N ap ranmase San papa Nasyon an kanmenm!

N ap ranmase San papa Nasyon an kanmenm!

Marcel P Mondesir
Boukan News, 10/17/2023 – 217 lane apre premye sasinay papa Nasyon an kote nou ye?
217 lane apre premye krim san non kont Premye sitwayen ki t ap bay peyi sa ki fenk fèt la fòm li, kouman n ap viv?
217 lane apre yon ti gwoup ki pat dakò pou rasin esplwatasyon an fini ak aksyon ewoyik 1er janvye 1804 lan, paske yo te vle mete sou kote mas bosal yo, ki pwojè emansipasyon “elit yo” defann ansanm ak mas Bosal yo?
217 lane apre lame endijèn nan pran premye souflèt marasa akòz anbisyon/egoyis/pwoteje privilèj ti gwoup pa yo sèten jeneral ki te dakò patisipe nan konplo Ponwouj la pou dekapite Lanperè Jacques I, pou antere Konstitisyon 1805 lan, pou mete sou kote “les noirs dont leurs pères sont en Afrique”/ E  sila yo papa yo jouk Lafrik Ginen yo pap jwenn anyen ditou, paske pi gwo  richès nouvo nasyon an se latè, ki pwogrè ki reyalize, ki emansipasyon ki fèt?
Sa nou konstate trèt yo ansanm ak kòkòday yo/alye yo kontinye sabote, kontinye monte konplo kont Repiblik la. Menm jan tou yo kontinye tete manmèl la, tire pwofi tout richès peyi y’a. San vègòy yo pa sispann fè trayizon pou yo kapab parèt pou pi bon devan nouvo mèt yo/newo kolon yo pou ede newo kolon vanse ak pwojè  destriksyon an, pwojè wete trip mete pay la.
Ki bilan pwojè wete trip mete pay la?
Ayiti sou katriyèm okipasyon l. Youn nan lane 1915. Twa lòt yo nan 30 lane soti 1994 pou jounen jodi y’a.
Yon Ayiti fann pak an pak kote yon bon valè nan pitit li yo gaye tout kote sou tè y’a. N ap sibi tout imilyasyon, tout malonèt chen pa fè kochon anba bouch newo kolon yo menm lè y ap ponpe san nou nan tout izin lakay yo.
Yon peyi kote fòs viv li(la jenès)pèdi tout oryantasyon, pa gen okenn referans moral, entèlektyèl ak kiltirèl. Ou ta di yon jenès yo dekapite/yo koupe ti moso pa ti moso tankou sa te fèt ak kadav Lanperè Jacques Ier, papa nasyon an nan Ponwouj.
217 lane apre peyi Dessalines nan tounen yon bato k ap navige sou dlo san okenn kapitèn. Se vag yo k ap ba li oryantasyon.
Vag sa yo se tout desizyon newo kolon yo, enperyalis yo ki depi 1er janvye 1804 pa janm aksepte radyès pèmèt papa nasyon an lè li te kanpe sou plas Dam Gonayiv la ansanm ak lòt jeneral yo pou l te deklare: apati jodi y’a peyi sa lib, granmoun tèt li e tout moun ki ladan l lib. Konsa, nou te wete chenn nan nan pye nou pou n te kapab pran gouvenans nasyon an epi ba li oryantasyon nou te deside pou li y’a.
Trèt yo te deside yon lòt fason. Se pou sa, jouk jounen jodi y’a desantdisèt lane apre premye krim ki te pral kite enpwent li sou nasyon an, Ayiti ap chache wout li toujou.
Ayiti antòtye malgre anpil jefò pitit pitit Bosal yo toujou fè pou yo wè kouman pou yo tounen plante nan mitan deba yo premye pwojè papa nasyon an, yo poko toujou reyisi jwenn wout la. Rezon an menm jan Trèt yo ki te nan mitan dispozitif Dessalines nan yo t ap minen pwojè liberasyon an, se konsa trèt yo jodi y’a kontinye ap minen nouvo pwojè liberasyon nouvo Ayiti y’a pitit pitit bosal yo pa janm sispann bay san yo pou l kapab akouche.
Nou menm pitit pitit bosal yo, malgre tout sa nou sibi deja, malgre sa n ap sibi nan moman istorik difisil sa, anyen pap kase detèminasyon nou, se kounye y’a nou dwe goumen pou reprann libète n, se kounye y’a pou n limen dife y’a. Paske nou konsyan sou tout danje, sou tout vanpi ki sou chemen nou. Nou genyen pou n rive sou platon an kote tout moun ki pou lòt Ayiti y’a ap soufle lanbi liberasyon an.l
Sa nou tout dwe konnen viktwa se pou pèp òganize ak rezistan sa ye.
Papa Dessalines kote w ye y’a ou mèt pran konfyans pwojè liberasyon an, pwojè emansipasyon an ap pote laviktwa.
“Hasta la victoria siempre”, pou nou repete pawòl konbatan pou libète nan peyi Amerik latin yo. N ap ranmase san papa basyon an kanmenm.
Marcel Poinsard Mondésir 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *