Ochan pou Papa nasyon an

Massachussetts, USA, 10/17/2022 – 216 lane apre premye gwo krim ki fèt sou Papa nasyon an, apre premye sakrilèj nasyon wòwòt la viktim, nasyon ki fenk sòt nan gwo lagè fanm ak gason pa kanpe sa, ou menm Ayisyèn ak Ayisyen gade ki moun ou ye. Gade ki kote w kanpe.
Depi w rete ap gade ou pa di anyen; depi w di ou pa ladan l; depi w fè kòmsi w pa konprann sa k ap pase anba 2 nawèl ou; depi w ou mete 2 moso koton nan 2 zòrèy ou; depi w dakò paske l chèf, paske l di li se otorite , li kapab fè sa l vle, jan l vle, epi anyen; ou poko vrèman konprann rèv Papa Dessalines te genyen pou Ayiti y’a.
Depi w ou bouche nen w pou bwè dlo santi y’a; depi w ap mache kalonnen zafè kabrit pa zafè mouton, tout dwèt pa gen menm longè, ou admèt gen gwo Ayisyen, gen ti Ayisyen. Konsa, ou siyen non w nan lis moun ki kwè epi k ap travay pou sosyete miwo miba toujou sèl kòk chante.
Depi w ou pa vle bay lan men ak lòt la; konnen ke w dakò pou anyen pa chanje nan peyi y’a. Kòm Papa Dessalines te kwè nan inite ant tout pèp ayisyen, alòske ou pa wè l konsa, donk ou dakò siyen kondanasyon sè ak frè Ayisyen parèy ou.
Ak jan de konpòteman sa yo, ou dakò tou pou lavi chè taye banda san okenn kè sote; ou dakò lamizè griyen dan l sou moun san limit; ou dakò pou se chen ki okipe fwaye dife lakay mwen; ou dakò gaz la monte 128% epi kous machin wotè syèl la;
Pandan ke anpil lòt moun ap angaje yo nan batay pou lavi klas moun ki pi pòv yo nan peyi an k ab chanje, kòm ou pa vle enplike w nan anyen ki gen pou wè ak batay sa, donk ou kontinye dakò pou Ayiti rete dan griyen, Ti lendi.
An plis, nou toujou tande ke: Bon edikasyon ak lekòl gratis pou tout pitit pèp lan, se sèl mwayen ki kab fè yo sòti nan mizè y ap benyen yan, epi pèmèt peyi an devlope nan tout sans. Men si w nan konfyolo ak Leta sa e moun ki nan zafè sistèm edikasyon an, donk ou dakò pou timoun yo pa gen okenn chans ale lekòl pou aprann, pou yo kapab vin moun tout bon.
Nan ka sa, li pa lòt bagay, ou dakò pou jan yo te sasinen Papa nasyon an Lanperè Jacques I (Jean-Jacques Dessalines) yon 17 Oktòb 1806, trennen kadav li nan lari epi rache Kò l an miyèt moso voye jete.
An nou tout fè jefò pou n reprann « essence » volonte, lide, ak devouman Papa nasyon yan te genyen pou l te fè Ayiti yon Repiblik tout bon. Volonte l te genyen pou Ayiti se tè depi w ladan l ou koupe fache ak britalite, travay fòse, restavèk moun. Konsa fenomèn timoun domestik yo ki gaye nan peyi y’a, se youn nan pi gwo kout ponya sosyete y’a te kapab bay Papa nasyon an.
Paske volonte l se te: Libète san Limit.
Libète san pri. Libète san anyen an retou.
Epi, pwosperite ak pwogrè pou tout moun.
Richès la dwe pataje ak tout moun. Dayè sonje pawòl li yo « Et les noirs dont les pères sont en Afrique, n’auront donc t-ils rien ? »
Marcel Poinsard Mondésir
Photo: Haïti Liberte





