Komite Solidarite ak Rezistans Pèp Ayisyen an ann Ayiti (Miyami)
Nòt pou laprès
2011-2023: 12 lanne depi peyi nou ap refè eksperyans rejim kraze zo Duvalye yo anba gouvènman PHTK yo. Menm jan an 1957, se enjerans Etazini ak lòt puisans yo ki te fasilite menmiz bandi legal sa yo sou pouvwa a an 2011. Se sak fè entènasyonal la kontinye ap sipòte gouvènman ilegal Ariel Henry a epi mete yo an kwa kont tout solisyon ayisyèn a kriz la.
Jounen jodi a peyi nou an ap viv pi move moman nan istwa li: Gouvènman kriminèl Ariel Henry an, ak sipò aktif swadizan peyi zanmi nou yo, ap itilize lapolis, lame ak gang yo pou simen laterè epi anpeche pèp la mobilize pou defann dwa li. Anplis kidnapìn ak zak represyon, peyi a ap fè fas a on sitiyasyon sosyoekonomik san presedan. Grangou ap fini ak malere, klas mwayèn nan ap sove kite peyi a, pri pwodui de baz yo monte tèt nèg, lekòl pa ka fonksyone, mouvman sitwayen preske enposib. Nou gen nan men nou on kriz imanitè grav, ki se konsekans on kriz politik ke yo pa vle oswa yo pa kapab rezoud.
Nou bouke! Nou di sètase atò!
Nou menm Ayisyen ak Ayisyen Ameriken k ap viv nan Miyami nou di nou pa ka kontinye rete an silans ankò. Pandan y ap vyole, masakre, teworize pèp nou an. Nou dwe leve kanpe! Nou dwe mobilize! Nou dwe jwe wòl istorik nou, jan nou toujou fè l lò peyi nou an danje.
Moman an rive! Ann pran responsablite nou! Nou envite tout lòt sitwayen, lòt gwoup nan dyaspora a pou yo pran responsablite yo!
Se pou tèt sa nou menm nan Miami ki toujou ap goumen pou defann peyi nou ak pèp nou, deside fòme jounen jodi a Komite Solidarite ak Rezistans Pèp Ayisyen an ann Ayiti.
Pa gen wout pa bwa!
Nou tande apèl patriyòt anndan peyi a k ap mande rasanbleman tout patriyòt, tout gwoupman sosyopolitik e relijye ki pa nan danse kole ak rejim ilegal, represif, kowonpi Ariel Henry a. Se 2 kan li ye! Kan PHTK/Ariel Henry/André Michel/Madan Manigat/Michel Martelly a epi anfas li kan demokratik la. Pèp Ayisyen an merite on inite lajman laj pou fè fas kare pi byen a bandi legal sa yo. Ann kreye inite sa prese prese!
Objektif Komite sa klè:
Nou mande prese prese depa gouvènman ilegal Ariel Henry a ansanm ak tout akolit li yo!
Nou mande pou peyi a rantre byen vit nan yon tranzisyon ripti ki gen pou misyon soulaje mizè pèp la, fè lapè blayi nan peyi a, remanbre enstitisyon yo, epi òganize bon jan eleksyon demokratik!
Nou ekzije pou administrasyon Biden nan ak Core Group la sispann sipòte gouvènman enkonstitisyonèl Ariel Henry a!
Ayisyen anndan tankou deyò, ann mobilize pou nou voye ale rejim PHTK a!
Ayisyen anndan tankou deyò, ann mobilize pou yon gouvènman ripti kap defann pèp Ayisyen an, ki konpetan, ki anti koripsyon!
Ayisyen anndan tankou deyò, ann mobilize pou peyi nou pran chimen demokrasi a tout bon!
Pou Komite a:
Farah Juste (305.305.7571)
Abel Simon Zéphir (786.413.0932) Lodz Deetjen
Théoballe Pierre Paul





