14 Jiyè 2022
MATRIS LIBERASYON wete chapo li byen ba pou salye pèp Ayisyen an ki kontinye ap monte yon veritab maswife nan pwòp peyi l depi jou yo te fin touye Anperè Jean Jacques Dessalines , papa nasyon an, jouk pou rive jounen jodi an.
Depi me 2011 , DEPATMAN DETA AMERIKEN ak PHTK kidnape LETA AYISYEN, ki tounen yon Leta bandi, kriminèl, k ap kreye, alimante gwoup gang toupatou pou detwi popilasyon an. Sitiyasyon sa a reponn ak enterè laboujwazi ak dirijan politik meriken mete nan tèt Leta a pou egzekite yon plan asasinay pou fini ak Peyi a.
Tankou Chèf PHTK dezyèm vèsyon an, Jovnèl Moyiz, te anonse l anvan li mouri : l ap kite yon peyi tèt anba pou nou ak moun li yo ki se chèf bandi , malfektè, nan tout peyi a. Reyalite a pa lòt, pèp la an otaj nan pwòp peyi l, grangou ap touye l, kriminèl ap masakre l, chase l nan pwòp katye l. Tout sa ap fèt bab Mouche Leta, anba bab Madan Lalim , moun mouri pa pil a pa pakèt nan Lasalin, nan Matisan, nan Bèlè, nan Delmas 32, nan kwadèboukè, anba je yo la , moun ap mouri Site solèy…
Tankou jan dènye rapò RNDDH la di l , Matris Liberasyon kondane alyans Leta Ayisyen fè ak G9 nan ba yo materyèl CNE pou atake G pèp pou kontwòl tèritwa e rive pran pouvwa nan eleksyon malatyong. Sa ki ta lakoz yo touye plis pase 80 inosan , blese plis pase yon santèn , boule kò yon bon kantite ladan yo . Jiskaprezan masak sa ap kontinye nan bab kò gwoup , Washington ak Madan Lalim.
Matris Liberasyon konnen trè byen, sitiyasyon kawo nap viv la pa sot nan syèl. Ensekirite pwograme sa se pi gwo reyalizasyon pouvwa PHTK kite pou peyi a. Nan gwo bilan 11 zan pouvwa tèt Kale a , yo rive fè plis pase yon douzèn masak. Nou p ap janm bliye masak Delmas 32 a kote yo te asasinen pòt pawòl nou Marie Antoinette Duclaire ak jounalis Diego Charles, pandan yo te pwofite vide pifò moun ki te sou wout yo atè. PHTK anba je NASYON ZINI kraze tout enstitisyon Leta , kase ren aparèy jistis la, pou yo pa rann kont apre tout krim yo fè, tout piyaj, tout gagòt yo fè pandan plis pase 10 zan sou pouvwa a, depi Michel Martelly pase pran Jovenel Moïse rive sou Ariel Henry.
Matris Liberasyon, devan sitiyasyon sinis sa, rekonèt pa gen wout pa bwa. Di djab bonjou l ap manje w, pa di l bonjou l ap manje w! Sèl solisyon an, se pou pèp la òganize l, angaje l nan batay ak militan konsyan pou libere tèt li nan sitiyasyon l ye la a.
Se pou òganizasyon politik yo sispann pratik meskinri an, pratik pa m pi bon an, pou yo asosye yo ak lit pèp la pou mennen gwo batay liberasyon an. Lènmi yo anpil , yo pwisan, si nou pa angaje nou nan yon batay liberasyon total kapital, n ap disparèt grenn pa grenn.
MATRIS LIBERASYON PARE POU ANGAJE L NAN KOKENN CHENN MOUVMAN LIBERASYON SA A, PASKE SE SÈL CHWA NOU GENYEN POU NOU PA DISPARÈT GRENN PA GRENN.
Pou otantifikasyon :
Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon matrisliberasyon033@gmail.com






