Misyon sou Misyon:  Chat konnen, Rat konnen Mas yo ap leve Barik Mayi a…

Vwa Rezistans Popilè (No47).-
Misyon sou Misyon: 
Chat konnen, Rat konnen
Mas yo ap leve Barik Mayi a…
Ki Vrè Misyon Wachintonn Voye  Brayan Nikohls Regle An Ayiti?
Wilfrid Suprena

New York, USA, 10/16/2022 – Nan jou ki pase yo, kan Reprezantan mèt neyo koloni an ake  Sendika diplomatik Core-Gwoup te anonse mwa oktòb 2022 a, pou yo pran mezi ak ekip Gang PHTK a, pou rale kèk politisyen tanbou de bounda nan yon Alyans elaji, pou lage tren elèksyon , jan y pase y pase,  jan y ye  y bon, selon volonte mèt neyokoloni an, pou bay kriz la yon nouvo dimansyon.

Nan sans sa, yon ekip Reprezantan zwazo Bèk fèr ki genyen nan tèt èy Brayan Nikohls ap mennen, antre nan peyi a 11 oktòb la anba lòd Depatmandeta, pou fè machekontre nan mitan politisyen tradisyonèl yo, pou trouve lòt zagoloray pou vin ranfòse kan mafya politik la, sou do pèp la.
Brian et Ariel

Anpil reyinyon reyalize nan otèl Pòtoprens, pou bay Brayan Nikohls okazyon distribye lòd ak menas sou tout kliyan politik ki ta ka fè rechinya. Men nan men ak Core-Gwoup, Brayan mete presyon pou l wè ki sa l ka trouve ki satisfè Wachintonn, pou l tounen lakay li. Sepandan, kòm ameriken yo toujou fè koken, nan chache envite politisyen san baz sosyal, ki nan mayon fèb politik la, pou enpoze volonte yo pi fasilman, machekontre sa p ap bay gran rezilta.

Nou konnen deja militan ki sou bit akonpaye revandikasyon mas popilè yo, p ap kwè nan pawòl tonton nwèl ameriken  yo toujou pote pou pèp domine yo.
Konsa, pasaj misyon sa pral jete konfizyon, nan brouye kat politik la sou teren an. Mèt neyokoloni an pral tire zòrèy kèk chèf Gang, ekate sèten patnè initil, pou kreye anbyans ki ka fasilite Core-Gwoup la enstale yon nouvo jiwèt nan tèt peyi a atravè yon lòt eleksyon bouyivide. Toutfwa, nou pa wè kouman oligachi a ak ameriken yo ki fin dekriye sou  tèren  politik la, pral jwenn mwayen pou fè mas popilè yo ki nan grangou, ki toutouni, abandone ni mobilizasyon ni peyi lòk la.
Tankou n konnen, kriz k ap frape Ayiti a pa date ayè. Orijin li trouve l nan zak asasinay kont-revolisyonè yo te fè sou Desalin nan, kote yo te vize mete akote mas ansyen esklav yo. Malgre rezistans peyizan Grandans yo anba lidèchip Goman ak jefò Anri Kristòf nan rwayòm Nò a, se pwojè antinasyonal Petyon, Bwaye ak oligachi epòk la t ap manniganse a, ki te enpoze tèt li nan peyi a.
Konsa, tout bèl lide sou edikasyon, sante, kilti, solidarite, souverènte ak yon  pwodiksyon nasyonal solid ki t ap pale sou Desalin ak Kristòf la te tonbe nan dlo. An 1825, ranson 150 milyon fran lò,  Lafrans te rache nan ponyèt peyi a anplis dwa komèsan franse te genyen, pou yo pat peye taks, te retire kontwòl ekonomi peyi a nan men dirijan politik ayisyen yo nan enterè etranje. Atitid antinasyonal oligachi kriminèl  la ki te touye Desalin nan,  te ekate tout chans pou peyi a te prepare nouvo lib yo, mete yo lekòl, ba yo fòmasyon pwofesyonèl, pou relanse pwodiksyon peyi a, pou Ayiti te pran wout batay pou modènite a.
An 1915, prezans ameriken yo te mete absè sou klou, lè yo te chwazi anfonse peyi a nan feyodalite. Yonfwa yo sou teren an, Etazini te prefere amenaje sistèm feyodal ak neyokolonyal franse yo te kite a, anfavè ameriken yo. Yo rann peyi a pi depandan, yo kontwole ekonomi ak politik la, yo pa mete ni lekòl klasik ni pwofesyonèl pou pèp la ta gen zouti pou l amelyore anviwònman sosyo-ekonomik peyi a, yo plase administrasyon peyi a anba ponyèt yo pandan yo t ap rann li dejou anjou pi aryere.  Yo te poze Tou baz pou yon santralizasyon administratif debride ki ta pway kreye yon mons gwo tèt san kò…
Jodi a, Ayiti toujou rete yon neyokoloni ameriken kote se yo k fè Bidjè, distribye franchiz san panse ak mwayen pou meri nan peyi a menm ranmase fatra. Pagen Bidjè pou lekòl fonksyone, pagen lajan nan Bidjè pou lopital yo mache, alewè lajan pou ta bouche trou nan wout ak nan ri gran vil yo.
Peyi a sou lagraba, jesyon ameriken yo ak oligachi  anti Nasyonal e anti popilè a  mennen Ayiti nan yon katastwòf, yon katchouboumbe, yon deranplenpanyen   Tèrib ki atake tout baz nasyon an nan tout nivo…
Se pou tèt sa, leve kanpe k ap fèt nan peyi a depi 2018 la, plase Ayiti fasafas ak enterè ameriken yo ak oligachi a, e lè pèp la denonse sistèm feyodal ak neyokolonyal la, li vize denonse dirèkteman dominasyon total ameriken yo sou peyi a depi 1915 lan.
     Kidonk Brayan, nan misyon l genyen pou l ta fè pèp  la dòmi an, gen anpil travay pou l fè akecCore-Gwoup la, pou l rive kase ren mobilizasyon an.
Brian et Fritz

Awogans ak mepri pou pèp ayisyen an, ki te karakterize desizyon ameriken yo, nan fòm yo te itilize pou enpoze Jovnèl kòm Prezidan malgre mobilizasyon peyi a nan peryòd eleksyon 2016 yo, te make yon tounan nan listwa rejim feyodal e neyokolonyal la an Ayiti.

Sosyete a nan ansanm li, wè nesesite denonse sistèm dominasyon sa, ki ba etranje dwa pou mete moun dirije peyi a, dwa pou yo fè Bidjè ak pran kontwòl gouvènans ekonomik peyi a. Mèt neyokoloni an ki te abitye regle kesyon politik yo ak senp kout fil telefòn, jodi a tonbe nan mamote, poze zak brital ak antidemokratik aklè ki mete yo toutouni nan je pèp la.
Anpil rezon ka èksplike nouvo reyalite sa: plizyè lidè tradisyonèl enperyalis la tekonn manipile, pagen vwa ochapit sou teren an ankò, akoz:
– Tan yo ki deja pase; anpil alye tradisyonèl enperyalis la nan sosyete sivil la,
– Anpil nan yo te  griye tèt a yo nan kout zo fòse ki te pote Jovnèl nan pouvwa a. Tout sa, konbine ak anviwònman sosyo-politik mondyal la, kreye kondisyon pou anpil nouvo aktè ki pa vrèman mare , pou lenstan, nan pye tab Tonton Sam emèje ak nouvo vizyon ak lòt anbisyon.
Donk, delegasyon Brayan nan, kondane pou l wè anbisyon l te genyen ki te gwo tankou bèf la, tounen yon ti sourit.
Se pou tèt sa, pwogresis yo dwe kontinye akonpaye mas popilè yo, fè yo wè ke sanblan volonte negosye ameriken yo montre a, se yon senp bouyon rechofe nan konpòtman yo toujou genyen pou toufe kriz tankou yo te toujou fè l.
Yo pral rale detwa grenn 5 ki  nan mobilizasyon an, pou ba yo kèk pòs minis ak dirèksyon jeneral pou fè kwè yo jwenn konsansis. Y  ap fè fo pwomès èd pou nouvo gouvènman ak anpil piblisite, pou eseye afebli kan popilè a pou fè jwèt marèl la rekoumanse.
Konsa, pèp  la dwe vijilan, pou l pa okipe l ak koze pòs k ap distribye, pou l rete branche sou mobilizasyon manch long lan, anndan pwosesis liberasyon peyi a.
Viv Inite nan kan pwogresis yo!
Viv Inite nan Kan Pèp la!
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè a!
Libète ou Lanmò.
PJ pou
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *