Direksyon jeneral MUPANAH kontan fè piblik la konnen, lap prezante katalòg : « LES DOCUMENTS ÉCRITS SUR PAPIERS » ap fèt nan Otèl Royal Oasis, jedi 20 janvye 2022, a 4 è nan aprè midi.
Se yon dokiman, 300 paj, ki repètorye, yon dividal papye acha, vant, don esklav, kont randi batay ak korespondans ofisyèl ki date depi 18e pou rive 20e syèk.
MUPANAH reyalize katalòg sa a, gras ak sipò teknik Pwofesè Daniel Supplice. Travay envantè, katalogaj ak endeksasyon fon dokimantè MUPANAH dire novanm 2020 pou rive desanm 2021.
————
La Direction générale du MUPANAH a le plaisir d’informer le public que la présentation officielle du Catalogue « LES DOCUMENTS ÉCRITS SUR PAPIERS », à l’Hôtel Royal Oasis, le jeudi 20 janvier 2022, à 4 heures PM.
Ce document, de près de 300 pages, répertorie, dans la collection des documents historiques écrits sur papier du MUPANAH, un ensemble d’importants actes d’achat, de vente et de don d’esclaves ainsi des comptes rendu de batailles et des correspondances officielles, datant du 18e au 21e siècle.
Le catalogue « LES DOCUMENTS ÉCRITS SUR PAPIERS » est réalisé grâce au support technique du professeur Daniel Supplice. Ce travail d’inventaire, de catalogage et d’indexation du fonds documentaire du MUPANAH, a duré de novembre 2020 à décembre 2021.
Communication MUPANAH





