Nan Lanmò Jomo Apwedye,  Tonton Sam Se “ Magi”…Li tout bèt! 

Vwa Rezistans Popilè (No13).-
Nan Lanmò Jomo Apwedye,  Tonton Sam Se “ Magi”…Li tout bèt! 
Philomé Jacques
New York, USA – Kouman Enperyalis Ameriken Bay Tèt Li Dwa Pou l Fè Ankèt Sou Asasina Jomo Apredye Ki Te Prezidan Peyi a, Arete Moun Li Vle Ki Nan Kou a, E Deklare l Ap Kenbe Aryèl Anri Nan Tèt Pouvwa a An Ayiti?
Apre viktwa 1791-1803 a, sosyete ki pran nesans nan plas sosyete esklavajis la, se yon lòt sosyete èksplwatasyon. Esklavaj te fini, men èksplwatasyon an pral kontinye sou yon nouvo fòm ki chita sou yon baz feyodal ak yon baz neyokolonyal ki te plase dabò anba dominasyon Franse avan l chavire anba dominasyon Ameriken yo depi 1915.
Soti nan lendepandans rive jodi a, anpil katastwòf pral frape peyi a tankou asasina Desalin, swisid rwa Anri Kristòf, tranbleman tè 12 janvye 2010 la elatriye.
Sepandan, pami tout katastwòf yo, akò 10 jiyè 1825 lan ki pèmèt Lafrans domine ekonomi peyi a ak envazyon ameriken an 1915 pou kontwole politik ak ekonomi peyi a, reprezante 2 pi gwo kalamite ki make listwa peyi dAyiti.
Sa k pase ameriken yo, ki rann je yo pi gwo ke vant yo depi 1e mwatye 19èm syèk la?
Se apre yon deklarasyon ki chaje ak frekansite, senkyèm prezidan ameriken ki te rele James Monroe ( 1817/1825) te fè an desanm 1823, kote l di: ” Tout kontinan Ameriken an se  pou ameriken li ye, Pwen ba” ke Etazini bay tèt li dwa pou l atake tout richès, byen ak lavi moun ki egziste sou kontinan Amerik la.
Konsa, depi epòk 1840 yo, ameriken atake Meksik, pran plizyè milyon kilomèt kare tè kote lò, gaz ak petwòl melanje ankò ak lòt richès anba tè, pou agrandi sipèfisi yo ak anpil nouvo richès nan patrimwa n Etazini. Yo foure nen yo toupatou sou kontinan an: Nan Nikaragwa, Kiba, Dominikani, Bolivi, Kolonbi, Salvadò, Panama, Grenad, Chili elatriye. Toutfwa, gen kèk peyi yo pase tankou Kiba, rezistans pèp yo fòse yo ale, men an Ayiti ameriken kwaze pye yo sou lèstomak peyi a depi 1915.
Nan ekonomi, se yo k fè bidjè, pase kontra pou pran avantaj ki nan gou yo tankou kontra sou mi n lò, frè madanm Klintonn te siyen ak Mateli kote konpayi frè madanm Klintonn nan ap vann lò pou Ayiti e l ap ba peyi a sèlman 2 al 3 dola sou chak kantite lò li vann pou 100 dola us. Sa vle di, l ap kenbe 98 dola padan l ap ba Ayiti 2 grenn dola.
Sou plan politik, se yo ki koupe rache nan mete domèstik ak enkonpetan nan tèt peyi a. Nan koumansman 20èm syèk la, ameriken chwazi Tonton Nò (Nò Aleksi) palafòs, ki pat gen okenn konpetans pou l mete l prezidan anfas 2 nasyonalis ayisyen; ekriven ayisyen Antenor Firmin ak doktè Rozalvo Bobo ak swit nou konnen yo, an 2011 apre ameriken rale Mateli de 4èm plas a 2èm plas pou mete l prezidan; yo enpoze donèstik swit Miki Gary  Conille,  yon tradiktè ak sekretè Bill  Clinton, kòm premye minis pou l fòme ak Mateli yon pè zo totalman inyoran nan zafè peyi a kote ni youn ni lòt pat konnen ni lajè ni longè peyi a; e an 2016 ameriken yo ak oligachi a ranmase Jovnèl ki te gen manda lajistis dèyè l pou mete l nan tèt peyi a ak tout konsekans deblozay sa trennen nan neyokoloni an.
Pou kisa ajan enperyalis yo sou  teren an, anraje dèyè referandòm konstitisyon pou rafrechi lizyè enperyalis ameriken yo?
Konstitisyon 1805 Desalin te fè a, anpeche etranje kontwole peyi a ak vòlè tè, ni byen nan sifas ni anba tè peyi dAyiti. Malkoumizè, atravè tout konstitisyon yo, ayisyen toujou aksepte limite posiblite piyaj la tankou papa Nasyon an te mande l la. Depi 1915, ameriken yo gen 2 atik malatchonn nan palto yo; youn ki pou pèmèt etranje ranmase tè peyi a e lòt la dwe fasilite etranje vi n dirije peyi a. Lè yo debake an 1915, nan volonte pou kouvri  peche yo ak yon kad legal, swadizan demokrat ameriken yo te kraze palman ayisyen an pandan 2 fwa nan mwens pase 3 mwa paske senatè ak depite te refize valide atik malatchonn yo jiskaske mèt neyokoloni an te oblije chwazi yon sekretè deta ameriken ki te rele Delano Roosevelt pou ekri yon konstitisyon sou mezi pye peyi dAyiti selon volonte ameriken yo an 1918.
Briskeman, konpayi ameriken Mak Donal ki t ap fè wout pou tren, ki te gen kontra pou fè 105 km wout sou ray soti Pòtoprens al lòtbò Senmak, te reklame yon kado 40 km tè nan tout bò wout la, swa yon total 5 mil kilomèt kare prèske 20% teritwa peyi a. Lè gouvènman ayisyen te refize, kòm dabitid, konpayi ameriken an rantre lakay li ak tout lajan Leta ayisyen te vèse l la san fè wout vwa fere a.
Kidonk, onon deklarasyon James Monroe a ke Klintonn te konfime lè l di; “Ayiti se lakou dèyè kay Etazini “, ameriken yo pran kontwòl politik, ekonomik ak militè peyi a. Yo pran kontwòl ankèt sou asasina Jomo Apredye a pou evite gwo verite sou kesyon sa touche zòrèy pèp souvren an. Savann pou  Wa, bèf pou  Wa , pèsonn pa kwè yo inosan nan seremoni sakrifis kay Jomo 6, 7 jiyè a.
Nan operasyon chire dra pou kouvri vrè responsab yo enperyalis la ap fè a, Mateli ak Aryèl Anri gen dwa dòmi nan kafou paske timari pap monte e timari pap desann. Ak prezans Gang akote Polis dokipasyon an, ameriken yo kwè tanmpo jwèt la nan men yo.
Charles X

Sepandan, listwa peyi dAyiti montre ke l toujou gen dewo e deba. Apre asasina Desalin e akò 10 jiyè 1825 lan kote oligachi a te remèt richès peyi a bay Lafrans lan, kont tout atant, mas popilè yo te jwenn fòs ak enèji pou redrese peyi a nan fen 19èm syèk la kote yon pyès goud lò ayisyen te vo 55 dola ameriken. Anpil milye ameriken, franse, Jamayiken ak arab te pase anba fil pou vin chache travay an Ayiti. Nan gwo figi refijye ekonomik sa yo, tonton Jeneral Lame ameriken an,  Colin   Powell ak manman Divalye te kite Jamayik ak Gwadloup pou antre vin chache lavi sou tè papa Desalin nan epòk la.

Malerezman ameriken pral kase ponyèt peyi a, lè l te fè sòlda ak bato gè vòlè trezò peyi a nan Bank Santral (rezèv lò, rezèv an dola us, liv sterling angle, pyas espanyòl ak rezèv fran franse) le 17 desanm 1914 nan Pòtoprens pou pote l Ozetazini.
Jodi a, ameriken ak oligachi a kanpe dèyè Gang ame ak Polis Gang pou bay pèp la bwa long nan mare kat eleksyon ak kraponnen mas popilè yo ak zak ensekirite yo.
Toutfwa, si mas popilè yo kontinye mobilizasyon an nan yon kad òganize ak disipline, y ap rive louvri baryè Liberasyon peyi a.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Aba Enperyalis Degraba yo! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 14 fev 2022.
Pou Komite a,
Philomé Jacques.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *