Vwa Rezistans Popilè (No18).-
Nou Tande Akò, Ay Wè!
Nou Tande Alyans, Ay Kwè!
Dekantasyon an piti piti ap fèt…
Eske Nan Kontèks Politik Aktyèl La, Nou Ka Konsidere Diferan Akò Politik Ki Sou Teren An Kòm Pwodui Yon Alyans Klas?

Apre depòtasyon Tousen Louvèti an 1802 a, pou te ranfòse lame revolisyonè endijèn lan, kontradiksyon ki te vin devlope yo te pouse Desalin, Jeneral an chèf la, antre nan yon alyans ak fraksyon klas ansyen Lib propwietè milat yo la ki te retounen ake lame èkspedisyonè franse a pou te retabli rejim esklavajis la. Ensten ( flair) Revolisyonè Nouvo Jeneral lame a te pèmèt li jwe sou Kontradiksyon ki te vin devlope yo ake prezans dirèk kolonyalis e èsklavajis yo sou tèren an pou lanse modòd “ Libète Ou Lanmò” ki pwal fasilite yon “ bond qualitatif “ fèt nan sosyete a pou akouche 1804..
Imedyatman apwe 1804 Alyans sa ki te konjonktirèl kòmanse depatcha. Jeneral ake Ofisye lame a ki te sòti nan klass pwoprietè ansyen Lib ake Nouvo Lib yo, afranchi Nwa e milat yo pral pwofite de lòt Kontradiksyon ki te kòmanse ap devlope pou:
– Touye Desalin,
– Mete kanpe yon elit politik e militè ak anpil privilèj ekonomik sou do mas ansyen esklav yo
– Fonde nouvo rapò nan Nasyon an sou menm baz eksplwatasyon ki nan rasin sosyete Sendomeng (Ayiti) esklavajis la. Yon sistèm esklavajis ki te kite yon eritaj ideyolojik pou minorite dominan an ki chia sou Diskriminasyon ake mepri anvè mas ansyen esklav yo.

Apwe Lanmò Desalin (1806), nouvo eleman klas dominan sa pral lage tèt yo nan yon operasyon vòlè tè nan peyi a san jeretyen pou avni Nasyon an ni konsiderasyon pou ansyen esklav yo ki te goumen pou endepandans lan. Ofisye wograde ak afranchi nwa e milat yo piye ansyen bitasyon kolonyal yo pou divize peyi a an yon tiponyen piyajè vòlè tè ak byen Leta ki rich ak gwo mas ansyen esklav yo ki redwi nan yon mizè total.
Sepandan, ni klas dominan an, ni nouvo Leta a pa t anmezi jere èksplwatasyon tè yo nan enterè Majorite a nan Nouvo Nasyon an. Malgre lèspwa ki te akonpaye revolisyon 1804 la, eklatman nan mitan alyans ant fwaksyon klas yo ki te nesesè jan Desalin te konpwann li an te kondane peyi a pou l tonbe nan kriz chak jou piplis. Pou nou konprann pibyen toujou pase istorik sa a, fòk nou klè sou wòl klas sosyal yo ak alyans ki ka egziste ant klas yo.
Yon Ti louvri je sou kesyon klas sosyal an Jeneral..
Klas sosyal se yon gwoup moun ki okipe sèten plas anndan sistèm pwodiksyon ekonomik yon sosyete selon fason aktivite travay yo òganize. Sa ki distenge youn de yon lòt, se rapò yo genyen vizavi mwayen pwodiksyon ak richès sosyete a, yo gen posiblite pou akapare sètadi foure men pwan sa ki pa revni yo dedwa. Plas moun okipe nan sistèm pwodiksyon ekonomik la konstitye eleman fondamantal pou detèmine yon klas sosyal. Nou dwe konsidere eleman ideyolojik e politik yo tou paske gen yon pratik ideyolojik e politik ak chak sitiyasyon ekonomik.
Fòk nou konsidere plas klas sosyal yo nan ansanm divizyon travay la, kote nou jwenn rapò ekonomik, rapò politik ak ideyolojik. Klas pa t toujou egziste nan sosyete a, se devlòpman fòs pwodiktif yo ki te pèmèt pwopriyete prive mwayen pwodiksyon yo ak divizyon sosyal travay, ki lakòz klas pral pran nesans. Se pou tèt sa, depi gen klas yon kote ap toujou gen Kontradiksyon sou baz enterè e kontradiksyon ant klas yo ap toujou lakòz lit klas ant moun k ap èksplwate yo e moun k ap sibi eksplwatasyon an.
Di yo sa Alyans Klas ye.
Kidonk, alyans klas se yon tèt ansanm politik ant 2 klas oubyen plizyè fwaksyon klas sosyal nan yon konjonkti politik done pou rive nan yon objektif politik. Gen alyans nan kan pèp la, pami klas ak kouch sosyal èksplwate yo sètadi pwoletè yo, abitan pòv yo, soupwoletè yo. Alyans sa dwe gen yon karaktè pèmanan.

Gen alyans konjonktirèl, pwovizwa e taktik ki reyalize ant klas èksplwate yo ak lòt klas, fraksyon klas osnon kouch ladan yo. Fòm ak nati alyans sa yo, depann de konjonkti politik la ak rapò fòs sosyal yo. Savledi, alyans klas sosyal ki gen enterè opoze toujou pwovizwa paske l pa elimine kontradiksyon yo.
Lè konjonkti politik ki te pèmèt alyans lan depase, lit deklas la ap repedale pirèd. Pi djanm ankò.
Donk, Akò sou Akò ki rasanble moun sou teren an, sou baz kantite san poze kesyon ideyolojik la, pagen okenn rapò ak zafè alyans klas. Akò Montana a ki fè yon travay reflèksyon pou satisfè tout moun, kreye yon platfòm pou tout kouran refòmis vin layite kò yo: Legliz, Òganizasyon Sosyete Sivil, Avoka, Peyizan, Sendika, Pati Politik Tradisyonèl, Asosyasyon Pwofesyonèl, ONG, Grenn Senk ak tout sansiblite politik. Se pou tèt sa, Akò Penn, Akò 11 septanm PHTK yo jwen brèch pou fofile kò yo anndan Montana pou rann li san lejitimite nan je mas popilè yo.
Konsa, Montana p ap ka mobilize mas popilè yo, li kondane pou l trennen nan lòbi nan pye mèt neyokoloni an pou pataje pouvwa a ak ekip mafya PHTK/ Core Gwoup la.
Istorikman mouvman refòmis yo pajanm antre nan alyans klas paske yo pa sou kesyon revolisyon. Sonje istwa Ogé ak Chava n nan batay afranchi yo nan Sendomeng ( 1790) ki dwe konvenk nou ke alyans klas p ap posib si l pa genyen yon vrè vizyon oubyen objèktif Revolisyonè.
Kidonk, konpozant Akò Montana, Penn ak Primati pagen anyen pou wè ak kesyon alyans klas.
Desalin nan tèt lame endijè n nan te rive fè yon alyans ak fraksyon klas ansyen Lib propriyetè milat yo ki te nan lame èkspedisyonè franse a epi ak tout milat yo pou konbat franse yo pou te rive nan revolisyon 1804 la. Sa se te yon Alyans..
Mao Se Toung nan tèt mouvman sosyalis revolisyonè chinwa a te fè alyans ak Tchenkaitchèk ki t ap dirije mouvman nasyonalis chinwa a pou te kilbite okipan Japonè yo an Chin nan lane 1940 yo.
Nan lane 60 yo, anpil alyans klas te reyalize sou kontinan afriken an pou chase okipan franse, angle, pòtigè, espanyòl elatriye sou kontinan an.

Sepandan, jounen jodya, menmsi nou rekonèt Ayiti gen bezwen yon gwo alyans pou chase okipan ameriken yo, sa k ap pase nan anviwònman politik la sou teren an ak kolonn Akò politik yo, pa rive nan paj pou chase kolonyalis ameriken yo. Kamarad pwogresis ki nan mobilizasyon an padwe etone wè kouman refòmis ki nan Montana ap chache apwi enperyalis yo pou pwente djòl fizi yo sou letanp mas popilè yo olye pou yo ta chache chimen mobilize yo anfas enperyalis la ak PHTK.
Malerezman sa antre natirèlman nan yon lojik de klas pliske lènmi deklas se lènmi jire, ( Manno Charlemagne) e mas popilè yo dwe konprann sa pou òganize, prepare yo pou antre nan batay san kache lonbrit la ki dwe mennen wè pa wè nan Liberasyon peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè A! Libète ou Lanmò.
Philome J pou:
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 21 mas 2022.