabriqués.
Apre divès imilyasyon Lapolis sibi anba men bandi tout kalte depi nan lanmò 4 polisye, 12 mas 2021 nan Vilaj de Dye kote jouk jodi a « leurs parents et leurs frères et sœurs d’arme n’ont pas encore fait leur deuil vu qu’ils n’ont pas eu la chance de récupérer leurs corps »,. Pandan ke gen yon Prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), ki se pi wo, pi gwo enstans estratejik ak desisyonèl PNH la nan zafè sekirite.
Apre pil ak pakèt rate gaz pwograme peyi y’a sibi, gaz ki se yon pwodui transvèsal, konsa tout kouch sosyal ansanm ak tout sektè nan ekonomi peyi y’a pran gwo kout zepon, kote chaj jou ki pase, konsekans yo  ap vini ankò pi grav pou sa ki pi pòv yo.
Apre pouvwa Tèt  Kale an finn kale tèt peyi an epi chante lantèman Administrasyon piblik la, jodi an tout enstitisyon yo atè plat. Koze 3 pouvwa Leta(lejislatif, jidisyè, egzekitif) se nan liv enstriksyon sivik yo egziste pou pèp Ayisyen nan moman sa. PM Ariel Henry cumule à lui seul tous les pouvoirs et exerce avec une autorité et une arrogance implacables les pouvoirs que seul un Monarque du 14ième siècle détient le secret.
Apre gang fin okipe tout 10 depatman gewografik peyi a  espesyalman kapital la ak zanviwon l yo, ou ta anvi di ak dizon tout ekip Akò Akwòkò 11 septanm 2021 an, Ayiti nan moman sa, tounen « un cancer métastase », sa vle di nenpòt kote w rete, ou gen yon bandi ki kòmande zòn nan;
Apre pouvwa sa finn antann li wete tout trip peyi y’a; nan fòse pifò Ayisyen sitou jenn yo vwayaje pou peyi etranje. Anpil ladan yo se nan egzil fòse yo ye. Ayisyen tounen Jwif eran e anndan peyi yo e nan peyi etranje.
Apre mesye otorite yo fin wete tout kwann pwès peyi y’a sou li lè li fòse jenès la antre nan tout kalte pwomiskite (tisourit, dwòg, gang, pwostitisyon); jounen jodi an, Ayiti tonbe plat atè.
Apre yo fin redwi tout ekonomi peyi y’a pi mal pase yon ti kiyè kafe, enflasyon an se:38%.
Apre imilyasyon frè ak sè nou ap sibi anba men nasyonalis fou peyi Sendomeng « nous revivons dans nos chairs les pires pratiques, les pires tortures des temps de l’esclavage »,. « Un temps que les fils des Bossal savaient révolu.  Car après avoir mis en déroute la plus grande armée française de l’époque pour nous arracher des chaînes des colons », li pa nòmal pou Ayisyen ap viv devan tout mond lan imilyasyon sa yo, pou gouvènman an pa raple Chaje Dafè l la lakay vwazen.  Pou l pa konvoke yon reyinyon espesyal enstans Dwa Moun yo ni nan OEA, Òganizasyon rejyonal la, ni nan Nasyonzini. Menm si Manno Chalmay defen di nou « Òganizasyon Mondyal yo pa pou nou yo Ye », men nou ta yon lòt fwa ankò wete mask yo genyen yo nan figi yo.
Apre ke otorite yo yon lòt fwa ankò, nan jwèt koken pa bay okenn fasilite ak kondisyon pou elèv yo reprann chemen lekòl, paske li bay bandi yo kat blanch e li monte gaz la, yon pwodui transvèsal 128% du jamais vu par un État qui se dit responsable;, peyi a ap rantre plis nan twou.
Kouman pou jounen jodi y’a  premye minis, prezidan, monarque ki woule tout moun nèt ki te dispoze chita ak li pou jwenn yon chemen pou wete Ayiti dans cet Abyssal, kouman li kapab yon eleman solisyon?
Wi se pou moun ki lucide, ki konn sa yo rele gouvènans peyi, ki dakò pou yon moun dirije peyi fòk ou kwè nan pèp, fòk ou gen lespri patriyotik rive mande kouman pou Ariel Henry kapab anndan nenpòt demach, nenpòt pwopozisyon pou rezoud kriz Ayiti a ?
Kelkelanswa enstans ki ta vle pou Ariel Henry anndan solisyon pou soti Ayiti nan katyouboumbe li ye la, se tankou yo ta mande Ayisyen achte piman  pou n badijonnen tout kote sansib nan Kò nou. Alòske nou pa Gede. An rezime se voye nou touye tèt nou pou kont nou.
Pousa, n ap di tout moun kap klewonnen chanson fòk Ariel Henry, Doktè newològ ki pèdi plizyè fèy nan sèvo pa l la se yon eleman solisyon nan kawo Ayiti y’a, yon gwo mèsi.
Marcel P. Mondesir
Photo: Courtoisie Haiti Liberte

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *