Nan ki sòs Antonio Guterres ak Joe Biden  lage Ayiti la a?

Nan ki sòs Antonio Guterres ak Joe Biden  lage Ayiti la a?

Marcel P Mondesir

Boukan News, 10/07/2023 – Si n byen konprann kouman deba ap fèt nan mitan politisyen ak sèten òganizasyon sosyal sitou sa k ap fouye je gade kouman otirite yo ansanm  ak fòs lame+lapolis ap respekte dwa moun nan peyi Kénya sanble anyen pa klè.

Fòs politik yo pa konprann kouman prezidan William Ruto fè aksepte soutretans sa nan men meriken yo. Alòs anndan lakay yo chaje ak pwoblèm sekirite. Bandi sèl kòk chante. Epi tou, chaje ak lòt travay 1.000 polisye sa yo ta genyen pou fè pou ede pèp la rale yon souf.
Politisyen yo ansanm ak òganisazyon sosyal yo kwè desizyon sa gouvènman pran la, se pou l kapab pwoteje tèt li, se pou l kapab jwenn benediksyon peyi oksidantal yo, Etazini nan tèt pou tout zak koripsyon ak zak represyon li deja fè.
Dayè tansyon an kòmanse monte disètwotè menm nan mitan ekip sou pouvwa a. Alfred Mutua ansyen minis Afè etranjè ki t ap kowòdone dosye y’a pou Kénya pran tèt misyon an, se li ki te pi cho devan bann nan, pèdi pòs li 3 jou apre vòt Nasyonzini an. Kounye y’a, mouche blije reziyen l ak yon pòs minis touris. E se prezidan li menm ansanm ak antouraj li ki pral mennen dosye y’a.
Nyaj yo tèlman lou nan syèl Kenya, sanble Guterres ak Biden poko kapab chante “Haïti nous t’avons eu” epi bann Ariel la, li menm poko bezwen chante kantamwa yo, frape lestomak yo pou konprann tipass kout la pral fèt nan KEP ak eleksyon pike kole, eleksyon chanpwèl tankou chwal ki chaje ak zèb nan bouch li y’a nan estil fòlklorik tout moun konnen l renmen di.
Palman Kénya ki pataje souverennte peyi y’a ansanm ak prezidan, paske li reprezante pèp la, mande pou l bay dizon l sou desizyon gouvènman an pou deplòtonnen 1000 polisye nan tèt yon fòs okipasyon an Ayiti. Sanble, Palman an nan tout dwa l lè li egzije prezidan pou voye dosye a pou l analize l epi bay dizon l.
Nou kapab konprann preyokipasyon palmantè yo ansanm ak òganizasyon dwa moun yo pou genyen bon jan limyè ki fèt anvan yo voye frè ak sè yo vin angaje sou yon teren kote enperyalis yo vle kontinye toufe, etenn souf yon peyi ki pou yo menm se chanpyon libète.
Yon peyi enperyalis yo fè tout eksperyans, itilize tout mwayen pou kenbe l nan malsite, pou yo menm Kénya ak lòt peyi Afrik ansanm ak tout pèp k ap batay pou wete chenn eksplwatasyon an nan Kò yo pa swiv.
Enperyalis yo vle toujou genyen Ayiti anba men yo kòm parya pou toufe tout lit pèp lòt kote.
Tout òganizasyon, tout fòs sosyal ak politik, tout pèsonalite ki kontinye vomi okipasyon Guterres ak Biden nan se pou nou chache devlope relasyon sere sere ak fòs sosyal fòs politik nan peyi Kénya pou n fè  yo konnen vrè misyon fòs sa se pa vreman goumen kont kansè gang yo, men pito pwoteje tout alye sistèm nan, pwoteje enterè enperyalis yo.
Bandi yo, gang yo kit se sa k genyen kravat yo, kit se sa k ap touye tout moun wè yo, gang ak sapat yo, tout gen menm mèt, tout ap rann kont bay menm patwon. Se pou rezon sa batay kont gang yo egzije anpil kouraj, anpil detèminasyon ak volonte pouvwa Ariel la pa genyen e pap janm genyen.
Marcel Poinsard Mondésir

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *