Misyon aparey Leta klass dominant yo nan peyi Dayiti bout, bout, fini!

Vwa Rezistans Popilè (No17).-

Misyon Aparèy Leta klass dominant yo Nan Peyi DAyiti bout, bout, fini…

F I = FI, N I= NI, FINI.

Rejim kolonyalis ameriken ap dirije nan tèt peyi a depi 1915 lan, pa yon loray kale ki tonbe bridsoukou sou tèt Ayiti. An 1492, lè espanyòl yo debake nan Mòl Sen Nikola, malgre karaktè sikonstansyèl ki te antoure vwayaj la, yo pat neglije fè yo akonpaye ak tout enstriman ki karakterize vyolans ak detèminasyon yon pwisans kolonyal. Yo te vini ak tout kalite zam: Fizi, lans, Gwo Epe, Fòs rejiman militè, Pè Legliz Katolik, Kwa ak lòt senbòl dominasyon ki te antre nan kò èkspedisyon an.

Atravè listwa limanite, fòs èksplwatè yo toujou bay tèt yo mwayen vyolan pou domine pèp èksplwate yo. Se pou tèt sa, klas dominan yo toupatou pral mete kanpe yon seri zouti dominasyon, kit sou plan entè n, ant klas dominan e domine, kit se nan yon kad pi jeneral kote dominasyon an fèt ant pèp dominan ak pèp domine. Zouti sa yo repati an 2 gwoup; Lame, Lapolis, Prizon, Jistis, Tribinal ak Administrasyon Piblik yon bò ak Legliz, Lekòl, Inivèsite, Sinema, Teyat, Liv, ONG, Pati Politik tradisyonèl, Sendika ki fèt pou sa yon lòt bò. Enstriman sa yo tout ansanm, ap kouri dèyè yon menm objektif; fòse popilasyon fèb (frajilize) yo aksepte sitiyasyon deplorab kote puisans kolonyalis ak oligachi yo rezève pou yo anba planèt la.

Ki sa zouti sa yo ye?
Nan sosyete deklas yo, pou Leta kenbe ekilib Inite ak korezyon nan mitan fòmasyon sosyal li, pou l pèmèt klas yo repwodui tèt yo, li bezwen itilize yon gwoup eleman represif ak ideyolojik ke moun save rele Aparèy Leta. Lame, Lapolis, Prizon, Tribinal, Administrasyon Piblik ak lòt tankou enpo osnon fiskalite sèvi kòm Aparèy represif Leta pou frape ak pini sa k pi fèb yo opwofi klas dominan yo, alòske enstriman pi soup tankou Lekòl, Inivèsite, Legliz, Laprès, Sinema, Teyat, Liv, Pati Politik ak Sendika jo n ki fèt pou sa, sèvi odepa pou ramoli konsyans popilasyon yo kòm Aparèy ideyolojik Leta.

Se rapò pwodiksyon anndan sosyete yo ki detèmine kijan Aparèy Leta sa yo dwe bouje nan mitan klas sosyal yo. Konsa, kòm Aparèy Leta yo la pou kenbe dominasyon klas ou fraksyon klas dominan yo, enben pou opere gwo chanjman defason pwofon nan sosyete a, pèp la kondane pou l brize Aparèy Leta reyaksyonè a demanyè radikal.

Ki misyon aparèy sa yo nan peyi dAyiti?
Tankou nan tout peyi sou latè, Aparèy Leta yo jwe wòl chyen baryè sistèm feyodal e neyokolonyal la nan peyi dAyiti. Legliz depi peryòd esklavaj jouk jounen jodi a toujou mande obeyisans ak pasyans kay mas eksplwate yo. Lekòl, Inivèsite ak kilti peyi a anba ponyèt etranje ki fè pwogram edikasyon peyi a nan tout esans li se pou fòje yon tip ayisyen ki andeyò tout reyalite sosyal peyi a. Se sa k fè chak entelektyèl Ayiti pwodui se yon lènmi anplis pou peyi a. Pou tèmine travay dezakiltirarasyon peyi a, enperyalis yo fè Ayiti tounen yon Repiblik ONG ki gen misyon kraze mouvman revandikatif mas popilè yo e rann peyi a pimal dejou anjou. Kanta Aparèy represif yo, yo rete anba ponyèt mèt neyokoloni an, ki pran dwa nome direktè Polis ak asistan l yo ki nan tèt direksyon PNH la, bay manm PNH yo za m, anbobine yo pou Polis la depann danbasad ameriken pou tout gwo desizyon yo. Ameriken fè ankèt nan lajistis peyi a, arete moun pou dwòg, nome moun ki nan gwo pòs nan Administrasyon peyi a pou finalman, se ameriken yo k ap dirije peyi dAyiti.
Kidonk, Tout Aparèy Leta ki nan peyi a, gen fonksyon kraze batay pèp la. Ameriken yo fè menmiz sou Aparèy represif yo. Yo kontwole Polis la delatèt opye, gangsterize l pou agrandi kapasite kriminèl li pou l pote plis nwizans nan mitan popilasyon an. Apre echèk swadizan misyon Nasyonzini yo ( Minista, Minijis, Binou elatriye), enperyalis la ap chache yon fòs represif efikas ki gen kapasite kontni kolè mas popilè yo. Devan demonstrasyon pèp la nan mobilizasyon manch long nan tan ki sot pase yo, mèt neyokoloni an pagen asirans ke fòs polis sa ka fè djòb la, se pousa yo mize sou Gang ame pou ride yo kraze brize nan peyi a. Aparèy ideyolojik yo pa totalman annamoni nan moman an ak pozisyon kriminèl enperyalis la. Legliz yo, kèk manm nan près tradisyonèl la ak lòt enstitisyon bay siy kèlke kontradiksyon ak eksè ki nan aksyon enperyalis la sou teren an jodi a. Sepandan, kontradiksyon yo twò fèb pou enkyete enperyalis la ki kwè yon ti pase men nan tèt, k ap ramne ajan l yo nan liy dwat li tankou jan sa te ye avan. Konsa, devan Gang ame ak ONG yo k ap sèvi baz sipò pou enperyalis la sou teren an, mas popilè yo dwe kontinye òganize yo nan yon kad pi disipline pou bay tèt yo lidèchip nesesè a pou yo pran etap siperyè a nan mobilizasyon an pou libere peyi a anba dominasyon ameriken ak Gang PHTK yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La !
Viv Òganizasyon Pèp La! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 14 mas 2022.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *