Pèp ayisyen ak pèp ikrenyen, 2 viktim menm enperyalis la

Pèp ayisyen ak pèp ikrenyen, 2 viktim menm enperyalis la

Morisseau Lazarre

Boukan News, 09/25/2023 – Ayisyen tankou obsèvatè etranje ki gen yon minimòm nosyon nan istwa Ayiti, konprann trè byen jwèt bosal ou voksal – tankou anpil moun ta di – nouvo kolon yo kontinye ap manniganse kont pèp ayisyen jounen jodi a, menm jan yo fè sa nan plizyè peyi y ap toupizi depi byen lontan. E, malgre nouvo kolon sinik yo itilize tout kalte zam e tout kalte trik; malgre yo sèvi ak diferan esklav jepeteklere tankou esklav plim e ank san kolòn vètebral tout plim tout plimay, obsèvatè avize yo toujou konprann byen vit chak desizyon ki pran kèlkeswa jan yo makiyel.

Sepandan, nou pa inyore tou nouvo kolon yo, ki konnen fen e byen y ap jwenn ak rezistans pèp ayisyen an, toujou gen tout kalte plan makyavelik, dyabolik A, B, C, D, elt., pou fòse Ayisyen natif natal tounen jwiferan e detwi sa yo ki refize depeyize, yon fason pou yo fè dappiyanp sou tout resous bèl peyi sipè rich sa ki rele Ayiti a. Se konsa, apre plizyè plan dyabolik nouvo kolon yo deja itilize pou netralize san siksè pèp ayisyen an, menmjan yo te itilize lame makout la ak kò tonton makout la ki pat lòt bagay ke yon kò gang, ki te gen pou chèf, konsekitivman, papa tig François Duvalier e pitit tig Jean-Claude Duvalier, fwa sa a, yo vini ak yon lòt plan ki pi kriminèl: yo sèvi ak gang elit ekonomik lan, gang elit plim e ank lan, gang elit politik la, gang laprès e gang jèn dezevwe yo, pou chase Ayisyen, fini ak pèp ayisyen e pran bout tè sipè rich sa ki rele Ayiti a nèt pou yo.
Alòs, nou ka kanprann fenomèn gangsterizasyon kriminèl Ayiti a pa osi senp jan anpil konpatriyòt kwè-l la. E jounen jodi a, ak anplè aksyon kriminèl gang yo pran, veleyite enperyalis la montre e demach li antreprann pou yon lòt swadizan fòs ame miltinasyonal rantre nan peyi a pou swadizan vin sove pèp ayisyen, pandan li kanpe an kwa kont tout demach politiko-sosyal ideyal Ayisyen patriyòt pou korije sitiyasyon enfènal pèp ayisyen ap viv la, kòmande nou pou n fè vyolans sou tèt nou enteletyèlman pou n evite tout esplikasyon senplis fenomèn gangsterizasyon kriminèl Ayiti a ak tout kalamite li trennen dèyè-l pou pèp ayisyen an.
Lè sou gouvènman Jovenel Moïse la gang yo te koumanse ap fè masak, ensandye kay ak biznis moun nan plizyè zòn nan Pòtoprens, otè tèks sa a te mansyonnen nan de (2) atik rezon kreyasyon gang yo, kiyès ki vrè mèt yo e rezon travay kriminèl yap fè a. Otè tèks la te fè konnen tou se pratik enperyalis la depi lontan nan sèvi ak fòs paramilitè ki konpoze ak tout kalite eleman antisosyal e endezirab nan plizyè peyi ann Ewop, ann Azi, Afrik e ann Amerik – kote li pè osnon pa vle debake ak lame pa-l – pou kreye gè sivil ak enstabilite pou fose chanjman l ap chache a e atenn objektif enperyalis li. E depi kèk jou n ap swiv diskou plizyè lòt konpatriyòt ki montre yo konprann jwèt dyabolik enperyalis la nan peyi Desalin lan, ki pran kouraj yo ak de bra nan denonse vètman enperyalis la – ak tout chen an kravat li  yo – kap mennen yon gè kriminèl ki pa gen non kont pèp ayisyen, pandan li vle fè tèt li pase pou «zanmi» e menm «sovè» pèp ayisyen.
Sepandan, mwen gen on pwoblèm ak sèten nan kategori konpatriyòt sa yo ki, malgre jan yo wè lwen nan analiz yo, poutan y ap benyen nan yon gwo kontradiksyon lè yo swete pou enperyalis la ta bay pèp ayisyen èd pou goumen kont gang yo. E, yonn nan fason yo eksprime sa, se nan fè konparezon ant «èd» enperyalis la «bay» peyi Likrèn pou goumen kont Larisi, alòske li «refize ede» Ayiti goumen kont gang. E yo ale pi lwen pou di rezon an se paske Ayiti se yon peyi nèg e Blan an ensansib paske «se nèg nwè kap touye nèg nwè». Anverite, m konn fremi lè map tande refleksyon sa yo ki soti nan bouch plim e ank sa yo!
Mezanmi, annou klè sou sa: premyèman, si nou dakò se enperyalis la ki vrè mèt gang yo k ap fè djòb detwi Ayisyen, kouman nou konprann pou l ta bay Ayiti èd pou derasinen gang? Konmsi nou konprann enperyalis la sòt nan pwen sa? Dezyèmman, ki pawòl mafreze sa kòmkwa Blan a ensansib paske se nèg nwè k ap touye nèg nwè» a? Lè enperyalis la ap defann enterè ejemonik li, enterè vital li, nou panse li nan fè konsiderasyon osnon diferans ant ras ak koulè po? Tout agresyon enperyalis la fè oubyen dirèkteman oubyen pa pwokirasyon nan peyi ewopeyen yo, nan peyi azyatik yo e nan peyi ameriken yo, kote li touye, ratibwaze, masakre plizyè santèn milyon kretyen vivan, te dwe pike kiryozite nou osnon konsyans entelektyèl nou anvan nou repete nonsans nou an. E pou kesyon plizyè milya dola «èd» nou di enperyalis la «bay» peyi Ikrèn lan menm, annou klè sou sa: se enperyalis la k ap fè lagè ak Larisi, kote li sèvi ak peyi Ikrèn kòm chann batay, prezidan popetwèl Volodymyr Zelensky kòm kòmandan an chèf e pèp ikrenyen an kòm bèt nan labatwa osnon kòm vyann pou kanno. Sa vle di lagè nan peyi Ikrèn lan pa lòt bagay ke lagè enperyalis la kont Larisi. Alòs, kantite lajan ak zam Zelinsky resevwa yo pa ni kado ni èd a pèp ikrenyen an vre. Okontrè, se detwi enperyalis la ap detwi pèp ikrenyen an nan foli ejemonik li e nan èn li genyen pou Larisi ki deside fòse solèy kouche sou enperyalis la. Jou ki te 1e janvye 2023, senate etazinyen Linsey Graham te deklare: «Mwen renmen chimen nou pran an. Ak zam e lajan ameriken, Ikrèn ap goumen ak Larisi jiska dènye grenn Ikrenyen an.» E jou ki te 6 sektanm 2023, pandan l t al f on vizit an chatpent nan Kyiv osnon Kiev, kapital peyi Ikrèn, Minis Zafè Etranje Antony Blinken te fè on deklarasyon ki pa depaman ak pa senatè Graham nan lè l te di: «Li klè Wachintonn gen plan pou l kontinye finanse lagè a jiska dènye grenn Ikrenyen an.»
Nou pa konprann sa sa vle di toujou? Enperyalis la tèlman sinik e lach li pè voye pwòp sòlda pa-l al goumen ak Larisi, menmjan l te fè nan peyi Yougoslavi, Libi, Kosovo, Irak, Afganistan, elt. Paske l konnen li pa t ap gen ase sak pou mete kadav e pèp etazinyen an t ap fann nan dengonn tchoul sistèm lan, e sa t ap pimal ke leve-kanpe kont lagè Vyetnam lan. Wi, se t ap rèl kay Makorèl! Yo chwazi itilize pito lame nazifye ikrenyen an ak milis nazi yo pou goumen pou yo e detwi peyi Ikrèn. Dapre sa jonalis Michel Collon rapòte, nan lane 2015, George Friedman, ki te yonn nan responsab pernsipal nan plizyè pòs nam peyi Etazini, e yon estratèj, yon konseye Mezon Blanch e Pentagòn, elt., te deklare devan Council of Foreign Relations lan: «Larisi di se Peyi Etazini ki te fè koudeta Mayidann lan. E wi, se koudeta ki pi endiskitab nan istwa lemonn; nou te fè-l paske Larisi t ap anmède nou nan peyi Siri e nou te deside pwovoke latwoublay nan peyi Ikrèn.»
 E wi, se pa ti masak ki te fèt sou Ikrenyen e Ikrenyen risofòn yo, espesyalman lè sa a. Kidonk nou wè enperyalis la pa gen pwoblèm pou l detwi peyi Ikrèn ak tout pèp li ki se poutan Kokazyen, kidonk «Blan je vèt», jis pou l defann enterè jeyopolitik li e jeyoekonomik li. Dayè, dapre plizyè espesyalis nan zafè lagè ann Ikrèn lan, tankou kolonèl retrete etazinyen Douglas MacGregor, yon ekriven, konsiltan e komantatè televizyon, kolonèl retrete William Scott Ritter Jr, yon ekriven etazinyen, analis nan zafè Relasyon Entènasyonal e ansyen Enspektè Komisyon Espesyal Nasyonzini pou Kontwòl Zam, pou m site 2 pesonaj sa yo sèlman, peyi Ikrèn pèdi prèske mwatye nan popilasyon-l, tèlman Ikrenyen kouri kite peyi yo, e san kote kantite lòt ki peri nan gè a. E li fè konnen tou peyi Ikrèn prèske kraze nèt.
Alòs, enperyalis la pa gen okenn èd li bay Ikrenyen yo jis paske yo se «Blan». E se pa paske Ayiti se yon peyi nèg nonplis ki fè enperyalis la ensansib paske «se nèg nwè kap touye nèg nwè». Nan toulède ka yo, se enterè jeyopolitik, jeyoekonomik e ejemonik li enperyalis la ap defann nan sèvi ak gang ak sapat yo tankou gang ak vès yo pou detwi pèp ayisyen e pran Ayiti, pandan li fè peyi Ikrèn tounen labatwa e detwi-l e pèp ikrenyen an manje pou kanno nan lagè pa pwokirasyon l ap mennen kont peyi Larisi li gen foli detwi paske prezidan Vladimir Poutine remete Larisi kanpe sou pye grann pisans li e mare sosis li ak peyi Lachin pou reyaliyen zetwal yo e fini ak zafè mond inipolè oksidantal la.
Sa ki vle konprann, ya konprann!
Morisseau Lazarre

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *