Nan kisa yo mete Dyaspora a? Nan Konstitisyon Rabòday la?

Nan ki sa yo mete Dyaspora a?
Nan konstitisyon Rabóday la?

Professeur Wilfrid Suprena

Anpil nan nou ale lekòl, nan inivèsite pa bò icitt, nou wè kòman moun yo òganize peyi yo pou yo menm…
Epi n ap kite politisyen djòlalèlè ap pase nou nan tenten…

Poudayè “ le fait” que yo établi diferans ant Aysyen andedan ake Aysyen ki deyò yo nan yon konstitisyon déjà montre se yon blòf…

Yon moun fèt an Ayti ou se Aysyen. Pwen Ba. Kwakilanswa kote w ap viv la… Menm si w ta pwan yon lòt nasyonalite…

Nou pa ka e dwe kite Ti “ Vakabon” ap vin miwate Ti avantaj politik dèyè manman devan nou pou anbobine nou.

Tèlman gen Ti opòtinis ki pwa l dèyè djòb leta, pouvwa nan men vòlò ake asasen nan peyi a! Yo konpwann yo ka voye labou nan figi nou ake yon atik Ou de atik bidon nan yon konstitisyon tèt chat…

Men Kòman n ap wè si politisyen Lakay serye ake entegrasyon Aysyen deyò yo nan Vi politik peyi a:
– Nan demach pou mete yon bank konstriksyon ( pou fè kay mwayen pou lwe e vann) kote manm Aysyen k ap travay deyò yo ka envèsti…
– Nan mete kanpe gwo bank agrikòl ( kote gwo envèstisman ka fèt nan Fèm elvaj ake Fèm kap pwodwi manje)
– Nan la pèch… ( Bank)
– Nan transpò maritim….

Entegrasyon Aysyen deyò yo nan vi politik peyi a dwe kòmanse nan ekonomi a an Pwemye… Fòk yo ta fò ekonomikman nan peyi kote y ap viv la an Pwemye Epi pou yo enflyanse politik la kote yo rezide à Epi y ap ka enflyanse politik la nan peyi kote yo te fèt la…

Tout lòt demach nan konstitisyon Se blòf…

Koulyè a kèk peyi ap a aksèpte eksedan Aysyen Ke sistèm ekonomik e politik peyi a majinalize…

Gen yon lè nan devlòpman kapitalis la, Se robo k ap kontinye ranplase moun… yo pap bezwen travayè ki pa kalifye ankò…. Aysyen ap oblije rete Lakay a yo..

Answit pitit oubyen pita pitit a Aysyen ki émigre yo Pap gen menm enterè pou tounen Ayti oubyen al travay Ayti oubyen envèsti En Ayti…

Ki sa atik konstitisyon ki pale de Aysyen deyò yo ake dwa politik yo pwal tounen?

Yon sèl Ti refleksyon te ka pèmèt nou wè sa…

Men Se pa kesyon peyi k ap regle la… Se kesyon gwoup vòlò k ap prepare yon tèren légal pou yon lòt gwoup vòlò vin fè bèr a yo…

Wilfrid Supréna

3 Comments

  1. Li klè tout saw di yo korek. Chanje konstitisyon se chanje nati rejim politik la. Mars 87, yon konstitisyon repiblikenn ranplase konstitisyon rejim prezidansyel a vi. Si se chanjman konia Fok sè ta jete konstitisyon repiblikenn nan pou tonbe nan konstitisyon demokrasi direk. De plus, entegrasyon diaspora a ta dwe yon reyalite ki depase nosyon dizyem depatman ak ministè yo fè an onè yo.
    Sel bagay koze moun etidye al nan inivesite a diskriminatwa

  2. Li KLE Prof ou pa Li projè a nan integralitel épi ou la métrize dwa konstitisyonel koapare

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *