« MOUN SA YO GEN POU PRAN YON LAVMAN JILÈT » (Maurice Sixto)

Pennsylvania, USA, 11/16/2022 – Maurice Sixto, pi gwo lodyansè nasyonal la, mouri kite pou tout moun. Pawol neg sa a rete etènel pou tout jenerasyon Ayisyen, andan kou deyò. Pawol « Lavman Jilet sa a », chak fwa tande l san m bouyi epi li voye m dwat direk kanpe devan papa Dessalines nan « la crête à Pierrot ». Paske se Dessalines li ki te premye envante l sou kolon blan fransè yo, jounen jodi a, nan lane 2022 ki prêt pou fini an, pawol lavman jilet sa a anonse ke li pral detounen epi transfòme an moun. Paske zot pa kon konpran, ni tande, ni wè…se adelante san kanpe nan fant kouti pep la, men sa m wè pou yo dyol twò piti pou repete si telman m wè malè.
Ayiti se yon peyi ki dwol, dirijan fin fè pwomes dyol alèlè epi yo pa delivre anyen. Lè pep la boude, yo rele mouche lapolis ak lame pou vini vide gaz lakrimojen ak katouch sou pep la. Sa pa ase toujou, devan 2 gren je tout moun yo rele papa Meriken vini deplwaye fos militè ak gwo bout zam fanfwa ki pou kontinye chouke yo sou pouvwa. Ala peyi gen vakabon ladan !
vakabon fini vòlò lajan ak materyèl pèp la, yo gen yon douzen mètrès nan vil la, yap woule machin wololoy dènye kri ak anpil sekirite, yo abite nan chato ki koute milyon dola meriken, yap viv nan yon « luxe insolent » pandan yap fè pwomès chimerik ba menm pèp sa a pou fè yo pi gwo chèf. Gade saltenbèk nan yon peyi, moun sa yo gen pou pran yon benj jilèt.

Sak pi grav la, apre katastwof apre katastrof pase, goudou-goudou, syklon deven kòde, tanpet twopikal…fin pase, li kite yon gou lanmò ak dezolasyon nan dyòl frè peyizan parey mwen yo. San pran souf, gwo chabwak defile nan radyo ak televizyon pou grenen jilbrèt ba nasyon an. Avek menm lajan ak materyèl vòlò yo, yo parèt gwo jounen, san yon ti moso lawont nan vizaj yo, ak sache dlo ak sirèt kom kwa yo anvi fè pèp la charite ak menm lajan pèp la ke yo kase ponyèt li yo vòlò nan men li. Tonnè timen mwen, moun say yo pran direksyon lavman jilèt la.
Chak jou m leve, mwen di Granmèt la mèsi, mwen di « Sè Nwèl » mèsi tou, yon fanm peyizan ki te fè gwo sakrifis ki fè jounen jodi a m ka niche pwent kreyon m. Konsa li mete zouti lekriti ak lekti nan menm pou m ka denonse ni ti vòlò, ni gwo vòlò ki vle pran pouvwa daso nan peyi dayiti nan tout lang, pou tout zanmi pwogrè tou patou sou latè ka konen yo epi fout yo siga dèyè tèt yo, epi tou rele chalbari dèyè yo.
Mezanmi pèp ayisyen, pa enkyete nou, lavman jilèt la nan wout, li pral deplòtonen nan 4 kwen peyi a, prepare nou, paske eritaj povwa koken sa a fok li fini. Blan mannan kase kod nan batiman pap ka pwoteje yo.
Nou pa kon ki lè, jou, ki semèn, men “Lavman Jilet” nan wout epi l pa janm kase tet tounen, se ateri pou l ateri !
Joel Leon






Chapo ba pou ou frè m. Se yon plezi pou nou li sa w ekri e pataje l ak lòt ki pou yo ka reflechi apu eta peyi nou Ayiti.
Bel atik mwen paka tann lavman jilèt sa
Ooooooooo
Sa ka la la wè l!
Wi, lavman jilèt la ap fèt kanmenm! Li inevitab.