Jou ki 12 février 2022 a
Matris liberasyon wete chapo li byen ba pou salye pèp ayisyen an
kap reziste anba move lavi ,ensekirite ki blayi toupatou sou peyi a,
espesyalman klas ouvriye-yèz yo k ap lite chak jou pou yo kontinye
respire ak grabday yo lage nan men yo an.
Matris Liberasyon tanmen yon refleksyon sou 7 fevriye 2022 a ki te
make 36 lanne depi pèp ayisyen te batay pou dechouke rejim san
ginè diktati bout di Divalye a. Matris sezi konstate, sou tout rezo
sosyal yo, kouman yon seri ajan lapolis ki nan CIMO tap maspinen
ouvriye-yèz yo, tankou tonton makout,ki tap reklame pasifikman dwa
yo pou yo gen pi bon salè ki kapab ede yo reziste ak move lavi yap fè
fas ak enflasyon kap taye banda li nan ekonomi peyi an, kote menm
fanm ansent pa epanye.
Nan sans sa, Matris Liberasyon kore ak tout fòs li revandikasyon
ouvriye-yèz yo, pi gwo viktim sistèm peze souse k ap fini ak peyi a .
Matris ap ede travayè yo rele ABA yon sistèm atoufè kote patwon ak
leta makonnen pou souse san travayè kap trimen nan chache lavi.
Matris liberasyon ap denonse vyolasyon lwa 2009 sou salè minimòm
nan ki ekzije ajisteman salè chak ane selon nivo enflasyon an . Menm
jan ak tout travayè ki nan leta ak labank, ouvriye-yèz yo viktim anba
konplo klas dominant yo ak gouvènman mafya yo fè sou peyi a.
Nòt sa p ap ka fini san nou pa voye senpati nou a tout fanmi viktim
sistèm malfini sa fè nan peyi a, yon fason espesyal sila yo k ap soufri
aprè zak maspinay lapolis nasyonal la fè sou manifestan-t pou lavi
miyò yo.
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»
Matris Liberasyon ap mande tout pèp ayisyen rete vijilan nan batay
pou chanje kondisyon lavi nou, dekwa pou nou kite yon pi bon Ayiti
pou jenerasyon kap vini an.
Matris Liberasyon mande tout fòs pwogresis yo pou pote sipò bay
travayè yo kap reklame 1500 goud Kòm salè minimòm.
VIV YON AYITI GRANMOUN TÈT LI !!!!!!





