Nou se desandan mounn ki abitwe goumen pou dwa yo.

Jacmel, Haiti, 09/24/2022 – Ayisyen, pèp revandikatif. Pèp ki rezilyan. Nou k ab plwaye, men nou p ap kase. Nou ap kontinye kanpe dwat pou n goumen kont Ariel Henry ki se yon kadav politik.
Yon senp analiz de yon editoryal ki te parèt sa gen pase yon lane pèmèt nou wè pi klè toujou ke Ariel se yon ‘usurpateur’, yon vòlè pouvwa, yon manje ranje ki nan pozisyon li ye an pou l touye pèp Ayisyen.
Tèks sa: “L’assasinat de Jovenel Moïse, la boîte de Pandore, pibliye nan dat 13 juillet 2021 par Jean Pharès Jérôme te deja eksplike sa pèp ayisyen ap viv jodi an, yon ane aprè.
“Le pays est encore sous le choc suite à l’assassinat du président Jovenel Moïse. Pourtant la bataille pour sa succession au pouvoir est déjà engagée. Si le Premier ministre a.i. Claude Joseph assure la continuité de l’Etat, rien ne garantit qu’il pourra apaiser la situation. Son autorité est d’ailleurs contestée par le Premier ministre nommé Ariel Henry et la classe politique. Ainsi, la crise est loin de connaître un dénouement heureux après l’événement dramatique du 6 au 7 juillet en cours.” (Extrait de l’editorial du Quotidien le Nouvelliste)
Nou konprann ke Ariel tap kriye pou Claude Joseph te ba’l plas la paske Jovenel Moïse te mande’l (nome’l) fè bout wout ak li, sètadi jiyè 2021 a 7 fevriye 2022. C’est donc du passé.
Yon ane aprè, kisa Ariel Henry ap fè la a toujou ? Pèp Ayisyen, nou dwe rete mobilize. Nou dwe kenbe rèd pou voye ranvwa sa ale.
Jan Malcom X, nwa ameriken sistèm zwazo mechan an te asasine a te konn di: by any means necessary (sètadi Lè ou la fason) fòk Ariel kite pouvwa an. E ranplase pa yon gouvènman de tranzisyon pou mete peyi an sou ray. Rezoud pwoblèm ensekirite an ak anpil lòt ankò. Epi finalman òganize eleksyon.
Mwen konprann batay la. Li tap pi bon si nou gonfle fòs nou pou yon milyon ak 2 milyon mounn masivman debake nan Champs de Mars e rale pye Ariel Henry pou ba’l yon so kabrit la.
M’konprann nou, nou grangou; mwen konn sa grangou vle di. Mwen pase yon peryòd grangou nan vi’m kote vye malerèz manman’m pat ka bouyi yon mayi blanch chak jou ak 4 timoun sou kont li. Se epòk, nan peryòd guè froid lan, blan meriken pat vrèman konnen sa pou yo te fè ak Duvalier. E lè sa tou, Duvalier pat konnen ki sen pou’l lage nan dengonn Kennedy, J. Bosch ak Colonel Cantave sou fwontyè a.
Mwen p ap k ab bliye eksperyans move moman grangou sa. Pandan ke gen mounn nan vi yo ki pa jan m konnen grangou, genyen, malerezman, se tout vi yo ke yo fè grangou. Konsa tou, gen lòt ki pa pale de grangou, se paske yo pa vle sonje ou reviv eksperyans mizè ke yo te grandi. Yo vle bliye kote ke yo sòti. Sa rele deni psikolojik. Mwen menm, mwen vle sonje sa, pou’m pa janm bliye sa’k rele vant kòde ke se soufrans majorite pèp ayisyen jounen jodi an.
Si jodi an, e depi lontan, kanpe bò kote nou nan batay pou sa chanje, pou vi nou k ab amelyore, se paske m konnen ke grangou nan vant pas dous. E tankou lót lan ta di: Si pa gen la pè nan vant, p ap gen la pè nan tèt.
Mwen menm m ap di: si gen moun ki ap anpeche nou manje, fòk nou anpeche yo dòmi trankilman. Fòk nou ran n vi yo mizerab. Trake yo. Panike yo.
Tout batay lan se pou sa chanje. Voye Ariel e asasen yo ale Wi, men tou se rete veyatif pou n pa kite lòt vòlè, kriminèl fè dappiyan sou pouvwa leta a.
Sa ta vle di pou’n gen kouraj kenbe mobilizasyon jiskaske nou ka di: sa a se pa’m, li sòti nan mwen, li p ap k ab trayi m ! Kès leta, trezò piblik, resous peyi a, lajan leta pral fè travay pèp la, travay peyi a; e nou dwe monte bonjan òganizasyon pou veye ke sa fèt kòm sa dwa.
NB: Sa fè youn lane, twa mwa, venttwa jou… 1 an, 3 mois, 23 jours, Martissant (l’entrée Sud de la Capitale) est fermé sur cinq (5) Dépatements du pays par des bandits armés collaborant avec Ariel Henry.
Serge Pierre Louis
(*spl)*





