Mwen ta renmen konnen jefò moun kap dirije peyi a la a  fè tout bon vre deja pou yo mate vyolans lan? 

Mwen ta renmen konnen jefò moun kap dirije peyi a la a  fè tout bon vre deja pou yo mate vyolans lan? 

Daniel Jean

Boukan News, 02/03/2024 – ki sa yo te tante  fè ki ta montre  yo enpisan devan anvayisman fenomèn sa yo rele gang nan kote ke se sèl sekou lame ak polis etranje ki ta ka solisyon an ?

Ann gade kèk deriv ki ta nannan katastwòf nou ap viv la a epi dim ki repons yo te pote:
1) Gen yn konsomasyon ekzajere (moun tout kouch nan lari a la a ) alkòl ak dwòg ki marye ak tout saw pa ta imajine tankou: ti moun kap rale tinè nan twou nen, jenn fanm ak jenn gason kap bwè pafen florida blan melanje ak lòt sibstans san konte lòt dwòg di ke nou konnen yo, sa fèt nan figi tout moun;
2) gen yn latriye ti jèn ki pap travay ki abite nan bidonvil kap achte kach nan tout magazen, makèt yn pakèt pwodui ki vann anpil kòb;
3) bwat denwui ak timoun ki anba 18 an ki toutouni, kap bwè e ke yap vyole tou pou ti monnen ak patisipasyon gwo otorite;
4) polisye ki nan patwouy, antre nan makèt ak inifòm zam manch long, pou yo achte e pa menm jennen kòmanse konsonmen nan figi tout moun byè ak alkòl; pi fò patwouy nan lari se menm kote a ak menm polisye yo nan menm lè a oubyen patwouy enpwovize san sipèvizyon siperyè yo epi kale bwòdè telefòn yo nan men yo epi brase moun sitou lè yo bezwen al pase bon week-end;
5) nou nan 2024 jis konnye a gen plak 2022 kap flannen nan lari a sou machin, polisye, sèvis leta elatriye, san konte kòtèj otorite san plak;
6) malgre kidnaping ak malè zam manch long ap fè, machin ap sikile ak vit tou nwa menm vit devan nwa nèt; san konte machin ak plak IT, CD, CC, … ak jiwofa, sirèn;
7) yn pil ak yn pakèt ajans sekirite san ansèy, san non ap fè antrenman menm nan lari san pesonn pa mande yo sa yo pot pou vann;
8 ) tout kalte mayo, inifòm lapolis ak DCPJ fè kenken nan lari a ak kagoul menm jan ak bandi yo;
9) estasyon moto nan chak 2 kafou san plak, san kontwòl anpil chofè moto pa kache zam yo, anpil fwa yo fè bann pou yo agrese chofè machin ki ta fè aksidan ak yo tandike yap kase, kraze limyè, retwovizè san eskiz ale vwa  dedomajman;  jan yo pase sou patwouy yo fèw konprann se chèf ak chèf;
10) Bidonvil, simityè, twou egou, ravin yo plen ak moun ki abite ladan yo san idantifikasyon, san kontwòl;
11) kay patikilye, lokal Leta abandone ak magazen fisire depi tranbleman tè a  anba lavil la tounen kavèn alibaba, lajounen kou nan fè nwa, twotwa yo wout yo tounen pyèj pou pyeton ak machin;
12) fe datifis ak klorat nan tout katye, ap pete menm bò lopital kote ki gen malad, pou maske krim ak zam; … hmmmm!
Mwen kanpe la men m ta ka aliyen yn dividal deriv konsa ke okenn aksyon sèvis ki konsène yo pa pran pou limite dega yo.
Poutan tout fonksyonè leta ak zotobre ap touche e menm ekzije ti kat debi, ogmantasyon, pèman aryere pou travay yo pa founi ou byen mal fè.
Politik la se kite mele bouda nou ak Ayiti, pou nou li pa gen remèd e se  pa nou kap ka ranjel. Fèmen je, kase fèy kouvri sa, tout bouch fann fòk yo manje, se tete nou vin tete nou pa vin konte manmèl,  pito nou lèd nou la, se sa ka la ka wèl…
Konnye a mwen ta remen konprann sa etranje a ap vin rezoud pou nou la a ke nou pa ka rezoud.
Daniel JEAN

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *