Michel Martelly, 18 me pa yon okazyon pou di betiz, fè betiz ak pase peyi a nan betiz!

Michel Martelly, 18 me pa yon okazyon pou di betiz, fè betiz ak pase peyi a nan betiz!

 

Drapo m, se mòso twal ble ak wouj sa ki fè m konnen ke m egal ak ou, men m lè ou refize kon n sa.

Drapo m, se mòso twal sa nan dat 18 me 1803 ke zansèt nou yo te kite pou ou e pou mwoin.

Drapo m, se mòso twal sa ke w kontinye ap mache sou li jan w vle, lè ou vle.

E ou men m envite moun n ki pa renmen nou vin n sapata ak pilonnen li tou, chak fwa yo vle.

Drapo m se mòso twal ble ak wouj sa ki fè fyète nou an tan ke pèp.   Se 2 mòso twal sa ke m te renmen wè ap flote jodi an tout peyi an tankou nan Plèn n ak nan Matisan. Men malerezman nou tèlman divize nan defan n ti enterê pèsonèl, nou kite se bandi ki ap deside ki drapo ki pou monte, e ki bò pou li monte..

Drapo m se manifestasyon ak mobilizasyon sa ki genyen lakay chak gren n ayisye ki pa bandi ak zam ou ak kostim ki ap goumen pou peyi sa chanje, e kèlke swa kote ke yo ap viv sou planèt lan.

Fèt drapo m, se pa sa ke yon apatrid ki fin n bay zam nan katye popilè pou nou touye youn, lòt, epi kounye an vin n ap mande pou n vin n selebre fèt drapo ak li kay Tonton Sam. Apatrid sa, pa konpran n senbolik ak enpòtans fèt sa.

Fèt sa twòp enpòtan pou nou, pou n ta kite yon imowal, awogan, konwonpi ta vin n kontinye ap di betiz, fè betiz, epi pase peyi an nan betiz.

Ou pa k ab nan alo tès, alo tès, ap akòde jodi an, epi w pwal dezakòde demen maten. Si se sa ke w te kon n fè, epi ou kontinye ap fè, ou pa vrèman jan m konpran n sa zansèt nou yo te vle fè 18 me 1803.

Erezman gen patriyòt ki ankò konpran n peyi sa ak drapo li. Donk bòn n fèt drapo ak yo tout.

Bòn n fèt drapo ak ou menm ki pat siyen move akò sou do pèp lan

Bòn n fèt drapo ak ou menm ki pat distribiye zam nan katye popilè yo

Bòn n fèt drapo ak ou menm ki pat volè kòb Petro Karibe an.

Bòn n fèt drapo ak ou menm ki pap vòlè, vyole ak touye moun

Bòn n fèt drapo ak ou menm ki ankò kwè nan senbolik 18 me 1803 nan Akayè.

Ochan pou ou Papa Dessalines

 

Prof.  Esau Jean-Baptiste

2 Comments

  1. Seri refleksyon sa Yo pote plus lumière nan sans fason neg ak fanm ap fè politique tête Anba nan peyi a…. Mwen rete kwè ansyen prezidan Martelly pa merite Bel dan kote lap reprezante Haïti paske li kontribye nan eta kritik Peyi a trouve’l ….antouka Seri mobilizasyon sa Yo kont ansyen prezidan Martelly se Yon act pozitif pou Di ni Non ak en intolerans

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *