Otorite peyi Dayiti, ki lè n ap tounen nan sivilizasyon?

Otorite peyi Dayiti, ki lè n ap tounen nan sivilizasyon?

Serge Pierre-Louis

Jacmel, Haiti, 08/08/2022 – Je suis allé, j’ai vu, j’ai pleurè. Quelle horreur ! Quelle misère ! Quelle tristesse : Pòtay Leyogàn, Bòlòs 2è Avni, 3è, 4è, Matisan. Pil tè, pil fatra sou konbyen kilomèt. Kijan pou’n kwè mounn ka viv nan anviwonnman sa a ?

Aprè plizyè semèn deyò peyi m, mwen te vrèman kontan lè Jet Blue te finalman ateri nan Ayopò Pòtoprens. Kwak, avek move nouvel ki tap vinn jwen mwen chak jou kote m te ye a, mwen pat k ab tan n poum te sòti deyò.   Men li pat pran m twòp tan pou kè kontan sa ta pwal chanje an kè sere.

Efekttivan li te 5 kè nan aprè midi nan jou mèkredi 3 dawout lan lè m te rive nan Ayewopò Potoprens.  Aprè tout routine nan zafè imigrasyon, anvan ke m te al pran malèt mwen pou m ale lakay mwen poum al wè fanmi m, mwen te gen yon ijans pou m al nan twalèt.  Konsa, mwen te mande ak yon moun, ki kote twalet lan ye la a? Li te endike m li.  Lè m parèt devan sa yo rele twalèt la, pat gen limye. Li te fè nwa kou lank. Ou pat kab wè kote ke w ap mete pye w. Mounn ap pise sou moun . Mounn ap pise a tè.  Kòman sa rive fèt nan yon peyi? Nan yon Ayewopò swadizan entènasyonal

Kounye an, lè mwen ale nan seksyon Dwan lan pou m al chache malèt mwen. Aparèy ki pou ta ap woule pou bay malèt yo pa mache. Se nan yon ti twou zwuit ke malèt yo ap sòti.  Kòman sa mesye, dam otorite?  Nou vwayaje.  Nou wè kòman Ayewopò fonksyone.  Nou pa kab kontinye ap fè sa ak yon peyi.

Mwen potko men m sòti pou m te al travèse Matisan pou mal Jakmèl, depi la, san m te gentan gate.

Nan kondisyon salte sa a? Nan ensekirite pèmanan sa a? Ki sitirasyon ? Depi 1er juen 2021. Se sa’k Matisan. Pa gen lavi. Tout biznis fèmen. 4 ponp gaz fèmen. Palmera fèmen. 2 bank komèsyal fèmen. Sou-komisarya fèmen, w’ap gad sou devanti li pliske san (100) twou bal gwo kalib.

Sou tout boulva Jean Jacques Dessalines lan se fatra tou 2 kote, legliz Ste Bernadette kanpe lap gade. Machin pa ka pase. Pyeton pa ka pase. Ki sa’k ka pase? Gwo bis jonn ki fè Kafou. Foul moun. 15 dola ayisyen chak moun. 3 moun sou ban, 6 moun nan youn ranje. Epi nèg ak gwo zam an kagoul sou ‘wout’ la ap kontwole si se bis pa yo, bis otorize. Sinon ! Gare!

Bis jonn lan ap travèse. Se lè lap rive mache pwason, ou santi w’ap tounen nan sivilizasyon. Ou tonbe sou Titi Bòlèt ki ouvè. Anfen Sivilizasyon. Menm si Chrisla gen “sòlda” ki fè resèt pou chak bis Jakmèl ki ap chaje nan Fontamara. Chak bis Kafou. Chak bis Okay. Chak bis Miragwàn. Lè gen konfli, se limenm Chrisla, gwo bandi douvan letènèl ki ka jije. Kesyon : kilè nap tounen tout bon vre nan Sivilizasyon ?

Serge Pierre Louis

(spl) Jacmel 8 août 2022.

One comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *