Ou Di Dwa Moun! Dwa Moun wi?

Vwa Rezistans Popilè (No22).-
Ou Di Dwa Moun! Dwa Moun wi?
 Kòman Peyi Kolonyalis/enperyalis Yo Ap Itilize Koze Dwamoun Lan , Kòm Zouti Politik E Ideyolojik Pou Defann Enterè Yo?
Nan fen 18èm syèk la,  lè  popilasyon franse a te desann nan lari an 1789 pou antre lage moun nan prizon Labastiy (Pari), dechouke rwa Louis XVI pou te fè tande vwa yo atravè revandikasyon Libète, Egalite, Fratènite, pèsonn pat ka imajine 3 syèk pita, politisyen nan peyi oksidantal yo ta ka kontinye itilize eslogan sa yo pou ride yo poze grapen sou peyi depandan yo nan lemond!
Anpil tan te pase avan 1948, apre 2èm gè mondyal la, pou Nasyonzini retounen sou valè pawòl Libète, Egalite ak Fratènite sa, pou fè gwo deklarasyon konsènan dwa inivèsèl pèp yo pou tout Limanite. Konsa, sou tit ” Deklarasyon Inivèsèl Dwamoun “, yon nouvo chapit  pway  ekri nan listwa pèp yo anba kouvèti yon pawòl ipokrit “tout moun se moun “.
Detan twamouvman, Leta nan peyi enperyalis yo pral ankouraje dirijan ak ajan nan peyi satelit yo, pou monte ak miltipliye òganizasyon sou defans Dwamoun ki pou fè bri nan radyo ak nan jounal pou fè kwè nan bon sante lòt bagay blòf ki rele demokrasi boujwa a..
Ositou, peyi Etazini ak Inyon Ewopeyèn tonbe simaye kanè nan fen lane kote tout peyi ki anfas yo fè zewo nan Dwamoun e lòt ki gen nan tèt yo domèstik ak moun ki kòwonpi fè 10 sou 10. Se pou tèt sa,   pandan tout pwogresis toupatou wè zafè Dwamoun nan pèdi bon sans li, ann wè kouman kolonyalis nan peyi oksidantal yo itilize koze sa a.
Depi deklarasyon inivèsèl 1789 la an frans, anpil peyi sou latè kopye kliche nan bib Dwa Inivèsèl sa pou dekore konstitisyon lakay yo. Pou montre kouman zafè demokrasi sipèfisyèl la ap taye banda, tout ap goumen pou plis pawòl rèspè Dwamoun figire sou papye konstitisyon nan peyi yo.
Sepandan, menmsi peyi  Etazini ake peyi payas li yo Tankou Lafrans, Lalmay,,Kanada e lòt mwatye peyi kolonize an Ewòp yo ap voye flè, tout moun avize wè atravè bri sou pawòl Dwamoun nan, yon senp rezilta kakarat ak plis koze kredi.
Imajine, nan Gwo Papye ( charte)  Dwamoun Nasyonzini, yo di tout moun gen dwa dirije zafè peyi yo dirèkteman osnon palentèmedyè moun yo ta chwazi nan swadizan eleksyon demokratik. Ò, malgre Loni di ke volonte pèp yo se fondman tout otorite politik nan yon peyi, yo konnen byen koze eleksyon nan peyi domine yo, se kout fizi, kout milyon ak konbin ONG, Miltinasyonal, oligachi sou plas yo e anbasad ki regle zafè sa a.
Yon lòt bò, yo konnen se manti, lè yo di tout sitwayen nan tout peyi gen dwa antre nan kondisyon egal nan fonksyon piblik paske fonksyon piblik ak aspè teknik ki akonpaye l la, se yon enstitisyon delit ki rezève pou yon kategori sosyal ki te resevwa fòmasyon apwopriye opreyalab. Ò, nan menm fòm sosyete payas Nasyonzini ap pwone nan lemond lan, fòmasyon spesyalize rezève pou yon timinorite ki gen lajan pou rèspekte lojik repwodiksyon klas pou evite twòp pitit pòv pèse anndan sistèm kapitalis ke yo fòje anfavè oligachi mondyal la.
Lè teknisyen Nasyonzini denonse moun ki akapare tout richès sou latè, mande pou timoun al lekòl, trouve manje ak lasante, se senp pawòl y ap lanse pou detounen lespri pèp yo sou vrè batay ki dwe mennen pou libere peyi yo pou moun jwenn sèvis pou bezwen yo, selon aspirasyon pèp yo.
Teknisyen Dwamoun nan Loni sèlman drese lis sa k vin nan panse yo, kòm bezwen debaz pou moun viv nan yon mond ekilibre.
Malerezman pou yo, sistèm kapitalis neyoliberal la ki dominan nan lemond jodi a, baze sou yon rapò fòs brital nan lit deklas yo. Patizan Dwadelòm ki kwè nan bon kè ak santiman pou rezoud kontradiksyon fondamantal ki nan baz sistèm kapitalis neyoliberal la, kondane pou wè lide refòm y ap preche yo, toujou rete nan tirwa ajan sistèm nan.
Kidonk, apwòch k ap fèt otou kesyon Dwamoun lan depase. Anndan deklarasyon inivèsèl 1948 la, payas nan Dwamoun Loni yo sèlman repete bèl pawòl ideyal ki ta pèmèt moun viv byen sou planèt la.
Sepandan, pratik  tèren  yo prouve lekontrè nan sosyete deklas yo. Jodi a, ak FMI, Bank Mondyal, OMC, Etazini ak Inyon Ewopeyèn ap chache pwolonje kalvè ekonomik ak politik pèp yo atravè lemond.
Koze Dwamoun tounen yon zam nan men yo pou denonse advèsè e fè pèp yo kwè nan rèv je louvri. Egzanp, pou pran kontwòl mache koton, Etazini ak Inyon ewopeyèn sonje atake Lachin ki pa ta swadizan rèspekte dwa minorite Wigou nan zòn kote plis koton donnen nan mond lan. Konsa, yo bòykote koton chinwa a pou se koton pa yo k vann.
Malyen yo, ap chase franse ak peyi ewopeyen paske y ap ame Gang pou vòlè lò pou yo nan peyi Mali, lamenm konsèy sekirite Nasyonzini te deja pare pou kondane Mali ki pa rèspekte Dwamoun,  pandansetan, Misyon Dwamoun nan Nasyonzini deja mete Larisi deyò paske yo pa rèspekte Dwamoun an Ikrèn, pandan k an Ayiti, gouvènman domèstik PHTK ki monte Gang men nan men ak  Core group, patikilyèman ak anbasad ameriken pou kidnape, touye, piye ak vyole pèp ayisyen an, pajwenn kondanasyon nan men pwisans delenkan yo ki pa gen je ni zòrèy paske rèstavèk ki sou pouvwa a, se machann dwòg pa yo, se kidnapè pa yo, sa pa  twò mal .
 Alòs, toupatou an Ayiti kòm aletranje, kesyon Dwamoun nan devwaye. Oksidan ki te konstwi sivilizasyon l lan sou do krisyanis, tonbe nan defann masisi ak madivinèz atravè koze Dwamoun malgre gwo kontradiksyon ki parèt nan konpòtman kolonyalis yo ak koze sa vizavi kretyen yo.
Pèp yo sou planèt la dwe sispann kwè nan tontonnwèl. Yo dwe konstwi pwòp enstitisyon ak òganizasyon pa yo pou yo rive pran dirèksyon mobilizasyon manch long lan pou libere  tèt a yo e Peyi yo..
Menm pwosesis la pou Ayiti  ake Aysyen ka soti anba  ipokrizi ameriken yo, Core-Gwoup la, boujwazi predatè a, kò Gang PHTK a, Politisyen Bakoulou, Ratdokale, blofè, mantè ki pwan Ve Sak kòlèt pou akonpaye e defann Asasen tout plim, tout plimay sou nwan progresis..
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè A! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 18 Avril 2022.
 pou Komite a…
Philome

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *