Milwaukee Bucks, nouvo chanpyon NBA a

Milwaukee Bucks, nouvo chanpyon NBA a

Pa Réginal Souffrant

Madi 20 jiye 2021 an, Milwaukee Bucks vin nouvo chanpyon National Basket Association (NBA) a lè li te bat Phoenix Suns 105-98 nan 6 match (sa vle di 4-2). Ewo seri a  se pivo Milwaukee a, Giannis Antetokounmpo ki te jwe yon sipèb 6èm rankont: 50 pwen, 14 rebon, 5 blòk. Kidonk, li make 47.62% pwen ekip la. Sa raple nou Michael Jordon!

Giannis Antetokoumpo (Pivo Mliwaukee Bucks la): Pi gwo jwé chanpyona: 50 pwen, 14 rebon, 5 blok.
Kareem Abdul-Jabbar, ansyen chanpyon ak Milwaukee Bucks nan lane 1971.

Koup sa marye ak anpil fòlklò. Remake: Vil Milwaukee a sanble renmen danse ak nimero 50: 1) Ekip la te chanpyon 50 lane avan (depi 1971) ; 2) Li genyen yon 2èm lòt kouwòn an 2021 gras a 50 pwen Giannis la ; 3) An 1971, òganizasyon sa te genyen NBA a gras a sipèsta Kareem Abdul-Jabbar ki te fèt nan peyi Nijerya ; 4)  An 2021, Milwaukee gen 2èm koup li sitou ak kontribisyon  Giannis _ zansèt a li soti Nijerya menm jan ak Abdul-Jabbar.

Se vre tout planèt la swiv match NBA yo, men Giannis limen yon boukan ki klere nan twa (3) kontinan. Dabò, kontinan meriken an kontan paske pi gwo chanpyona baskètbòl sa dewoule Etazini. Answit, Afrik ap woule tamtam lè nou konnen paran Giannis soti nan peyi Nijerya. Finalman, Ewop ap taye banda tou paske MVP konpetisyon an te fèt nan peyi Lagrès.

Sezon 2021an nan National Basket Association (NBA) a te reyèlteman patikilye nan tout sans. Se vre Milwaukee Bucks jwe ak anpil detèminasyon e te fini an 3èm pozisyon nan konferans ès la pandan sezon regilye a, men nou pa panse okenn obsèvatè te imajine ekip sa te ka sakre chanpyon (malgre tout respè nou genyen pou sakrifis « Bucks » yo.)

Akote baskètbol, gen yon leson nou tout ka aprann de viktwa Milwaukee Bucks la : Sakrifis ak espri koletif bay siksè. Malgre ekip la pa charye gwo non NBA yo, men èstil jwèt chak eleman yo konplete yonn lòt. E, jodi a, ekip la kouvri ake lorye ki pi prestijye nan NBA.

Yon rejiman ayibobo pou nouvo chanpyon yo !!!

 

Réginal Souffrant

 

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *