Nou dwe kontinye goumen pou n chanje Ayiti! (dezyèm pati)

Nou dwe kontinye goumen pou n chanje Ayiti!
                                        (Dezyèm pati)
Morisseau Lazarre
Nan premye pati tèks sa a nou di e n ap site: «Pou sa ki regade gwo kesyon an, nou tande on latriye repons deja. Pami kèk nan yo, nou tande gen sa ki vle yon revolisyon radikal; dòt menm swete pou Blan pran peyi a, e yon lòt kategori menm di sea TOUT Ayisyen ki pou met tèt ansanm pou chanje peyi a».
Koulye a menm, annou gade repons lòt gwoup sitwayen ki swete pou Blan pran peyi a, kòmkwa pou yo «ranje-l pou nou». Bon, lide sa tou, gen 2 kategori sitwayen ki swete-l. Se nayif yo ak antinasyonal yo osnon konze yo.
Mezanmi, lè n deja konnen, dapre sa listwa esplike nou, sa zansèt nou yo sibi anba men kolon nan tan lesklavay e sa peyi nou kontinye ap sibi jouk jounen jodi a anba men nouvo kolon yo, yon ayisyen toutbon pa ta sipoze menm reve, alewè pou l ta swete ak tout konsyans li, viv anba dominasyon okenn lòt pèp. Malerezman, inyorans, lachte ak parès ka fè yon moun sipliye pwòp bouwo-l pou sadizan «pote-l sekou». E se sa menm ki rive nan ka Ayisyen sa yo.
Yon sitwayen ki renmen peyi-l, ki konnen istwa peyi-l, ki enfòme, ki konnen kisa sa vle di viv anba bòt fere lòt pèp, ki pa vle viv nan lawont ak lamizè; yon sitwayen ki gen kouray e ki deside goumen san pran souf, malgre pri sa ka koute-l e kantite tan sa ka pran pou l chanje peyi-l e amelyore kondisyon sosyal li, pa p janm remèt desten-l nan men yon lòt pèp, alewè nan men pwòp bouwo-l. Paske l konnen byen se bouwo-l yo menm ki planifye e fabrike, ak anpil swen, mizè ak soufrans ensipòtab l ap andire a, men ki, ipokritman, fè kwè se yomenm ankò ki sovè a.
Ant 1915 a jounen jodi a, Ayiti sibi twa okipasyon: de okipasyon enperyalis meriken e yon okipasyon Etazini-Lafrans-Kanada sou lobedyans Loni (Òganizasyon Nasyonzini). E pèp ayisyen konnè ki kalite lawont ak katastwòf sa pote pou li. Anfèt, n ap mande sitwayen sa yo ki swete «pou Blan pran peyi a», nou pa konnen nouvo kolon yo okipe peyi a literalman sa fè deja 18 long ane sou lobedyans Loni? Kisa yo pote e kisa yo fè ki pozitif pou peyi a? Se ranje yo ranje-l pou nou? Nou pa konprann jwèt bouwo nou yo toujou? Chak fwa nouvo kolon yo debake pou vin remete chenn lan nan pye nou, yo toujou sèvi ak menm pretèks paspatou perime yo a, ki se «pou vin retabli lòd ak demokrasi» e «ede pèp ayisyen devlope peyi-l». Wi, se sa yo toujou di. Alòske se yomenm ankò k ap kreye dezòd e detwi demokrasi nou, volè richès nou e enpoze a tchoul yo mete sou pouvwa a, ajanda destriktè yo pou anpeche peyi a fè menm yon grenn pa annavan. Poukisa nou wè se valpa sèlman Blan «sovè» yo mete sou pouvwa a? Kiyès ki mèt gang yo veritabman nan peyi a? E Poukisa nou kwè peyi a gangsterize konsa? Nou pa konprann toujou? Se pou bouwo nou yo «ranje peyi a» pou nou? Yo sètènman touye tèt yo ak ri lè y ap tande sitwayen lach, parese e nayif sa yo, ki refize  goumen pou defann dwa granmoun yo e chanje pwòp desten yo. E bouwo yo ap kontinye krache sou endividi sa yo ki vle manje omlèt men yo pa vle kase ze yo, e si toutfwa yo mete asyèt manje a devan yo, yo pa menm vle kenbe kiyè a.
Lòt kategori a limenm fè souwè sa tou, men yon ti jan diferan e pou yon lòt rezon. Biznismann k ap fè lajan nan peyi a nan move kondisyon yo, sa yo k ap souse san mas yo, e ti boujwa reyaksyonè ki deside fè tchoul elit ekonomik antinasyonal sa a, yomenm, yo vle tou senpman «pou Blan rete nan peyi a», paske yo pè kòlè mas yo ki se yon volkan ki ka eksploze nenpòt kilè. Donk, sèl garanti yo genyen se prezans Blan nan peyi a ki pou ba yo pwoteksyon, swa atravè fòs etranje, menmjan sa te fèt ak Minista, osnon atravè Lapolis, Lame «kotès» la ak, sitou, gwoup paramilitè kriminèl yo ki pa lòt ke gang ame jiskodan yo k ap simaye laterè nan mitan popilasyon an pou anpeche eksplozyon vòlkan popilè a. Sepandan, kategori moun sa yo pa mande pou Blan «ranje peyi a», paske yo pa nayif, yo konnen jwèt la byen. E yo konnen tou menmsi Blan ta vin mete on ti lòd, sitou nan ekonomi ak finans peyi a, sa ap deranje yo anpil, piske se nan move kondisyon nèt yo fè richès yo.
Rete tann twazyèm e dènye pati a.
Moriso LAZA

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *