Pèdi pou pèdi, se yo k pou pèdi!

Par Morisseau Lazarre
Mezanmi, ki moun ki pa tande, ki pa wè e ki pa konprann – grasa rezo sosyal yo – sa k ap pase nan peyi d Ayiti? Tèt enperyalis la ak tout chen-l yo cho kou vè lanp, paske yo reyalize malgre tout mannèv dyabolik yo deja e kontinye manniganse, pèp ayisyen an dekouvri e konprann jwèt kriminèl yo, e li deside goumen jan l kapab pou l defann dwa-l, e l ap fè sa l kapab pou l antere pwojè antinasyonal kolon yo! Se sa k fè lènmi an ap entansifye fewosite-l tankou yon bèt ki kwense: li paka moute li paka desann, li pèdi espwa, paske l reyalize li nan wout pou pèdi batay la.
Enperyalis la, atravè USAID, bay KEP ilegal Jovnèl Moyiz la plizyè milyon dola pou ede Jovnèl ak BINUH reyalize referandòm konstitisyonèl ilegal la ak eleksyon bout mamit yo vle a pou kwaze pye yo «legalman» e pi byen toujou nan peyi Desalin nan, peyi ki pa sispann fè bouch kolon yo kouri dlo tèlman li chaje tout kalte richès e akòz pozisyon jeyo-estratejik li nan lanmè Karayib la. Poutan, enperyalis la vle fè moun kwè yo pa sipòte referandòm ilegal la pandan y ap mande pou pèp ayisyen al nan eleksyon-Dèmalòg pike-kole ak tchoul antinasyonal yo, gangstè yo enperyalis la kenbe sou pouvwa a ilegalman.
Kantite krim nou wè gangstè yo ki sou pouvwa a melanje ak sòlda yo ki nan gwoup G-9 la ap komèt alèz konsa sou popilasyon an toupatou nan peyi a, espesyalman nan Pòtoprens lan, pa yon aza. N ap di ankò sa rantre nan kad fè popilasyon an peye frekansite-l, paske l kanpe doubout e an kwa kont plan makab enperyalis la ak tout chen fewòs li yo. Dayè, nou paka bliye yonn nan chen fewòs yo (Babekyou) ki soufri maladi raj la te deklare klèman e byen fò sa gen kèk semèn: «referandòm ou gè sivil…!» E kisa nou tande ki soti nan bouch reprezantan enperyalis la ki nan Kò Gang lan, padon, CORE Group la, pou kondane sitiyasyon inakseptab sa a? Anyen. Rien. Nada. Nothing. Nitchs. Dayè, olye yo kondane-l, madan Helen Ruth Meagher La Lime, rasis sinik e kowonpi sa a, te al devan Konsèy Nasyonzini an pou al pale de eleksyon ki ta dwe reyalize nan peyi d Ayiti nan fen ane a, e kòm seriz sou gato a, enperyalis la te menm entwodui yon rezolisyon nan konsèy la pou ekzije eleksyon fèt nan peyi a nan mwa septanm pwochen. Men erezman, peyi Lachin ki gen dwa d veto tou kòm peyi ak gwo bibit nan Nasyonzini, apre reprezantan-l te fin byen prezante tablo makawon, malouk, santidi, kawotik, enkwayab, enpansab, ensipòtab e inakseptab peyi d Ayiti a, te frape pye-l e te di kou sa pa p pase e li te bloke rezolisyon sinik enperyalis meriken an.
Mezanmi, nan moman n ap ekri tèks sa a, bandi yo ak mèt yo ap fè larivyè san e dlonanje koule toupatou nan peyi a. E y ap fè sa san mask, san kagoul, san mouchwa nan figi yo. Gwo zam lagè ak minisyon, se pa sa yo manke. Yo ekzibe zam yo jan yo vle e lè yo vle. Yo pale, fè dyòlè, fè menas, e ekzekite menas yo ak kè pòpòz, konmsi se yo ki chèf, se yo ki Lalwa ak Lajistis nan peyi a, e paralèlman, bandi ak mikwo e plim yo menm ap fè travay pa yo tou tankou toufe laverite, defòme laverite, kreye divèsyon ak konfizyon, zonbifye pèp la, toufe vwa pèp la ki pa konn ki sen pou l rele. Jennfanm kou jenngason, granmoun sou baton kou timoun nan tete ap depatya anba bal, dechalbore ak kout manchèt, kankannen nan dife. Malere ak malerèz, sitwayen pezib ap kouri pran lari ak de men anlè, san destinasyon e san lespwa; yo tounen avadra, sanzazil, kabrit san mèt, pitimi san gadò nan pwòp peyi yo, pandan Ayiti tounen yon savann san mèt kote bèt fewòs je vèt tankou je mawon ap fè lalwa. Lajounen kou lannwit se bal zam fannfwa k ap chante. Kadav toupatou: nan lari, sou pil fatra, nan koridò. Tout moun pè; anpil moun twomatize; lavi kanpe sèk. E se nan yon anviwonnman konsa, nan yon atmosfè parèy enperyalis rasis e voras la ak chen-l yo vle òganize referandòm konstitisyonèl ilegal ak eleksyon malatchong, eleksyon pike-kole, eleksyon apre-nou-se-nou, eleksyon nou-pran-yo, eleksyon nou-pran-tout, eleksyon nou-pranl-nèt, eleksyon antere-larepilik…
Alòs, n ap mande tout vrè patriyòt, tout fòs pwogresis veritab yo andedan peyi a kou nan dyaspora a ki kwè nan liberasyon peyi a toutbonvre, pou mete tout divèjans dekote, e menmsi se nan yon alyans konjonktirèl e sikonstansyèl, mete fòs yo ansanm, kreye on lidèchip serye – ki manke klèman nan tèt lit la – pou goumen akote mas yo pou libere peyi a anba zago loray yo e ponn yon pwojè sosyete pou finalman fini ak sistèm kapitalis chen manje chen an, sistèm eksplwatasyon ki demounize kretyen vivan an, e mete peyi a sou ray devlopman. Nou konnen sa nou di la a pa fasil; men konsa tou LI PA ENPOSIB, si nou kwè nan fòs nou, nan dwa grandèt nou, nan dwa nou pou nou viv tankou moun, e nan deviz nou ki se: L’union fait la force.
Aba enperyalis!
Aba kolon!
Aba diktati!
Aba tout Conzé!
Aba gang ki se bra ame ènmi Ayiti
Viv Ayiti!
Viv liberasyon pèp ayisyen!
Ayiti pa p peri!
Pèdi pou pèdi
Se yo k pou pèdi!
Moriso LAZA





