Ariel deja ekspire… tout jan w pran l

Ariel deja ekspire… tout jan w pran l

Serge Pierre-Louis

Jakmel, Ayiyti, 09/15/2022 – Gen mounn ki telefone’m, genyen ki ekri’m kap kesyone poukisa mwen afiche ayè (14 sept. 22) atik 81 Konstitisyon 1950 lan.

Ebyen, pou tout mounn sa yo ki t ap poze m kesyon yo, mwen te poste atik 81 konstitisyon 1950, se paske tankou nou konnen, listwa se yon pèpetyèl rekòmansman. Nou k ab toujou aprann de sa ki te pase nan tan lontan yo pou n korije erè ou gwo kriz sosyo politik ki ap sakaje peyi an jodi an

De yon tradiksyon fransè, men sa atik 81 de konstitisyon 1950 lan di: Nan ka yon pòs vid nan lanmò, demisyon oswa nenpòt lòt kòz, nan fonksyon Prezidan Repiblik la, Prezidan Lakou Kasasyon, oswa nan absans li, vis-prezidan an, oswa nan absans li, jij la. pi ansyen nan Tribinal la nan Kasasyon, se tanporèman envesti ak pouvwa egzekitif.

Li pral imedyatman konvoke asanble prensipal yo pou eleksyon Prezidan Repiblik la, ki dwe fèt nan kat mwa apati dat konvokasyon an.

Chèf egzekitif pwovizwa sa a pa kapab kandida pou la Prezidans devan asanble primè ke li te konvoke ni yo pa eli. (San kòmantè pou Ariel e André Michel). Prensip demokratik non negosyab.

Tout pouvwa ekzekitif kap jere projè lajan, sitou kòb leta dwe gen anfas li youn Ògàn of control (asanble). Egzanp Palman, ASEC, AM pou meri; asanble moun pou Konsiltasyon tal. Menm NGO gen ‘board’. Bravo Akò Montana ki prevwa Ògan Kontwò Tranzisyon. Lè a rive.

Dabò, nou dwe konnen se an 1950 Jal Paul E. Magloire te ba tèt li yon manda 6 lane pou premye fwa swadizan nan eleksyon prezidansyèl dirèk.

Fò’n konnen tou menm ane li ba tèt li konstitisyon an. Fò’n konnen anplis P. Magloire apre 6 lane pat vle ale e li pa fè eleksyon paske lè’l apèn sòti Washington DC, dòmi sou kabann Abraham Lincoln, li te deside kenbe pouvwa a.

Èske prezidan meriken te mande’l kenbe pouvwa a ? Nou pa konnen. Jal Magloire te gen yon ranplasan koni (yon Dauphin: Clément Jumelle). Lè’l retounen sot ka Tonton Sam, menm salye li pat vle salye ‘dauphin’ an.

Lè Magloire pa vle ale pèp la leve kanpe, grèv, manifestasyon, elèv lycée Toussaint mouri pa bal. Zwazo mechan USA te oblije tranfere Ti-Paul nan bèl ‘Estates Jamaica Queens NY, USA.

Pat vreman gen yon plan B. Ki mirak? Koulyea place à la Constitution de 1950. Ki vle di atik 81! Prezidan Kou Kasasyon, Nemours Pierre-Louis prete sèman kòm Prezidan pwovizwa. Men lè klas politik la wè Nemours Pierre-Louis pa sou wout fè eleksyon, san’l pa tann 4 mwa boukle, yon jèn avoka fiyolis deklare: l’article 81 de la Constitution est épuisé! Pa konsekan Nemours Pierre-Louis pa gen anyen l’ap fè la a! Menm jan jodia an, Ariel Henry ekspire kèk tan deja.

Nou konnen se nan ‘tolerans’ konze P. Magloire ke USA te foure Ayiti nan kriz anraje sa a (comme aujourd’hui). Yo te pè MOP Daniel Fignolé pou non’l (mouvman ouvrîtes peyizan e karism Fignolé. Menn PAIN (parti agricole et industriel national) Louis Déjoie yo pat vle. Kriz sou kriz: kolèj gouvènman, Kolèj croupion, koli Cantave, kolo Armand, Fignolé (eh oui), jal Kébreau ki masakre plizyè milye moun Bèlè e ki ba nou sou dikte zwazo mechan Duvalier kriminel fou et  anti-communiste primaire.

S ak te pase apre? Efektivman, prezidan pwovizwa ekspire, klas politik la, sitou plizyè kandida pou prezidan, (D. Fignolé, L. Déjoie, F. Duvalier, C. Jumelle, Julio Jean Pierre Audain etc. yo konsète yo chwazi Dr. Franck Sylvain, youn ki tap plede reve chèz-boure matin, midi et soir…

Serge Pierre Louis

Photo: New York Times

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *