Nou dwe kontinye goumen pou n chanje Ayiti!

Nou dwe kontinye goumen pou n chanje Ayiti! (premye pati)
Morisseau Lazarre
Florida, USA 06/26/2022 – Nouvèl sou Ayiti k ap rive jwenn noumenm k ap viv nan peyi zòt chak jou pa bay kè kontan ditou, ke se sou plan politik, sosyal, ekonomik, elt. E noumenm ki pote peyi a sou kè nou e ki kenbe kontak sere-sere ak pwòch nou yo k ap viv anndan peyi a k ap rakonte nou mizere, traka y ap andire anba men otorite kriminèl, otorite bò katedral, otorite komokyèl, otorite krizokal, otorite ranpadò, otorite fantòch, otorite yès-sè, otorite konze, otorite tèt anba, ki chwazi fè kò ak lènmi etranje ki toujou gen lwa esklavajis la k ap danse nan tèt yo, pwazon sèpan k ap koule nan venn yo, k ap kraze peyi nou, se pa ti santiman revòlt sa eksite nan nou, piske nou gen bonsans e nou konnen kijan on peyi nòmal ki gen sitwayen eklere k ap dirije-l – menmsi sitwayen sa yo gen divèjans sosyal e politik antre yo – ap fonksyone.
Alòske sa gen kèk mwa depi nou sot fete 218èm lane depi bravedanje zansèt nou yo te kreye yon Eta yo rele Ayiti, apre batay epik yo te mennen kont lame Blan franse ki te pi pisan nan mond lan nan mitan dizwityèm syèk la pou rive nan koumansman diznevyèm syèl la, e kote gason ak fanm ekstraòdinè sa yo te montre limanite ki mirak tèt ansanm, detèminasyon ak vizyon ka fè, n ap poze tèt nou kesyon: kote gwo sakrifis sa e bèl mèvèy sa zansèt nou yo te fè a pase?
Yon latriye plim e ank, espesyalman istoryen yo, k ap founi je gade nan istwa peyi d Ayiti, ponn plizyè teyori e tante bay esplikasyon, men tout rive a yon sèl konklizyon: touswit apre deklarasyon endepandans peyi a, ènmi libète e rasis yo te gentan mete sou pye plizyè estrateji makyavelik pou fè nouvo Nèg lib yo, achitèk libète yo, peye frekansite yo. E jouk nan moman n ap ekri tèks sa a, peyi nou ap koukouman, l ap jemi anba yon kwa kalamite y ap fòse-l pote. E chak jou, ènmi etranje yo, mele ak konze peyi a ap devlope lòt estrateji pou rann pwoblèm peyi a pi konplike toujou e anpeche pa tout mwayen patriyòt yo kraze kwa kalamite a.
Gang

Se pa san rezon gang kriminèl ak zam lagè anvayi tout Ayiti e kidnapin tounen yon endistri trè rantab pou kriminèl ak kravat yo e ak sapat yo, sa ki lakòz laperèz anvayi tout kouch sosyal peyi a; se pa san rezon edikasyon peyi a kraze nèt pou antrave devlopman sitwayen yo, donk devlopman peyi a; se pa san rezon dezolasyon ak dezespwa anvayi tout peyi a, sa ki lakòz jenès peyi a ki pa wè ni devan ni dèyè, degoute, dewoute, gaye san bousòl e san limyè, prefere pati pa pil e pa pakèt al pran lanmò osnon imilyasyon kay zòt; se pa san rezon prensipal enstitisyon peyi a ki pou ta fè-l fonksyone kòm yon Eta nòmalman, tonbe plat atè e yo paka jwe wòl yo; se pa san rezon lajan peyi a tounen zòrèy bourik paske pa gen pwodiksyon nasyonal, ekonomi an kraze nèt, e pa gen Leta pou mete lòd nan dezòd nonplis, piske se enperyalis meriken ki kontwole finans ak ekonomi peyi a. Wi, tousa fè pati plan neyokolonyal makyavelik lènmi an te byen prepare, byen kòde e rive mete an plas pou peyi nou.

Nan kout kat sa a, anpil sitwayen pa sispann poze kesyon: kisa ki ta dwe fèt pou wete peyi a nan sitiyasyon lawont e danjere ènmi Nasyon an lage-l ladan-l lan? (An pasan, lè nou di ènmi Nasyon an, nou foure Konze yo ladan-l tou, paske yon moun ki sèvi enterè entranje pou fè pwòp peyi-l mal, li pa lòt bagay ke ènmi peyi a tou.)
Pou sa ki regade gwo kesyon an, nou tande on latriye repons deja. Pami kèk nan yo, nou tande gen sa ki vle yon «revolisyon radikal»; dòt menm swete «pou Blan pran peyi a», e yon lòt kategori menm di se «TOUT Ayisyen ki pou met tèt ansanm pou chanje peyi a».
Bon, annou gade dènye repons la anvan. Nou tande refleksyon sila anpil; li soti nan bouch yon kategori sitwayen k ap plede reve solisyon «fasil» pou «rezoud» pwoblèm peyi a. Kategori sila a, se viktim nayivte, mank konsyans sosyal ak kapasite refleksyon.
Malgre anpil nan yo konnen sosyete a divize an klas, poutan yo toujou panse TOUT Ayisyen alawonnbadè nan sosyete a ka rive met tèt ansanm toutbon sou plan politik e sosyal. Se sa k fè anpil nan konpatriyòt sa yo toujou ap pran nayivman pou ekzanp tèt ansanm Demokrat-Repibliken nan peyi Etazini, yon fason pou bay tèt yo rezon. Yo inyore si 2 pati politik sa yo se 50 kòb ak 2 gouden, 2 fas nan yon menm meday, kidonk yo gen menm mak fabrik, e si toulede, kwak ti diferans lejè nan metòd fonksyònman yo genyen, men anfèt, se menm machin oligachi etazinyen an mete anplas pou konseve enterè-l e asire-l klas pwoletè yo rete nan limit sistèm kapitalis chen anraje a trase pou li. Se sa k fè, dayè, ou ka konstate yon Repibliken travèse al nan pati demokrat la fasil e vice versa, sitou nan epòk elektoral. E ou ka wè tou jan toulede pati politik sa yo antann yo lè yonn ou lòt rive sou pouvwa a pou defann enterè enperyalis meriken an ak alye-l yo. Tout gè agresyon enperyalis la te mennen e kontinye ap mennen kont lòt pèp, 2 pati sa yo toujou antann yo e travay ansanm pou pouswiv ejemoni sistèm lan.
Gen yon lòt bagay anpil nan konpatriyòt sa yo inyore ankò. Nan peyi Etazini pa gen 2 pati politik sèlman, tankou machin ideyolojik establishman nan ta vle fè konprann. Gen plizyè lòt pati politik ki kanpe anfas oligachi a. Gen pati politik sosyalis, kominis, travayis, e menm pati iltra dwat, ki rejte statu quo a e ki pa janm antre nan tèt ansanm ak 2 pati establishman yo, ki se pati Demokrat la ak pati Repibliken an. Establisman etazinyen an asire-l majinalize pati lagoch yo sou tout fòm pou anpeche jenès peyi a konprann e reflechi sou pwoblèm lit de klas ki poutan ap fè raj nan peyi a, tankou nan tout lòt sosyete sou latè.
Gen yon lòt kategori ki repete se TOUT Ayisyen ki pou met tèt ansanm pou chanje peyi a tou, se yon bann demagòg, yon kolonn san konsyans kowonpi, yon latriye konze, ki kontinye fè peyi a anpil tò nan patisipe nan tout kalte deriv, nan alimante chirepit nan mitan sosyete a, e ki kanpe ankwa kont tout chanjman pou yo ka pwoteje privilèj mesken yo. Malgre yo konnen byen sa y ap di a pa kòrèk; poutan, pou kache peche yo, yo vle fè sosyete a kwè yo pou tèt ansanm ak lapè pandan y ap naje nan basen demagoji, divèsyon ak ipokrizi toutouni.
Moriso LAZA

2 Comments

  1. Monchè frè anm, m felisit’ow pou gran refleksyon e bon refleksyon nan paj editoryal ou yo,konpliman pou tèt drèt ou ak tèt dwèt ou, bravo nèg anm

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *