Fò Libète, Lendi 11 Jiyè 2022
NÒT POU LAPRÈS
Jou ki te Jedi 23 Jen 2022 Polisye CESFRONT, Watson SAINT LOT, agrese, Senatè Jean Baptiste Bien Aimé, Kòdonatè IPAM Nòdès, sou fwontyè Wanament pandan l ap soti nan yon vwayaj an Dominikani vè 4:20 nan apremidi. Si pat gen anpil Je ki t ap gade evèlman makab sa a Polisye Kriminèl la te kapab menm retire lavi Senatè Bien Aimé.
Malgre lajistis pa ekziste nan peyi Bandi Legal yo ak Koalisyon Apezesouse an, IPAM ak Senatè Bien Aimé te priyorize lajistis. Nan sans sa, nou te depoze yon plent Pakè Fò Libète. Nou pap fè Tèt nou ilizyon sou misyon enjistis lajistis jodi an kote yon koalisyon apezesouse ap sipòte tout deriv Bandi Legal yo. Plent sa se yon prèv pou n chèche jistis lè n fese atè koalisyon kriminèl sa k ap dirije peyi an, epi pou n montre popilasyon an nan ki nivo Bandilegal yo dekonstonbre lajistis ak rès enstitisyon nou yo.
IPAM pa konsidere konpòtman polisye an tankou yon zak izole, paske n konnen gen yon seri espas ekonomik tankou Pak Endistriyèl Karakòl, Dwàn Okap ak Wanament, kote Koripsyon ap taye banda, yo entèdi prezans manb IPAM pou yo pa wè sa k ap pase. Kidonk Polisye an ap aplike Lòd Bandi Legal yo k ap defilfare enstitisyon sa yo, sitou jodi an ak pouvwa Aryel la, se foure men pran san kontwòl.
Madigra bon mas pa fè n pè, se pa madigra mal maske k ap fè n kouri. Nou denonse polisye kagoule ki te vin bay presyon nan pakè Fò Libète. Nan sans sa, nou voye yon gwo kout chapo bay militan nan rejyon an ak militan IPAM yo ki te akonpanye Senatè Bien Aimé nan Pakè. Nou pwofite salye solidarite tout òganizasyon ak pèsonalite nan peyi an ki te pote solidarite yo bay Senatè Bien Aime ak IPAM
N ap di Bandi Lagal yo ak Koalisyon Apezesouse an, batay liberasyon mas yo pap kanpe nan wout. Agresyon kont Jean Baptiste Bien Aime, senbòl rezistans Pèp Nòdès la, se lwil pou ranfòse Mobilizasyon an. Vye Manman pare pou Zepina, Zepina pare pou vye manman, pap gen enpinite pou Watson Saint Lot.
IPAM pou yon sosyete san fòs kote !
Pou IPAM :
Kòdonatè Nò






