MWEN TEMWEN ANPIL BAGAY!

MWEN TEMWEN ANPIL BAGAY
Jimmy Borgela

Port-au-Prince, Haiti, 10/08/2022 – Mwen temwen pitit mwen malad, mwen paka mennen l lopital paske pa gen gaz. Lè m mete l sou do m, travèse barikad, Ayisyen parèy mwen kalonnen m kout wòch, rale manchèt sou mwen pou m pa pase al chache ba li lavi.

Mwen temwen lè m rive lopital, pa gen doktè paske yo pa jwenn gaz, ni kamyonèt pou vin travay. Mwen sonje m tande yon fanm k ap rele anmwey, Li sou wout pou l akouche, men sèvis ijans lan pa fonksyone paske pa gen ni gaz, Ni pèsonèl. Boutofen, mwen temwen li mouri ak tout bebe nan vant li an toujou akoz pa gen gaz.
Mwen temwen pitit gason m pase men nan kou m, li di m “papa doulè a anpil nan kòm, m santi m ap mouri. Ki lòt kote ou ka ale avè m? Tanpri pa kite m mouri”.
Mwen temwen lè m pran wout pou m kouri Mibalè ak li, bandi simen kout bal sou nou nan kwadèboukè. Si se pat bon Bondye, mwen te ka tou rete la ak pitit gason m devan m sou yon motosiklèt pandan se kouri mwen t ap kouri al chache ti moso laswenyay pou li.
Mwen temwen jou sa yo di m bandi ak zam kenbe, vyole, filme Madan Sara sou wout kanaran epi fè pas youn bay lòt san ankenn krentif pandan setan Fanm vanyan sa yo, se moun onèt, entèg k ap bat seren jis pou chache Lavi pou pitit yo kapab kichòy demen. Yon sèl kou, Bandi depouye ak krache sou diyite Flfanm djanm sa yo ki gen plis Imanite ke anpil nan gwo dirijan peyi nou.
Mwen temwen yon gwoup Madan Sara ki t ap soti Jeremi pou vin vann bannann Pòtoprens te oblije rete sou wout, dòmi bò lari, epi ap gade machandiz yo k ap fin pouri sevan yo paske bandi matisan pa deside bay pasaj.
Mwen temwen plizyè moun ki mouri nan site solèy kote se chen k ap manje kadav yo nan lari, menm fanmi yo paka vin pran kò yo pou al antere yo avèk diyite, jan sa dwe fèt. Mwen temwen plizyè jenn fanm ak tifi, gwoup nèg ak zam rantre lakay yo, ale avèk yo, vyole, fizye yo epi jete kò yo sou pil fata. Mwen temwen jenn tifi 25 lane a ki te gen kouraj temwanye kalamite li te pase nan site solèy anba men bandi ke jodya tout moun bliye si l te egziste.
Mwen temwen zanmi m yo kidnape, fanmi yo vann tout sa yo posede, pran gwo eskont ak ponya pou bay bandi lajan ke moun sa yo pat janm posede tout lavi yo. Malgre sa se sou pil fata yo al ranmase kadav pitit yo a.
Oh mwen bliye, mwen temwen fòs militè etranje gouvènman peyi m mande pou vin ede m sikile san kè sote nan peyi m paske apse a gentan fin pouri anba tou nen nou. Ti bebe a gentan fin kaka sou li, kidonk pa gen lòt mwayen ke fè granmoun li vin siye bouda l.
Ti sa m di la se jis pou pèmèt nou chak reyalize kantite bagay nou temwen nan lavi nou akoz pwòp dirijan, boujwa ak politisyen peyi nou. Ti sa m di la se yon detay nan kantite bagay nou chak temwen yo nan lavi nou.
Hmm, mwen temwen anpil bagay!
Jimmy Borgella

One comment

  1. Ki sa Jimmy propoze kom solisiyon..?
    Ki sa Jimmy propoze kom aksiyon…?
    Kontinye sonje…..?
    Kontinye plen- yen…?
    Kriye..dlo nan je…?
    Rele bondie, le sen le zanj..?
    Hen Jimmy….?

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *