|
Nou vle plis Demokrasi..
Nou tande w, Abi…Mèsi Anpil e Orevwa…
“ Kite m Ri “ ( J’ai si froid, Gesifra Lèstomak)…
1915…. Dirèk…
1994…..Dirèk
2004…..Dirèk…
Ki solisyon dirab?
E you toujou la depi 1915…
Yo mete Sudre Dartiguenave…Louis E. Roy, Sténio Vincent… ake rès yo…
Sa yo pat mete: Yo retire l. Yo fè l tounen anba yon Chodyè Tou toufe pou sakrifye l apwe…
Kilè yo pat la?
Yo te e yo toujou la… Men yo pa ka manyen manman kriz sa k ap pi gwo Nèg chak jou nan men yo…
Solisyon Tradisyonèl yo pap mòde.
Enjèksyon Kapital a travè Ti pwojè bidon k ap ekzekite nan gran Vil yo pap mennen okenn kote…
Kenbe sou pouvwa Ti “ puppet” k ap ekzekite lòd pou Kenbe Entak yon Ti kapitalism rachitik, rabougri pap modènize ni Elaji fòs pwodiktiv yo..En konsekans, Rapò sosyal feyodal yo ap toujou domine nan fòmasyon sosyal Aysyen an… Sa k ap toujou pwodwi kriz politik “ cyclique” yo…
Ayti pa ka kontinye ap prodwi “ main d’œuvre” à bon marché pou Ti mache kapitalis rejyonal la…
Hey, Hey Kòman yo rele ankò? Biden? Abinader? Trudeau, Macron? Hey, hey… Men mwen! Kriz pi rèd!
Nou poko wè Kriz… Se lè yo chanje konstitisyon an k ap vin ranfòse pouvwa pèsonèl la à la Magloire et Duvalier, Se lè sa nou pwal wè “ Kriz”….
Entèlèktyèl Ti boujwa fin anraje. Yo bezwen yon Kagame pou Ayti.
Bon yo te ban nou Duvalier e yo foure Martelli ake Jovenel nan gòjèt an nou, Kriz la, maleng lan Olye l Geri vin anvlimen..Li pouri. Li santi…Kriz pi rèd…
Abinader k ap viv nan yon vitrin e k ap travay pou patron vitrin lan poko ka konpwann schéma Tou fèt ( binòm soudevlòpman/devlòpman) nan menm apwòch ake resèt Kominote Ekonomik Ewopeyen ake USAID, Bank Mondyal, FMI pa ka aplike nan tout fòmasyon sosyal tankou sa ap fèt an RD, peyi l, Ghana an Afrik ake Singapour… an Azi….
Abi, Ayti gen Ti resous toujou ki fè pwosesis “ somalizasyon” an ke yo “ anklanche” depi Novanm 1987 la poko ka atenn somè li tande..
Zam, Dwòg, machandiz “ avarié”, delenkan, politisyen San “èskèlèt” Dilè tout plim, tout plimay…sa fè kenken…
Men,
Nou nan batay… Li pa fasil… Mobilizasyon an ap fèt an pèmanans. Lide pou yon vrè chanjman, pou nou vin Granmoun tèt an nou ap fè chimen l..
Yo te mete nou akote. Nou fè anpil tan jwèt la ap jwe San nou… Nou deside pa rete akote ankò…
Ou tande Abi…Ha, Ha, Ha….
Wilfrid Supréna…
|
|





