Nan peyi nou Ayiti lavi di nou, Orevwa.

Nan peyi nou Ayiti lavi di nou, Orevwa.

Pennsylvanie/USA/ 02/26/2023 – Nan peyi nou kote nanm nou pran rasin nan bitasyon nou kote lonbrit nou plante. Nan jaden nou kote vant nou depan. Nan tèt tout sous dlo yo kote nou dwe pase swaf nou. Li fè nwa tout tan.
Ou ta di Solèy la pa janm leve. Lalin nan pa janm parèt kò l. Zetwal yo pa janm klere zòn yo. Lespri yo antòtye bon nanm yo disparèt.  Move lespri yo gaye tout kote w pase.
Yo kanpe an chatkalis nan chak kafou ou kwaze ak yo sou tout wout. Yo la pou fè n pè. Yo la pou bwè san. Yo la pou simaye lanmò.
Anyen pa ka frennen yo. Rasanbleman fidèl katolik
jèn kretyen pwotestan, reyinyon Franc maçon ak
Rose-Croix, ale wè pou ekri gwo filozòf k ap Ekri gwo franse tout la jounen e ki pa kwè ni nan BonDye ni nan Dyab.
Pou kriminèl k ap bwè san yo. K ap touye moun.K ap fè sakrifis ak timoun.  Tout Notre père. Tout je crois en Dieu. Tout alléluia.  Tout bèl lèt filozòf ap ekri nan Lang menm pèp la pa fouti konprann.
Pou Ginen yo yo menm ki konprann se yo menm ki mèt kay la, se yo menm ki gen dwa epi kapab bòne li, defini lizyè kote moun kapab pile. Nou tout konnen kouman Ginen yo konn fè delimitasyon. Anpil istoryen, anpil moun ki pwofonde di si pat gen seremoni Bwakayiman ak Boukmann , èske nou tap pale de premye janvye miluisankat(1804). Se pou di nou kouman lavi nou kòm pèp ki fè listwa makonnen ak vodou a. Nan moman sa, kriminèl yo, vanpi yo ansanm ak tout parenn yo pase anba pye tout onè ak respè pitit peyi y’a genyen pou Rasin sa yo.
Pou Asasen yo ki pa moun ankò ansanm ak ti ponyen opòtinis kap mache ak yo, k ap defann yo nan tout salon Nasyonal ak nan fowòm entènasyonal, tout sa yo se kakaratdèyèbwat.
Dayè Vanpi yo genyen swadizan moun ak mikwo pou monte sou sèn pou pale pou yo. Entèlektyèl defwoke sa yo, lespri detounen sa yo, malerezman jwenn kote pou fofile kò yo sou moun nan sosyete y’a. Moman rive pou karantèn sosyal la aplike.
Sa vle di se pou nan tout sektè, tout milye, tout kote nou rive IZOLE. Tout soufif yo. Tout toutè yo tout rapòte ak plim ansanm ak rapòte ak mikwo yo tout sitirè yo  dwe an karantèn sosyal. Se pou sosyete y’a rive la. Se youn nan fason n ap rive akonpaye pèp la tout bon  nan batay san pran souf sa.
Pa gen netralite. Genyen chwazi kan w. Èske se nan kan bwè san ak dechèpiye y’a ou byen nan kan lavi an ou ye.
Sonje pawòl lakay ki di: “Nan benyen pa gen kache lonbrit”.
Boukan News
Photo: ww.infochretienne.com

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *