Pèp Ayisyen an n òganize rantre sosyal, politik ak akademik pa nou tout bon vre Ane sa a.

Pèp Ayisyen an n òganize rantre sosyal, politik ak akademik pa nou tout bon vre Ane sa a.
Marcel P Mondesir

Nan anpil peyi kounye y’a se Mouvman Rantre politik,

Rantre eskolè
Ak rantre sosyal k ap fèt
nan kòmansman mwa Septanm nan.
Nou menm nan peyi Dayiti ki rantre n ap planifye?
Si nou vle montre nou responsab;
Si nou vle pou kominote mondyal la rekonèt nou Kòm pèp;
Si nou vle antre nan
Kominote nasyon yo tout bon vre;
Nou genyen yon sèl rantre
pou nou planifye, pou nou òganize.
Lari bloke ak dife

Se antre Ayiti ak tout pèp Ayisyen nan kominote moun ki egziste, nan kominite pèp k ap viv tankou moun viv.

Konsa, bou gen pou nou degaje tout bon vre Ariel Henry ak tout ekip li yo sou pouvwa.
Nou gen pou mete kanpe yon ekip fanm ak gason konsyan dapre tout dyagnostik nou fè sou eta malad la, Ayiti, pou yo pran chay epi, piti piti ansanm ak tout lòt yo ki dakò fòk peyi an tounen sou moun, repare l.
Nou gen pou fè yon antre kote davans n ap di kominote entènasyonal la, Nasyonzini espesyalman mouche Ariel pa chèf peyi y’a li pap kapab vin kanpe anfas lemond pou pale nan non Ayisyen. Fòk pawòl sa klè depi jodi y’a.
Nou gen pou n fè yon antre akademik/eskolè ak fèy wout tout aktè nan sektè edikasyon an antann yo pou rekonstwi lekòl Ayiti y’a. Yon lekòl k ap akouche Nlnouvo sitwayèn ak sitwayen Ayisyen an.
Nap fè rantre sosyal la ak rezilta tout konsètasyon makonnen ak batay ouvriyèz, ouvriye yo mete ak entè sendikal yo kote yo defini nouvo règ travay yo ak tout kondisyon pou anplwaye ak travayè fonksyone. Nan regleman sa yo, koze salè pwatrinè a tou antere.
Nap fè yon rantre jidisyè ak tout yon nouvo ekip k ap genyen pou netwaye « les écuries d’Augias » dans le monde de la basoche. Yon ekip k ap fè yon bale wouze, san paspouki, san mounpayis.  Lajistis ki se yon fanm je fèmen ap pase pran pit kon mawo, zanana kon pengwen. Et nous réinstallerons une justice digne de la République de nos aïeux. Une justice qui ne se donnera pas aux plus offrants, mais selon les prescrits de la loi et des Conventions internationales signées et ratifiées par la République.
Nap fè yon rantre pou montre nou fini tout bon, e n ap demontre sa, Haïti n’est plus une République bananière, une République singulière. Une singularité retrouvée au travers des qualificatifs tels: corruption, carrefour de la drogue, pays sensible aux trafics illicites de toute nature et patati et patata.
Non cette rentrée devra laver toutes les souillures subies depuis le Pont Rouge en passant par l’affaire Ludhers pour arriver aux trois dernières occupations sous une décennie avec les diverses missions maquillées des Nations-unies.
N ap rantre kote Ayiti ak tout pitit li yo pral montre lemond nou se granmoun nou konn sa nou vle, nou konnen kouman pou n reklame sa nou vle y’a sitou nou konnen tout disposizyon pou n pran pou fwa sa nou konsève sa nou vle y’a.
Nan mitan mwa septanm nan se pa mouche Ariel Henry ak parèy li yo ki pral pòt vwa nou nan 77ième Sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini yo.
Konsa mobilizasyon yo, leve kanpe yo k ap fèt nan tout rejyon nan peyi DAyiti dwe ranfòse, miltipliye tout kote ak plis disiplin toujou. Dyaspora dwe leve kanpe. Ayisyen nan Onzyèm depatman yo sitou sa k nan peyi Etazini yo moman rive pou n tounen devan Biwo Nasyonzini nan Nouyòk pou n al pale ak mouche Antonio Guterres, Sekretè Jeneral Nasyonzini pou n di li se pa mouche Ariel Henry k ap vin pale nan non nou menm pèp Ayisyen anndan tankou deyò peyi y’a. Manje ranje sa ki se Ariel Henry y’a « sera remis à ses parents » de Core Group, BINUH, OEA espesyalman papa l  ak manman l Joe Biden ak Kamala Harris.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *